Angajman Kominotè

Y ap konte Meksiken ki dorijin Afriken yo nan resansman 2020 istorik la

0
A Mexican family of three smiling.

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Pou frennen pwopagasyon COVID-19 la, resansè yo nan Meksik pran sèten mezi sekirite, tankou kanpe kèk pye anplis a distans ak moun y ap entèvyouve yo.

Se pa sèl diferans ki genyen ane sa a. Pou premye fwa nan istwa peyi a, resansè Meksiken yo mande rezidan yo si yo idantifye tè yo kòm Afwo-Meksiken, si yo desandan Afriken oswa si yo Nwa. Pou konprann enòmite evolisyon sa a, li enpòtan pou w konnen kontèks la.

Antanke yon Meksiken ki enterese nan jistis sosyal ak nan egalite, mwen ka di w ke konvèsasyon sou rasis ak ekite rasyal yo nan Meksik te dwe fèt depi lontan deja. An reyalite, konsèp rasis la pa t fè pati siyifikatif nan diskou piblik yo isit la jiska lane 1994 (173 lane apre endepandans de Lespay), kote Zapatistas yo, ki se militan pou dwa Endijèn yo, te lanse yon enzireksyon ame. Mouvman Zapatista yo pa t sèlman fè nou rekonèt rasis la kòm yon konsèp; li te ekspoze kijan sa te afekte tout aspè lavi popilasyon Endijèn yo nan yon peyi ki gen yon istwa long nan politik diskriminatwa ak pratik ki vize popilasyon Endijèn yo – ak Afwo-Meksiken yo.

Jodi a, konvèsasyon sa yo fèk kòmanse ap fè pati diskisyon sosyete sivil la, ak Afwo-Meksiken yo, desandan Afriken yo ak manm popilasyon Nwa a k ap dirije efò sa a. Dapre yon sondaj piblik ki te fèt an 2015, yo estime ke gen 1.4 milyon moun ki idantifye tèt yo kòm Afwo-Meksiken. Prezans popilasyon sa a nan sa ki se Meksik jodi a soti nan yon istwa ki date plis pase 500 lane, ki kòmanse nan trèt tranzatlantik esklav yo.

"Antanke yon Meksiken ki enterese nan jistis sosyal ak nan egalite, mwen ka di w ke konvèsasyon sou rasis ak ekite rasyal yo nan Meksik te dwe fèt depi lontan deja."

An 2011, twa fanm militant e inivèsitè Meksiken te fonde El Colectivo para Eliminar el Racismo en México (COPERA) epi touswit apre yo te vize resansman 2020 an. Akoz travay anti-rasis y ap fè nan Meksik, yo te konprann enpòtans resansman sa a kòm premye nan istwa nasyon an ki enkli yon kesyon konsènan idantifikasyon pèsonèl pou Afwo-Meksiken, desandan Afriken ak moun Nwa yo. Yo rete kwè ke kesyon sa a t ap revele pwofil sosyodemografik popilasyon sa a epi t ap ankouraje yon konvèsasyon piblik sou ekite rasyal e, an retou, t ap pwobableman lakòz kreyasyon politik piblik pou remedye ak dezavantaj yo.

MAS 2020: YON RESANSMAN ISTORIK

An 2017 ak 2018, ko-fondatè COPERA, Dr. Emiko Saldivar, Dr. Erika Arenas nan U.C. Santa Barbara (UCSB) ak Dr. Patricio Solís ki nan El Colegio de México (COLMEX) te fè yon asosyasyon pou detèmine tèminoloji ki pi apwopriye pou itilize nan kesyon resansman an, ak kijan pou kapte, non sèlman kantite moun ki se desandan Afriken, men sitiyasyon sosyo-ekonomik ki asosye ak popilasyon sa a. Yo chèche tou pou konparezon sou kesyon konsènan kijan Endijèn yo idantifye tèt yo, ki te enkli pou premye fwa nan resansman 2000 lan.

