This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
An 2016, medam nan komin Chemax, Chikindzonot, Halachó, Kinchil, Mayapan, Tekom, Tixcacalcupul ak Yaxcabá, nan eta Yucatán, te kreye yon rezo fanm Maya k ap fè pwomosyon jistis. Fondatè yo te gen eksperyans nan domèn fanmsaj, masaj medikal, devlopman kiltirèl, ak espò.
Rezo a gen kòm objektif pou konstwi patenarya, koneksyon ak lekòl, sant swen sante, gouvènman an, ejido (tè agrikòl an komen) ak otorite jidisyè yo pou kontwole, refere epi bay sipò dwa moun a tan pou medam k ap sibi vyolans yo.
Òganizasyon Centro Alternativo para el Desarrollo Integral Indígena (Sant Altènatif pou Devlopman Endijèn Konplè) ak Equis Justicia para las Mujeres (Equis Jistis pou Fanm) te fòme reprezantan rezo yo sou dwa yo, pwoblèm sèks, vyolans sou fanm, lwa ki pwoteje medam yo ak diferan pwosesis legal ki fèt nan sitiyasyon divòs, ranpli pou asistans finansye oswa voye yon plent pou vyolans.
Manm rezo yo sèvi ak fòmasyon an ak pwòp eksperyans pa yo pou gaye konesans sa a bay lòt medam nan kominote yo ak bay otorite gouvènman ak jidisyè yo pou montre yo fason pou yo pran swen medam ki sibi vyolans yo.
Comments