This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Finansman esansyèl pou ti biznis yo paske li detèmine kapasite yo pou elaji lokal yo epi antreprann pi gwo pwojè. Pifò biznis bezwen anpil lajan pou kòmanse, sa ki fè yo souvan oblije konte sou pwòp lajan yo oswa sou èd fanmi ak zanmi. Gen kèk ki jwenn prè pou kòmanse, pandan lòt yo pase premye ane yo ak ti pwofi ak ekonomi limite. Men, antreprenè ki gen koulè rankontre lòt baryè ki anpeche yo jwenn prè tradisyonèl yo, sa ki anpeche yo reyalize rèv antreprenè yo menm jan ak lòt moun.
Nan Konte Kent, Michigan, kote Grand Rapids ye, youn nan priyorite WKKF yo, Grow ap bouche kèk nan twou sa yo lè l ap ofri prè aksesib bay pwopriyetè ti biznis k ap eseye fè biznis yo grandi men ki te rejte plizyè fwa oswa ki pa t janm panse aplike paske yo kwè pretè tradisyonèl yo p ap aksepte yo.
“Nou egziste paske yo te kite moun deyò sistèm finansye tradisyonèl yo, e souvan se fanm sèl, chèf fanmi, moun ki gen koulè, moun ki gen antesedan pwofesyonèl ki pa tradisyonèl, oswa menm moun ki gen nivo konpreyansyon diferan,” Milinda Ysasi, direktè jeneral Grow a te di.
Selon done sou ti biznis 2021 ki soti nan Federal Reserve System, biznis moun ki gen koulè te gen mwatye chans an mwens pase biznis moun blan yo pou resevwa tout finansman tradisyonèl yo te mande. Pou kominote ki gen koulè yo, diskriminasyon sa a pa nouvo. Pandan deseni, bank Ameriken te refize bay moun ki gen koulè ipotèk ak prè.
Nan lane ki sot pase a, Grow te distribiye 1,245,700 dola nan 84 prè, ak yon mwayèn prè 29,000 dola.
“Souvan, moun k ap chèche prè 50,000 dola oswa mwens pa kalifye nan bank tradisyonèl yo akoz kritè prè yo ak modèl biznis yo. Altènativ yo jeneralman se kat kredi ak enterè wo oswa prè sou salè ki predatè,” Ysasi eksplike.
Sa ki te kòmanse kòm yon òganizasyon ki te konsantre sou sipòte fanm antreprenè plis pase 35 ane de sa, te tounen yon Enstitisyon Finansye pou Devlopman Kominote / Community Development Financial Institution (CDFI) pou finanse ti biznis yo te ekskli nan finansman tradisyonèl, san gade sèks yo.
“CDFI yo pa egziste jis pou prete lajan, men yo te kreye tou pou gen yon angajman kominotè oswa ekonomik ak lajan n ap bay pwopriyetè ti biznis yo – menm pwopriyetè sa yo ki pran sou yo responsablite tèlman gwo sa a pou dirije yon biznis,” Ysasi te di.
Youn nan pwopriyetè biznis Grow te sipòte se Seve Hernandez, direktè jeneral ak kofondatè FCF Drywall. Anvan li menm ak madanm li Irene Hernandez louvri pwòp biznis yo senk ane de sa, Seve te pase tan l ap vwayaje nan tout eta a, l ap travay nan divès konpayi konstriksyon, epi l ap aprann anpil bagay sou konstriksyon, chapant, drywall ak renovasyon.
“Senk ane de sa, mwen te deside louvri FCF Drywall ak konpetans mwen te jwenn nan divès lòt travay yo,” Hernandez di. “Objektif mwen te eseye kreye yon konpayi ki te reyini ansanm tout sa m te aprann.”
Biznis fanmi an gen ase moun pou fè pi gwo pwojè men Hernandez di pandan lontan yo te limite nan sa yo te kapab fè akoz pwoblèm finansman.
Pou Hernandez aksepte yon kontra ak yon kontraktè jeneral, li bezwen gen ase lajan nan bank pou l kapab finanse tout pwojè a davans anvan li resevwa pèman.
Menm si konpayi ki angaje a bay yon sòt de vèsman inisyal, Hernandez responsab pou kouvri rès frè konstriksyon an jiskaske travay la fini epi li ka resevwa rès pèman pou pwojè a. Frè davans yo ka monte rive 50,000 dola, sa ki reprezante yon gwo defi pou li kòm pwopriyetè yon ti biznis k ap chèche fè pwojè ki bay pi gwo maj pwofi.
“Nou bezwen kapital la pou nou kapab fè pwojè yo, lwe ekipman yo epi achte materyèl yo, e si m pa gen kapital sa a, m pa ka pran okenn pwojè,” Hernandez te di.
Lè Hernandez te premye fwa konekte ak Grow, li pa t gen yon plan biznis ekri, yon fason ofisyèl pou prezante biznis li bay pati ki enterese yo, ni yon deklarasyon pwofi ak rantre soti lajan ki montre depans ak pwofi li yo.
Jiska lè sa a, li te jere san yo, men li t ap gen difikilte jwenn kapital pou fè pi gwo pwojè.
“Mwen te gen plan solid pou biznis mwen, men yo tout te nan tèt mwen,” Hernandez eksplike. “Se lè m te vin Grow ke m te reyèlman kapab chita epi ekri ki plan biznis long tèm mwen pou FCF Drywall.”
Nan Grow, Hernandez pa t sèlman resevwa resous ak fòmasyon pou devlope yon plan biznis, men li te aplike avèk siksè tou pou kapital li te bezwen pou fè pi gwo pwojè konpayi an jiska jodi a.