Ansanm, moun sa yo ak òganizasyon yo te analize done ki soti nan sondaj pase yo pou ede fòmilasyon pou kesyon resansman an. Analiz lan te kontribye tou nan devlòpman #AfroCensoMx, ki se yon kanpay kominikasyon ki gen de objektif: sansibilize popilasyon an an jeneral sou enklizyon Afwo-Meksiken ak desandan Afriken yo nan resansman an, epi ankouraje moun ki nan popilasyon sib la pou yo idantifye tèt yo e pale de patrimwàn ak eritaj yo ak fyète.

Kanpay sa a rasanble plis pase 30 antite, ki enkli kèk òganizasyon debaz ki se kle mouvman Afwo-Meksiken ak Nwa yo nan Meksik, benefisyè Kellogg Foundation yo ki se COPERA, UCSB ak COLMEX, ak enstitisyon gouvènmantal yo tankou National Council to Prevent Discrimination [Konsèy Nasyonal pou Anpeche Diskriminasyon] (CONAPRED) ak Sena a. Kanpay la, jiska prezan, jenere plis pase 70 repòtaj nan diferan medya dijital, televize, radyofonik ak enprime. Kanpay la kounye a la nan faz ki pi enpòtan li an – sa ki sou menm liy ak reyalizasyon efektif resansman an, 2-27 Mas.

Monica Moreno Figueroa, youn nan ko-fondatè COPERA yo, di ke inisyativ resansman an fè pati yon efò “pou devwale rasis lan.” Jodi a l ap anseye sou ras ak rasis nan University of Cambridge ann Angletè men li retounen Meksik souvan pou rechèch inivèsitè ak pou li travay sou kanpay #AfroCensoMx lan.

“Mwen enterese anpil pou m konnen lavi rasis, kijan rasis fonskyone, kijan moun yo santi l e viv li,” dapre sa Moreno Figueroa di, pandan ke l ajoute ke kontinye ak sondaj sa a “difisil anpil nan yon peyi kote yo nye ke rasis egziste.” Men pou Moreno Figueroa, ki se yon Metis Nwa e Meksiken, rechèch sa a pa sèlman entèlektyèl. Li di ke pandan l t ap grandi nan Meksik li te viv yon rasis ki “nosif” ki te enkli mikwo-agresyon ak atak kont santiman dapatenans li. Poutan li te fè pati de yon ti minorite – yon moun ki gen po nwa ki nan klas mwayèn, e pou moun ki reprezante yon aliyman ki pi komen ak ras la, klas ak sitiyasyon ekonomik lan, li di “se evidan ke li pi grav. Li estriktirèl.”

Malgre petèt li ka vini yon ti jan ta, pwogramasyon resansman sa a enpòtan anpil. Li fè swit ak lòt avansman nan enklizyon Nwa yo, Afwo-Meksiken yo ak desandan Afriken ki nan Meksik yo. An 2019, gouvènman Meksik la te fè refòm nan konstitisyon an pou enkli yon deklarasyon ki rekonèt Afwo-Meksiken yo kòm yon pati nan nasyon miltikilrèl la, e li te ratifye ni Konvansyon Entè-Ameriken kont tout Fòm Rasis ak Diskriminasyon ak Entolerans, ni Konvansyon Entè-Ameriken kont Rasis, Diskriminasyon Rasyal ak Entolerans ki gen Rapò ak sa yo.

Travay ansanm ak kowalisyon entelektyèl ak militan debaz yo te ede m wè ke Meksik gen anpil pakou toujou pou l fè sou kesyon atake istorik diskriminasyon rasyal li a, men tou li te ban m lespwa ke konbinezon siksè yo – espesyalman nouvo kesyon resansman an – mete nou sou yon wout k ap pote avansman ki enpòtan.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kanpay la, tanpri vizite https://afrocenso.mx/

Chanjman rive nan menm ritm ak moun yo

Previous article

Catalyzing Community Giving (Pwomouvwa Kontribisyon Kominotè) pote kole ak filantwopi ke kominote moun koulè yo ap mennen nan nivo lokal la

Next article

Comments

Comments are closed.