Sante

Devlopman konfyans la ranfòse siksè vaksen an nan Biloxi

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Kijan pou w rive fè yon kominote pran vaksen kont COVID-19? Devlope konfyans la. Annik mande Daniel Le, responsab sikisal Boat People SOS nan Biloxi, Mississippi.
Vil sa a ki sou Kòt Gòlf la, ke yo konnen pou pechri li yo ak kazino li yo, vaksine okonplè anviwon 90% nan popilasyon Ameriken dorijin Vyetnamyen l lan. E menm anvan vaksen an te vin disponib fasil, to transmisyon viris COVID-19 la te varye anba 1% nan popilasyon demografik sa a.   “Nou fyè dèske nou founi bon enfòmasyon yo bay kominote a. Nou fyè dèske nou koute kominote a. Tout sa nou fè akse sou kominote a,” jan Le te di. “Koute kominote a se pi bon bagay la. Se la yo viv epi yo konnen kisa ki pi bon pou yo. Epi gen konfyans la. Tout bagay rezime ak sa. Ou dwe fè swivi sou sa w di a. Ou paka di yon bagay ak bouch ou epi ou pa poze aksyon an.”
Boat People SOS se yon òganizasyon entènasyonal ki akse sou amelyorasyon kalite lavi pou Ameriken dorijin Vyetnamyen yo, ki enkli edikasyon yo ak sante yo. Le te di yo te kreye yon sikisal Kòt Gòlf nan lane 2006 apre Ouragan Katrina a.
Toudabò, òganizasyon an te fè yon patenarya avèk depatman sante a, sa gen plis pase 10 lane pou ogmante depistaj Epatit B, sa ki te “kouve” relasyon yo. Le di ke fondasyon an te vin jwen yon wòl kritik lè nou t ap antre nan pandemi sa a.   “Pafwa gouvènman an se tèt la dabò pou rive anba. Men fòk ou konstwi apati de anba dabò,” jan Le di. “Òganizasyon kominotè tankou nou yo travay sou teren an. Fòk nou konstwi konfyans sa a. Konfyans se yon bagay ki frajil anpil. Si w pa livre sa w te pwomèt la, lyen sa a ap defèt rapid rapid.” Lè pandemi an te frape nan lane 2020, Le pat ezite mande depatman sante a pale dirèkteman ak kominote l la sou prevansyon, sentòm ak tretman, nan yon reyinyon nan estil asanble piblik. Te gen plizyè enfimyè bileng ki te sou panèl la. Li di: “Nou te bezwen yon moun ki kredib pou bay enfòmasyon enpòtan sou COVID-19 pou apeze enkyetid yo.” Apre premye asanble piblik sa a “tout manm kominote nou yo te swiv konsèy pou mete mask yo.”
Nan mwa ki te vini apre yo, Boat People SOS te tradui materyèl depatman sante yo pou asire ke enfòmasyon ekzak yo te rive jwenn kominote Ameriken dorijin Vyetnamyen yo. Epi kou vaksen an te vin disponib, kominote a te al jwenn Boat People SOS pou l te ede yo gen aksè ak vaksen an.
“Yo te lanse apèl la. Yo te di ‘kisa mwen ka fè? Ede m jwenn li,'”” jan li di. “Kominote Vyetnamyen an pat bezwen ensitasyon. Yo te premye moun ki te nan liy yo. Moun yo te vreman preyokipe, pa sèlman sou pwòp sante pa yo, men tou sou sante fanmi yo e yo konprann ke vaksen yo se chimen pou soti nan pandemi sa a.”   Le te di ke poutèt se pa tout manm kominote a ki pale Angle epi ki ka navige sou entènèt la, enskripsyon pou vaksen tradisyonèl yo pa t ap fonksyone. Li te travay avèk depatman sante a ak lòt patnè kominotè, tankou legliz yo ak tanp yo, pou òganize gichè vaksinasyon. Li pat pran anpil tan pou popilasyon Ameriken dijin Vyetnamyen an te atenn prèske 90% vaksine okonplè.   Chigo Udemgba, direktè Biwo Ekite nan Sante nan Depatman Sante Eta Mississippi a, te di ke bati yon patenarya avèk Boat People SOS te endispansab pou konbat pandemi an epi atenn kominote vyetnamyen an. Se yon patenarya ke yo planifye “kontinye kiltive,” jan li te di.
“Depatman Sante Eta Mississippi a te priyorize enfòme, konsilte epi vreman enplike kominote a nan pwosesis planifikasyon ak aplikasyon an pandan COVID-19 la. Itilizasyon estrateji sa a avèk kominote Vyetnamyen an te pèmèt nou simonte obstak tankou lang, difikilte teknolojik ak aksè pou jwenn enfòmasyon fyab,” jan Udemgba te di. “Sa te debouche sou gwo siksè ak yon pi gwo enpak nan kominote Vyetnamyen nou an nan Mississippi. Youn nan pi gwo siksè yo te rive akonpli se fè patenarya …  pou rive fè plis pase 200 Vyetnamyen nan Mississippi vaksine atravè yon evènman gichè chofè nan mwa mas 2021 an.” Kidonk kisa lòt depatman sante lokal, minisipalite ak kominote ka aprann apati vil Kòt Gòlf sa a? “Pou yo rive sèvi elektè yo, yo dwe travay avèk nou ak òganizasyon tankou nou poutèt nou gen kapasite, aksè ak lang epi konpetans kiltirèl ki nesesè yo pou sèvi popilasyon an ki, sinon, pa t ap jwenn sèvis,” jan Le te di. “Nou te ka atenn kominote a nan yon fason ke yo pa t ap kapab.”

Sajès premye edikatè yo

Previous article

Yon Omaj pou Dr. Paul E. Farmer, 1959-2022

Next article

Comments

Comments are closed.