EdikasyonEkite Rasyal

Yon chen ki pèdi ak yon chante rosiyòl pou sove lang Maya yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Yo fete jiska 5 oswa 6  è maten, de oswa twa fwa pa semèn. Pafwa, lè l fin kite fèt la, Didier Chan ale tou dwat nan kou, ak tout chemiz payèt vèt li te mete nan fèt la. Sepandan, Didier te ale nan fèt yo se pa pou l danse oswa selebre, men pou l travay. Li te jwe piyano e li te  chante nan koral gwoup Bombazo Musical la, yon travay ki te pèmèt li peye pou edikasyon nan fakilte l.

“Mwen souvan te ale lekòl ak rad gwoup la sou mwen, ak tout dòmi an nan je m. Mwen te pote valiz lekòl mwen kote m al jwe yo e m pote piyano m nan lekòl la». Se sa Didier sonje tout pandan l ap ri. Se te an 2009, e l te pran kou Lengwistik ak Kilti Maya nan Universidad de Oriente nan Valladolid. La a, Didier Argelio Chan Quijano, kounye a li gen 36 an, te reve pou l pwoteje lang Yucatec Maya a nan sidès Meksik, yon kategori lang moun konnen sou non Maayat’aan.

Lè w gen yon rèv sa mande pou w gen yon volonte. Sa mande pou w imajine ou ka nan yon monn ki ale pi lwen pase sikonstans k ap menase w, nan yon nouvo direksyon… e reyalite a sèke lang Maya t ap disparèt nan Yucatan e sa te bay gwo enkyetid. Dapre Enstiti Nasyonal Estatistik ak Jeyografi Meksik la (INEGI), 29.6% nan moun Yucatan te pale lang nan an 2010, men pousantaj sa a bese nan 23.7% rive 2020. Diminisyon sa a reprezante yon “ris mwayen pou disparisyon” Maayat’aan (Yucatec Maya), dapre Enstiti Nasyonal pou Lang Otoktòn Meksik la (INALI). Chif yo montre yon lang disparèt se pa sèlman nan mitan granmoun yo, men tou nan mitan jèn ak timoun, e sa bay gwo enkyetid. E lè nouvo jenerasyon yo pa pale lang nan, li riske disparèt.

Táan u méek’ik u ka’achiich tumen leti’ u mootsil le t’aano’ ([Rodolfo] anbrase grann li ki gen 88 an, [Anastacia], ki gen nanm li anrasinen nan lang nan).

Plizyè milye moun sispann pale ansyen lang sa a, epi, “lè w pèdi yon lang, ou pèdi yon fason pou w wè, entèprete ak viv nan monn nan”. Ou pèdi yon fason presi pou w bay bagay yo non, kote ak santiman, epi ou pèdi kapasite pou w kominike ak granmoun ki pi gran ki pale Maya yo. Idantite a ak diferan ekspresyon kiltirèl lang nan te pwodwi vin bese, epi gen yon mank ankourajman pou patisipe nan abitid oswa festival ki ta kreye yon sans kominote.

***

Leti’ob yéetel tene’, táan ik bonik u beejil uti’al u kuxtal maaya t’aan (N ap kreye mwayen pou n retounen ak lang Maya).

Didier te imajine rèv li ak fason pou l rive la a. Premyèman, ak anpil refleksyon, li te ajoute chante Maya nan lis Bombazo Musical la. Gen kèk nan chante li te konpoze yo ki te vin popilè chak swa. Apre sa, li te patisipe nan yon pwojè rechèch akademik epi li te anseye plizyè santèn etidyan kou lang Maya. Sa pa gen twò lontan depi l te vin ap milite nan kesyon teknoloji pou timoun ak adolesan.

Li te youn nan benefisyè pwogram Rising Voices la, pwojè mondyal ki bay $2,500, ansanm ak sipò ak ankadreman, pou aktè lokal ki soti nan ti kominote yo pou pwoteje lang otoktòn yo pa mwayen zouti nimerik. Rising Voices te kòmanse sipòte militan nan kesyon teknoloji k ap milite pou divès lang otoktòn nan Amerik Latin nan an 2014. Nan dènye ane yo, li te konsantre sou ankouraje patisipasyon aktè lokal ki pale lang Maya nan sid Meksik, entegre yo nan rezo aktivis ki pi laj nan rejyon an.

