Angajman Kominotè

Pouvwa transfòmasyon filantwopi anba lidèchip lokal an Ayiti

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan tout Karayib la, tradisyon jenewozite yo gen rasin depi lontan nan yon bagay ki pi pwofon pase kontribisyon finansye. Yo chita sou relasyon ant fanmi, vwazen ak kominote ki pataje yon angajman pou bati yon pi bon avni ansanm.

“Poumoun Karayib yo, se fanmi ki konte, se relasyon ki konte, se istwa ki konte, se ko-kreye avni an ansanm ki konte, epi se bati yon eritaj ki konte,” Carla Thompson Payton, chèf estratejis ak ofisye enpak nan Fondasyon W.K. Kellogg (WKKF), te di.

An Ayiti, filantwopi kominotè parèt nan plizyè fason epi li se souvan premye kalite repons lè defi parèt, soti nan vwazen ki mete resous yo ansanm pou konstwi yon wout rive nan kiltivatè ki mete manje ak semans ki pwodui lokalman disponib pou kominote yo.

Deplase pouvwa, chanje pèspektiv

Nan mwa fevriye 2026, patnè WKKF ki soti Ayiti ak lòt kote nan rejyon an te rasanble nan Kingston, Jamayik, pou reyinyon Future Forward Caribbean Philanthropic Alliance lan. Konvèsasyon yo te konsantre sou fason pou pote plis resous an Ayiti ak fason pou itilize resous sa yo nan yon patenarya reyèl ak kominote yo pou ranfòse kontwòl lokal ak kapasite pou kenbe sou lontan.

Nan sant konvèsasyon sa a te gen yon lide senp men pwofon: Chanjman ki dire mande konfyans.

“Chanjman ale ak menm vitès ak konfyans,” Dana François, ofisye pwogram nan WKKF, te di. “Li pa fèt anba presyon. Li fèt lè relasyon yo fin bati.”

Ak kisa sa sanble lè kominote yo dirije

Nan tout Ayiti, chanjman sa a deja ap fèt.

Nan zòn riral yo, kiltivatè yo ak òganizasyon lokal yo ap bati sistèm agrikòl ki sipòte fanmi riral yo finansyèman pandan y ap ogmante souverènte alimantè pou timoun yo ak kominote a an jeneral. Sa ki te kòmanse kòm efò separe te grandi vin tounen rezo ki sèvi plizyè milye kiltivatè epi ranfòse ekonomi lokal yo.

Yon lòt kote, kominote yo ap òganize yo pou satisfè pwòp bezwen yo lè yo mobilize resous yo, travay yo ak lide yo pou kreye solisyon ki reflete reyalite pa yo.

“Yo mete lajan yo ansanm, men yo ansanm. …Yo bati l moso pa moso,” Guerda Nicolas nan Ayiti Community Trust te di, pandan l t ap dekri yon wout manm kominote yo te bati. “Sa montre… yo pa jis ap tann. Yo ap avanse ak pwòp lide pa yo.”

Nan yon pi gwo echèl, kolaborasyon ayisyen yo ap demontre sa sistèm kowòdone anba lidèchip lokal ka reyalize.

“Ou gen plis pase 16 òganizasyon k ap travay ansanm nan direksyon yon sèl vizyon. …Kiltivatè ayisyen k ap vann epi bay timoun ayisyen manje ki pwodui 100% lokalman,” François te di, pandan l t ap dekri Haiti Food Systems Alliance (Alyans Pwodiksyon Lokal), yon inisyativ sistèm nitrisyonèl ap grandi. “Dirije pa Ayisyen, fòme pa Ayisyen pou avni Ayisyen.”

Wòl filantwopi nan yon modèl kominote a ap dirije

Pou moun k ap bay finansman, modèl filantwopi sa a vle di envesti nan relasyon ak sipòte sistèm alontèm olye de pwojè kout tèm. Sa vle di tou rekonèt kominote yo gen vizyon, yo pote konesans, ekspètiz, eksperyans ak solisyon ki ka soti sèlman anndan kominote yo. Lè filantwopi koute, epi akonpaye lidèchip sa a, li vin pi efikas.

“An reyalite, mwen pa renmen mo ‘enpak’ nan filantwopi paske ‘enpak’ vle di yon bagay nou enpoze yon lòt moun,” Karen Ansara, fondatè Ansara Family Fund ak prezidan konsèy administrasyon Network of Engaged International Donors (NEID, Rezo Donatè Entènasyonal Angaje), te di. “Olye de sa, nou ta dwe di nou vle ogmante inisyativ pa ou, lidèchip pa ou, e non pa enpak pa nou.”

Panse an jenerasyon, pa an sik sibvansyon

Gen yon elan k ap grandi atravè Ayiti ak Karayib la pandan rezo òganizasyon yo aliyen, kominote yo ranfòse pwòp sistèm pa yo, epi patenarya yo fòme nan nouvo fason.

Sa yo se “pòch espwa” (pockets of hope) ki montre yon avni diferan: yon avni kote timoun, fanmi ak kominote yo pwospere paske se yo menm k ap fòme avni sa a.

Pou moun k ap bay finansman ak patnè yo, chemen an klè: mete pouvwa a kote l dwe ye, bati konfyans ak envesti nan enstitisyon ak lidèchip ki deja egziste.

An Ayiti, se ak yon metafò senp nou ka pi byen dekri vizyon alontèm sa a.

“Nou tout gen yon pye mango… paske yon moun te plante mango sa a,” Guerda te di. “Kesyon an se… nan ki mezi n ap bati pye mango pou pwochen jenerasyon an ka manje?”

10 leson nou tire nan premye Festival Every Child Thrives

Previous article

Comments

Comments are closed.