Sante

Nap Selebre Jounen Entènasyonal Fanmsaj la

0
Movimiento de Parteras de Chiapas Nich Ixim (Nich Ixim Midwives Movement Of Chiapas)

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan Jounen Entènasyonal Fanmsaj la (5 me), W.K.  Kellogg Foundation (WKKF) rekonèt valè ak ekspètiz fanmsaj yo pote toupatou nan lemond, espesyalman nan zòn ki pi defavorize nan Peyi Meksik yo.

Travay fanmsaj la se yon travay ki egziste depi nan lantikite, yo pase l de jenerasyon an jenerasyon, epi li vreman ankre nan kilti pèp endijèn yo.  Jouk jounen jodiya, travay fanmsaj la toujou rete yon pwen enpòtan nan sistèm sosyal peyi Meksik. Selon Komisyon Dwa De Lòm nan Vil Meksik (CDHCM), peyi Meksik gen plis ke 20,000 fanmsaj tradisyonèl epi se sèlman 100 ki te gradye nan lekòl fanmsaj pwofesyonèl.

Photo Credit: Movimiento de Parteras de Chiapas Nich Ixim (Nich Ixim Midwives Movement of Chiapas)

Nan lane 2003, Nasyon Zini te deklare ke 5 me se Jounen Entènasyonal Fanmsaj.  Objektif Jounen sa a se pou rekonèt travay fanmsaj yo ap fè, epitou pou mete aksan sou enpòtans pou nou kenbe angajman yo – sou plan entènasyonal e nan chak peyi – pou amelyore kondisyon travay fanmsaj yo, e pou enstitisyonalize ak rann ofisyèl travay fanmsaj antanke yon pwofesyon.

Nan lane 2003, Nasyon Zini te deklare ke 5 me se Jounen Entènasyonal Fanmsaj.  Objektif Jounen sa a se pou rekonèt travay fanmsaj yo ap fè, epitou pou mete aksan sou enpòtans pou nou kenbe angajman yo – sou plan entènasyonal e nan chak peyi – pou amelyore kondisyon travay fanmsaj yo, e pou enstitisyonalize ak rann ofisyèl travay fanmsaj antanke yon pwofesyon.

W.K.  Kellogg Foundation sipòte kèk antite tankou Nich Ixim Midwives Movement, ki limenm ap chèche pozisyonnen travay fanmsaj la antanke pati esansyèl nan sistèm sante Chiapas ak Meksik. Yo te fonde Nich Ixim nan lane 2014 epi li gen plis ke 600 fanmsaj e li gen plizyè òganizasyon ki sipòte li, e twa nan òganizasyon sa yo se benefisyè WKKF: Global Pediatric Alliance, Formación y Capacitación, ak CAMATI.

“Manm Nich Ixim yo travay di pou amelyore konpetans ak solidifye kolaborasyon pami moun tradisyonèl e pwofesyonèl k ap travay nan akouchman, epi pou mande pou yo rekonèt ofisyèlman wòl esansyèl fanmsaj yo jwe,” selon sa Verónica Fernández de Castro ki se ofisye pwogram enchèf nan WKKF. “Grasa efò sa yo, manman ak tibebe yo ansanm ak moun ki dedye lavi yo pou pran swen yo ak bay yo atansyon, jwenn pi bon rezilta.”

Travay fanmsaj nan peyi Meksik se yon pati fondamantal nan domèn sante matènèl ak sante neyonatal, sitou nan zòn riral yo, epi travay fanmsaj la vin gen enpòtans deplizanpli nan milye iben yo. Selon done ki soti nan Sou-Sistèm Enfòmasyon sou Nesans Meksik (Birth Information Subsystem, SINAC), an 2020, te gen 32,816 gason ak fi ki te fèt grasa swen akouchman fanmsaj, e sa reprezante 1.9% nesans yo nan tout peyi a. Nan Chiapas, te gen apeprè 36% nesans an 2020 ki te enplike yon fanmsaj, selon Estatistik Nasyonal Meksik pou Estatistik ak Jewografi (National Statistics of Statistics and Geography, INEGI).

Pandemi COVID-19 la te mete aksan sou kokennchenn travay fanmsaj yo. Poutèt risk k ap ogmante e ki gen rapò avèk swen moun al pran nan lopital yo, demand pou sèvis fanmsaj vin ogmante nan plizyè rejyon nan peyi a.

Nou menm nan WKKF, nou fyè pou nou wè fanmsaj nan Chiapas, menm jan ak lòt kote, fè fas ak defi yo.  Yo kontinye fè travay ke yo fè chak jou a ki se akouche timoun nan lemond pandan ke y ap mande pou yo respekte pwòp dwa yo ak dwa manman yo.

Photo Credit: Paula Mosa
Caring with Courage: Extraordinary stories of nurses se yon seri ke Konsèy Entènasyonal Enfimyè (International Council of Nurses) prezante epi se BBC Storyworks Commercial Productions ki pwodui li. Pwojè sa a pral prezante videyo ak atik sou moun k ap bay swen yo toupatou nan lemond, ikonpri yon istwa dinamik sou fanmsaj nan Chiapas.

Comments

Comments are closed.