Nan ane 2022 ak 2023, Rising Voices te bay 20 mikwo sibvansyon pou konpayon yo nan Penensil Yucatan ak Chiapas atravè pwogram Mayan Languages Digital Activism Fellowship Program. Lorenzo Itzá, youn nan responsab òganizasyon an nan Meksik, esplike pwojè yo gen ladan l emisyon radyo kominotè, kou lang siy, pwodiksyon emisyon deba, kreyasyon liv nimerik, ak aprantisaj li ak ekri. Moun yo chwazi yo jwenn ankadreman pandan tout pwogram nan gras a konseye kominotè ki sèvi ak sesyon anliy pou gide yo nan reyalizasyon objektif yo. Itzá ajoute sesyon sa yo gen sesyon gwoup vityèl ki fèt chak mwa pou pataje pwogrè yo te fè ki vin apre yo. “Yo se sesyon echanj konesans, kote ou pataje sa ou konnen sou lojisyèl, metodoloji ansèyman, itilizasyon Adobe, modifikasyon nan videyo oswa kèlkeswa sa w konnen”. se sa Itzá di. 

Janvye ki sot pase a, pwogram nan te òganize premye aktivite sou aktivis nan Mayan Languages Digital Activism Summit nan Merida, ak konferans, rankont ak atelye ki pwograme pou benefisyè yo ak envite yo pandan senk jou. Sasil Sánchez Chan, lòt responsab Rising Voices nan Meksik, esplike se konsa y ap aprann ak kreye rezo ak yon kominote sipò ki pral fè l pi fasil pou aktivis nan kesyon teknoloji sa yo kontinye ak pwojè yo poukont yo kou pwogram nan fini. Didier remake sesyon gwoup yo ak aktivite te non sèlman ede l aprann nan men kòlèg li yo sou yon zouti ki itil pou travay li, men tou sa te ede l konprann li pa poukont li e lòt moun menm jan avè l yo gen preyokipasyon tou e yo devwe pou pwoteje lang otoktòn yo.

Didier chante pawòl ki nan chante l yo nan lang Maya: K’aay yéetel paax, u ja’il uti’al u jóoyabta’al maaya t’aan,” [Chante ak mizik, dlo ki nouri lang Maya a], yon konparezon ak efò y ap fè pou yo ranfòse lang matènèl yo.

Pwojè Didier a te gen ladan l timoun ki prèske rive nan laj adolesans ki te ekri istwa epi itilize efè espesyal pou fè desen yo tounen videyo, yo rakonte nan lang Maya. “Li pa fasil pou w jwenn dokiman nan lang Maya sou entènèt la, se sa ki fè m entèrese nan gwo pwojè sa a”. Se sa a Didier te di.

Nan pèfòmans li lè l te chante In waalak’ peek’ (chen mwen), Didier chante ansanm ak ti fi ak ti gason nan gwoup li a, “Yaan ten tin wotoch, juntúul in waalak’ peek’ sáansamal kin ts’áaik u yo’och , tumen ku kanáantiken” (Mwen gen yon chen lakay mwen; mwen ba l manje chak jou paske li pran swen m).

***

Tixhualactún se yon ti vil trankil nan komin Valladolid, kote Didier te kòmanse pwojè a. Nan apremidi, timoun yo jwe sou plas piblik la, medam yo chita sou ban ki deyò boutik yo oswa lakay yo ap pale, epi mesye yo rasanble sou plas la apre uitè nan aswè, apre yo fin travay nan jaden yo.

Sou mi yo ak poto nan espas sa yo e pandan timoun yo ap ri e medam yo ap pale, Didier fè konnen ide l ak postè ak yon megafòn: « N ap chèche timoun ki vle rakonte istwa nan lang Maya! ». N ap chèche timoun ki vle rakonte istwa nan lang Maya!” Paran Fredy, ki gen 12 zan, te voye l peye fakti kouran an. Li t ap mache bò kote Didier ak madanm li, Sánchez Tuz, sou plas la e l te vle konn plis epi li te kanpe pou l mande enfòmasyon. Apre sa, li ale lakay li pou l mande pèmisyon.

