Sante

Yon Omaj pou Dr. Paul E. Farmer, 1959-2022

0
Dr. Paul Farmer

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Ou pa janm met nan tèt ou ke ou ka gen pou di orevwa a youn nan gwo ewo ou yo. Lendi maten, mwen tande move nouvèl kè kase a, ke gwo ewo pam nan pati pou peyi san chapo alòske ke li te gen 62 lane sèlman.

Nenpòt moun ki gen koneksyon ak sante mondyal e ak jistis sosyal byen konnen kokennchenn pèt nou fèk sibi la a. Li difisil pou egzajere enpak potorik gason sa a te genyen sou plizyè nan nou k ap travay nan kominote sa a – kit se onivo endividyèl oswa onivo kolektif. Paul se te yon zanmi pou yon pakèt moun, li te yon chanpyon pou dè milya moun, epitou misye te yon enspirasyon pou nou tout. Li konsakre lavi li ap anseye nou kisa ekite nan domèn lasante ak sante mondyal ta dwe ye. Misye pouse nou tout pou nou fè sa n ap fè a pi byen.

Petèt nan pwen okenn lòt moun ki pèsonifye prensip fondamantal ak valè ke mwen bat pou mwen suiv nan lavi mwen toulèjou pase Dr. Paul E. Farmer, ko-fondatè e estratejis an chèf nan Partners in Health (PIH). Avèk 2 doktora (M.D./PhD) Harvard anba bra li, Dr. Farmer ta ka fasilman chwazi yon karyè klinik oswa yon karyè akademik ki t ap rapòte l anpil lajan nan peyi Etazini. Okontrè, n ap toujou sonje li antanke “doktè malere yo,” ki te goumen san pran souf pou l te ka amelyore sistèm swen sante nan milye riral ann Ayiti ak toupatou nan lemond.

post image

Pami tout kalite li genyen ki sèvi nou kòm modèl – optimis san limit, imilite, jantiyès, jenewozite, se petèt kouraj Dr. Farmer te genyen pou l te kanpe king fas ak responsab politik enfliyan ak ofisyèl yo nan domèn sante mondyal la pou l milite anfavè malere k ap viv nan kominote ki majinalize (“san vwa” yo), ki fè misye admirab konsa nan domèn li. Gras a travay Dr. Farmer, li sove e li chanje lavi yon pakèt moun, e dokiman misye ekri yo chanje fason moun panse sou sante mondyal parapò ak enpak vyolans estriktirèl genyen. Misye goumen pou li pwomouvwa estanda elve nan domèn swen kote moun te konsidere kòm “dezè medikal” paske misye te adopte yon apwòch “wè-pa-wè, vle-pa-vle” pou amelyore swen medikal — ale sou plas pou trete pasyan ki twò malad pou vwayaje; ranmase pèl pou bati, non sèlman lopital ak klinik, men kay, lekòl epi wout. Kouraj Dr. Farmer, imilite l, ak respè li te genyen pou kilti lokal ak koutim yo, te gen yon gwo enfliyans sou karyè mwen e sou fotografi mwen depi m te rankontre l ann Ayiti, sa gen plis ke 10 lane.

Dr. Farmer manyen lavi anpil moun, e mwen konsidere ke mwen te gen chans fè pati de moun sa yo. Fason mwen panse ak valè mwen genyen jounen jodiya, se grasa ak vizyon li te genyen pou yon mond jis e ekitab pout tout moun. Mwen te gen privilèj pou m te ka wè ak pwòp je mwen kijan misye fè bagay yo avanse e misye toujou rete fidèl nan kwayans li. Lefèt ke li te kwè ke swen sante se yon dwa fondamantal moun genyen e se pa poutèt moun malere ki vle di yo kondàne pou yo resevwa move kalite swen sante, depi SIDA jouk rive nan kansè, Dr. Paul Farmer vreman chanje mond lan.

Paul, mèsi pou tout sa ou fè. Mond lan, mond pa m nan, vin miyò gras a oumenm.

Ryan Jiha

Mwen prezante madanm li, Didi Bertrand Farmer, twa piti li yo, kondoleyans e mwen prezante kondoleyans a fanmi @PIH ki toupatou nan lemond, depi Ayiti rive jouk Rwanda. #rippaulfarmer

Ryan Jiha se yon ofisye pwogram pou Ayiti nan W.K.  Kellogg Foundation. Yo te pibliye kòmantè l yo pou premye fwa nan lang fransè nan jounal Le Nouvelliste.

Devlopman konfyans la ranfòse siksè vaksen an nan Biloxi

Previous article

Nap Selebre Jounen Entènasyonal Fanmsaj la

Next article

Comments

Comments are closed.