“Peman chak mwa mwen kalifye pou yo yo pi abòdab pase sa m ta kapab jwenn nan bank lan,” li ajoute. “Liy kredi m gen nan bank lan gen yon to enterè 12%, men nan Grow la anviwon 4%, kidonk li te pi pratik pou m pase pa Grow pase bank lan.”
Kapital sa a te pèmèt Hernandez aplike pou lòt travay kontra pandan menm tan li t ap fè pwojè a li te finanse ak prè Grow la. Anplis, li te resevwa atansyon pèsonalize youn ak youn an Panyòl, lang kote li santi l pi alèz pou kominike.
“Anvan m te menm kòmanse pwòp biznis mwen, mwen te oblije ekonomize pandan twa ane jis pou m gen ase lajan pou m pran pwojè,” li di. “Lajan ki soti nan Grow ede m evite gen pou m tann anvan m te ka pran lòt pwojè.”
Depi li te konekte ak Grow, Hernandez vin akredite pa Better Business Bureau, sètifye pa Micro Local Business Enterprises ak Michigan Housing Development Authority kòm kontraktè pou lojman Section 8
Pandan biznis li ap grandi, Hernandez ap tann avèk anpil antouzyas jou li ap fè dènye pèman sou prè Grow li a, konfyan li konnen kote pou l tounen si li janm bezwen yon lòt prè.
Sipòte biznis tankou sa Hernandez genyen an se yon fason finansman Fondasyon W.K. Kellogg (WKKF) ap travay pou asire tout fanmi ak timoun yo ka pwospere, Tracie Coffman, ofisye pwogram WKKF, te di.
“Timoun yo viv nan kay ak fanmi yo ak adilt, e adilt sa yo bezwen gen aksè ak opòtinite ekonomik pou yo sipòte timoun yo,” Coffman te di. “Timoun nou yo pa ka pwospere si fanmi yo ap viv nan povrete epi gen yon vid richès rasyal ki tèlman gwo.”
Nan lane 2027, WKKF ap fini pa envesti 1 milyon dola pou sipòte prè biznis Grow pou antreprenè yo.
Done ki soti nan Institute for Women’s Policy Research 2023 montre fanm Nwa nan Michigan touche 57% mwens pase patnè gason Blan yo, sa ki reprezante yon vid plis pase 20,000 dola pa ane.
“Nou wè antreprenarya kòm yon opòtinite ekonomik pou fanmi yo, men tou kòm yon kreyasyon richès potansyèl,” Coffman di. “Antreprenè ak pwopriyete kay se de chemen pou kreyasyon richès.”
Pandan biznis Latino tankou sa Hernandez genyen an te depase biznis moun Blan yo nan kwasans revni selon rapò Stanford 2022 State of Latino Entrepreneurship, yo gen to apwobasyon prè ki pi ba pase patnè Blan yo.
Menm jan an tou, pwopriyetè biznis Nwa gen plis chans pou fè eksperyans mobilite ekonomik desandan epi yo gen mwens chans pou fè eksperyans mobilite montan konpare ak patnè Blan yo selon yon etid 2021 ki soti nan Journal of Economics, Race, ak Policy.
Sa sijere amelyore to siksè antreprenè Nwa ak Latino yo, olye ogmante vitès kote moun Nwa ap vin antreprenè, se yon apwòch ki pi efikas pou redui vid richès rasyal ak etnik la.
“Nou bezwen yon ekosistèm solid ki gen plizyè opòtinite prè ak opsyon pou ti biznis yo pou yo ka chwazi ak kilès yo alèz epi ki gen pi bon pwodwi pou yo,” Coffman di.
Pami moun ki prete lajan nan Grow yo, 71% idantifye kòm moun ki gen koulè, ak 36% ki idantifye kòm Nwa, 33% kòm Ispanik oswa Latino, ak 2% kòm Ameriken Azyatik. Endistri prensipal yo reprezante se sèvis manje, komès detay, konstriksyon ak transpò.
Aksè ak finansman se yon fason pou asire antreprenè yo ka gen siksè nan long tèm selon manadjè prè Grow, Ben Oliver.
“Pwopriyetè biznis yo ap vin jwenn nou apre yo te gen move eksperyans ak enstitisyon prè tradisyonèl yo epi yo pa konnen sa yon CDFI ka fè pou yo,” Oliver di. “Nan Grow, nou vrèman konsantre sou fè prè responsab.”
Yon prè responsab, selon Oliver, se youn ki asire pwopriyetè biznis la gen kapasite nan moman aplikasyon an pou ranbouse prè a san yo pa twò chaje. Grow souvan ofri prè ki varye ant 500 dola ak 50,000 dola pou antreprenè yo, ak yon limit minimòm ki raman desann anba 5,000 dola.
“Paske pifò biznis nou travay avèk yo se biznis ki fenk kòmanse oswa ki nouvo, nou gade rantre soti lajan yo endividyèlman ansanm ak biznis yo,” Oliver di. “Sa vle di nou gade depans kay yo, dèt pèsonèl ak biznis yo, ansanm ak depans biznis yo ak sous revni yo.”
Pou Grow, se pa jis bay biznis yo kapital sa, se bay resous ak konesans tou pou antreprenè yo ka gen siksè nan lavni. Se tou sou asire pwopriyetè biznis la kapab ranbouse prè yo epi Grow ka kontinye fè plis prè pou lòt antreprenè yo.
“Sa nou dekouvri se, apre nou fè prè a, se vrèman lè sa a enpak la kòmanse e lè nou mete kapital sa a an aksyon,” Oliver di. “Nou vle ede antreprenè a fè enpak yo te vize fè a ak kapital yo te resevwa a. Sa vle di gen yon relasyon ak yo epi nou se yon resous yo ka fè konfyans pandan tout lavi prè a ak pi lwen pase sa.”






Comments