Li rele José Alfredo Uicab, men tout moun rele l Fredy. 27 jen sa a, li parèt sou yon wout ki pa gen anpil limyè, kote gen pyebwa ki antoure l. “Chak fwa nou wè l, li fè yon komisyon”. Didier fè blag ak sa lè li jwenn li ak yon sachè ki gen ze ak lèt ​​pou dine. Fredy vin timid epi li kache dèyè manman l, mwen mande pèmisyon pou fè entèvyou ak yo toude.

“Ki lè l ap ye konsa?” se sa Cecilia Choc, manman an, mande konsènan entèvyou a

“Bò sizè konsa. Èske lè sa a bon pou ou?» Mwen mande Fredy.

“Yaan nan bin xook”. Se sa a Fredy di toupiti nan lang Maya, pandan l kenbe jip ki nan hipil (rad tradisyonèl Yucatan) manman l lan.

“Li di li ale lekòl nan lè sa a». Se sa Cecilia entèprete.

“Non, men se 6 è  aprèmidi”

Li di: “Ohhh”, pandan l te soulaje epi l souke tèt li pou l di wi.

Repons lan etonan. Lè Didier ak Fredy te rankontre sa gen ennan, li pa t vle pale Maya, yon bagay ki rive souvan nan mitan moun nan nouvo jenerasyon yo, ki prefere Espanyòl. Kounye a, li pale l chak jou, omwen ak fanmi l. Didier te ba yo yon ti leson Maya e li te ankouraje yo pale l antre yo pou yo ka fè sa vin nòmal e yo te konnen yo te kapab pataje l ak lòt timoun paske lang moun pa pale disparèt. “Sa yo te manke se itilizasyon sosyal lang Maya a”. Se sa a Didier di.

Rodolfo (agòch) te ekri “U naajil u chiich” (Kay grann Chapewon Wouj la). José Alfredo “Fredy”, ki anlè pye bwa a, montre desen K’áax (mòn) li an nan kad istwa l ki rele Juntúul chan peek’ (Yon ti chen). José “Chucho” (nan mitan) te fè desen (chan mayi). Istwa l la, ki gen tit “kéej yéetel t’u’ul” (sèf la ak lapen an), e Blanquita montre desen an, “Xa’anil naj” (kay ki fèt ak guano), kamarad klas li Ángela te fè.  

Eta Meksiken an te efase diferan lang matènèl nan politik metisaj li yo.
Malgre Konstitisyon Federal Meksik la mande pou fè pwomosyon pou lang otoktòn yo, epi Kongrè Yucatan nan te pase yon lwa ki fè li obligatwa pou anseye lang Maya a nan edikasyon debaz epi deklare l kòm yon Eritaj Kiltirèl Ki Pa Materyèl an 2019, se efò jèn tankou Didier ki angaje popilasyon an nan rekiperasyon lang yo.

Nan premye pati pwojè a, Didier te mande Fredy ak kat lòt ti gason yo pote yon istwa ki soti nan kominote yo oswa fanmi yo. Yon bagay li te panse ki te senp te vin tounen yon pwoblèm. Men sa Adriana Sánchez ki se yon espesyalis nan kesyon lang tou, di: “Nou te konprann moun pa rakonte istwa isit la ankò”. Piske Fredy pa pale Maya byen, yo te ba li yon ti istwa, “konsènan yon chen ki pèdi nan mòn yo epi ki reparèt apre kèk tan”. Se sa Fredy te di. “Yo ba l dlo ak pen tòtiya. Epi se la li fini»

Fredy renmen ale nan chan mayi yo; li konnen anpil bagay sou diferan varyete mayi ak lòt grenn nan peyi a. Paran l yo ap anseye l sou travay Maya milpa a ki gen anpil valè, yon sistèm pwodiktif byokiltirèl konplèks ki sipòte pwodiksyon manje debaz pou fanmi yo nan teritwa Maya nan Penensil Yucatan.

Nan etap de, timoun yo te fè desen peyizaj la ak pèsonaj li yo. Nan etap twa, Didier anrejistre vwa timoun yo ki rakonte istwa yo nan Maya. Katriyèm etap la, k ap fèt nan moman an, se aplike teknik “efè espesyal” la, fè foto pèsonaj yo nan yon pozisyon, apresa nan yon lòt, pou lè ankadreman yo ansanm, yo sanble reyèl. Kou l pare, yo pral mete yo sou chèn YouTube Yucatec Mayan Language and Culture la. Videyo “In waalak’ peek’” la sou li ak chante Wilfrido Dzul konpoze e Didier jwe, menm jan nan tan li kòm Bombazo Musical, chante ak amonize ak gita l. Gentan gen 72,000 enpresyon.

Rèv Didier se pou lang li rete vivan, pou moun tande l, panse ladan l, epi ki ka egziste nan li. Rèv li se pou lang li konekte istwa ant granparan ak anfans ki prezan kote yo pa souvan li oswa tande, tankou entènèt la.

Kopchén: Anrejistre yon Wosiyòl pou sove lang Maya a

Carlitos sispann pale epi l koute. Lè yo remake sa, frè l ak papa l fè menm jan an e kay la fè silans. Li se yon joupa Maya nòmal: ki gen anpil espas, ak yon etaj an tè byen aplati, yon plafon an palmis ki trese ak mi an bwa kote lè fre a, bri deyò ak reyon solèy la klere, klere figi Carlitos pandan l ap koute chante zwazo yo ak anpil atansyon bò kote nou.

“Sa ki nan pa dèyè a se yon rosiyòl”. Se sa a Carlitos konfime. Carlos Manuel Kumul Chablé gen 13 an. Li kosto e li gen je bride ak cheve l ki gaye. L ap patisipe nan yon lòt pwojè pou sove lang maya, ki te kòmanse ak atelye ekriti debaz men li te tèlman gen enpak yo te agrandi l. Pami lòt bagay ki gen nan pwojè a nan moman an, gen yon liv odyo nan lang Maya sou ti zwazo ki soti nan kominote kote li fèt la: Kopchén, nan Felipe Carrillo Puerto, Quintana Roo.

Kilian pèsonifye yon sèf yo rele ‘kéej’ nan Maya.
José Miguel se yon moun ki konn zwazo byen. Li pèsonnifye yon Chujum, ki se yon pik.

Frè ak sè Carlos ak José Miguel Kumul Chablé, ki gen 13 ak 12 lane, gen yon bon zòrèy pou idantifye zwazo paske yo abitye avè yo. Kopchén antoure ak forè Maya a ak kokennchenn divèsite byolojik li yo. Yo te aprann tou idantifye chante zwazo lè yo ale ak papa yo al rekòlte legim nan jaden an.

Kopchén se yon vil riral 40 kilomèt distans ak Carrillo Puerto, e li gen yon popilasyon ki gen 80% moun ki pale Maya – plis pase mwayèn rejyonal la. Rodrigo Petatillo, ki gen 31 an, yon etidyan doktora nan pwogram Lengwistik Endo-Ameriken nan Center for Higher Research and Study in Social Anthropology, te fèt isit la.

Rodrigo, José Miguel, Dylan, Carlos Manuel, ak Kilian fè pati pwojè Rising Voices pou ranfòse Maayat’aan.

Menm jan ak Didier, Rising Voices te chwazi Petatillo pou ranfòse Maayat’aan. Li pwopoze pou kreye ti videyo nan lang Maya pou lage sou rezo sosyal. Li te travay ak 17 timoun ak adolesan, li te montre yo sèvi ak zouti teknolojik ak nimerik pou fè anrejistreman, transkri fichye odyo, tradui yo ak mete soutit yo an Espanyòl ak Anglè. Videyo yo gen ladan l vokabilè, ekspresyon chak jou, adjektif e menm fraz ki difisil pou pwononse.

“Yaan uje’ yúuyum yáanal ya’, yáanal ya’ yaan uje’ yúuyum”. Se sa Carlitos di nan youn nan 12 ti videyo yo. Li ka tradui konsa: “Gen yon ze oryòl anba sapoti a, anba sapoti a gen yon ze oryòl”. Kirye. Oryòl Moctezuma a mansyone nan Nòm Ofisyèl Meksiken NOM-059 la kòm yon zwazo ki fè fas a ris pou yo disparèt. Zwazo ak lang Maya yo lye ak menm menas: yo diminye e yo ka menm disparèt.

Nan Quintana Roo, popilasyon Maya ki pale lang nan pi piti pase nan Yucatan e l ap bese. Dapre INEGI, 16.7% nan popilasyon eta a te pale lang nan an 2010, desann nan 11.6% an 2020. E pifò moun ki pale l pa ekri l, sa ki fè li enposib kite yon tras ekri nan istwa yo, dapre sa Petatillo di.

Dapre José Ángel Koyoc Kú, yon istoryen ki espesyalize nan estrateji ranfòsman lengwistik, diminisyon sa a ka esplike, an pati, akoz pa gen nouvo moun ki pale lang nan. “Gen kote nan rejyon an kote moun ki pale Maya yo se sèlman granmoun, moun ki pi granmoun yo”. Lefètke timoun yo sispann pale l se yon siy ki bay enkyetid e ki grav ki montre lang nan ap disparèt, se sa l di. Met sou sa, Yucatan pa gen okenn espas espesyal kote se sèlman Maya yo ka pale, donk moun ka viv pandan y ap pale Espanyòl oswa Anglè, olye se pou Maya sèlman. Koyoc di: “Nan vitès nou prale a, lang Maya a ka disparèt nan de oswa twa jenerasyon”.

Didier, Petatillo ak Koyoc se yon jenerasyon ki te grandi ant Espanyòl ak Maya, byenke ansyen an te gen priyorite nan lavi yo. Nan jenerasyon ki vin apre yo, timoun k ap travay sou pwojè yo pale Espanyòl sèlman. Tou de te afekte sibi enpak diskriminasyon kont Otoktòn ki pale Maya, fòse Espanyòl nan lekòl yo, ak politik blanchiman, esklizyon, segregasyon, majinalizasyon ak rasyalizasyon ki te kenbe Maya a ak 68 lòt lang Otoktòn nan Meksik yo prèske bliye.

Dylan fè konnen mo Maya pou rèv la se ‘náay,’ e rèv pou w vle yon bagay rive a ‘ts’íibol.’

Petatillo blame sistèm edikasyon an nan Kopchén paske elèv yo pa gen ase konpetans pou li ak ekri nan lang Maya a. Nan klas yo, yo fè kou yo an Espanyòl; an reyalite, pale lang otoktòn sifi pou bay pinisyon. “Lè yo te pale Maya nan telesecundaria (pwogram edikasyon a distans), yo te pini yo kote yo te di yo pa t kapab pran rekreyasyon yo epi yo te oblije netwaye klas la oswa twalèt la. Yo te menm frape tèt yo – pou pwofesè a montre yo sòt. Sa rive paske pwofesè yo pa pale Maya, epi yo gen yon vizyon diferan ak yon mank enterè nan Maya,” se sa l esplike.

Sepandan, Petatillo klarifye kontak ant Maya ak lòt lang sanble gen avantaj pou kenbe l vivan epi ranfòse l. Nan tèz bakaloreya l la, li te demontre Maya moun yo pale nan Kopchén nan gen plizyè douzèn tèm ak mo yo pran nan Espanyòl. Pa egzanp, mo tripotay, ki pa t egziste nan lang ansyen an, te asosye ak lang Maya a pou l se chiisme.

Petatillo te anseye tou yon atelye lekti ak ekriti Maya. Li kwè pou chak timoun aprann nan lang sa a epi ki resevwa fòmasyon nan zouti nimerik, pral gen yon moun ki transmèt konesans bay lòt timoun epi konsa fòme yon rezo militan. Jodi a, gen 17 timoun ki ta renmen aprann nan lang Maya, e de nan yo kontan anrejistre chante ak non zwazo an Maya nan yon liv odyo piblik.

“Nou menm tou nou gade zwazo ak yon byolojis pou konekte avèk pwojè konsèvasyon. Anpil posiblite ouvri». Se sa Petatillo imajine. Pi gwo rèv Petatillo se bati Lokal Etid Maya nan Kopchén kòm yon espas kote moun aprann ekri lang nan, kote timoun yo motive pou yo ekri yon powèm oswa yon woman, ak yon kote pou anrejistre chante oryòl oswa wosiyòl.

Konsève lang nan te pouse yon rèv ak yon lòt, ak yon lòt.

*** 

Rapò sa a fè pati yon seri Periodistas de a Pie ki jwenn finansman Fondasyon W.K. Kellogg

Yon rezo pou soutni lavi

Previous article

N ap kreye mwayen pou fè l vin posib pou gen salè elve nan kominote ki pa reprezante ase yo

Next article

Comments

Comments are closed.