Sante

Vwa kominote a elaji apèl anfavè swen sante yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Jwenn aksè ak swen sante bon kalite vin deplizanpli yon kesyon san patizan pri pou elektè yo, pandan kominote ki neglije yo kòmanse eksprime yo e fè tande vwa yo pi fò.

Nan Mississippi, an gwosomodo anviwon 60% elektè yo ke yo entèwoje di ke eta a dwe elaji kouvèti pou moun ak revni fèb yo ak rezidan ki pa asire epi ofri yon pi gwo estabilite finansye pou lopital yo. E deja Mississippi se sèl grenn pami 12 eta ki pa elaji kouvèti Medicaid selon Lwa sou Swen Abòdab 2010 la (2010 Affordable Care Act) e youn nan uit pami eta ki nan Sid la.

“Nou dwe kontinye ak zefò yo pou elaji kouvèti Medicaid, enskri timoun nan Medicaid ak CHIP epi atake disparite ki genyen nan koze sante, tout sa pral kontribiye nan amelyore kondisyon lavi timoun yo ak fwaye yo nan tout Mississippi.”

LINDA DIXON, DIREKTÈ DWA SANITÈ POU SANT POU JISTIS NAN MISSISSIPPI

Avèk sipò W.K.  Kellogg Foundation, Sant pou Jistis nan Mississippi rejwenn rezo nasyonal Finish Line nan, yon inisyativ ke David and Lucile Packard Foundation te lanse an 2007 antanke yon efò kolaboratif ant Sant Inivèsitè pou Timoun ak Fanmi nan Georgetown (Georgetown University Center for Children and Families), GMMB, defansè dwa sante pou timoun nan nivo Leta ak lòt fondasyon ki nan menm linye a. Etandone eta a ap travay pou elaji kouvèti Medicaid, inisyativ Finish Line nan founi asistans teknik ak ekspètiz li pou amelyore ak inove politik ak sistèm mizannèv yo pou sèvi kominote moun ak revni fèb yo pi byen.

“Finish Line kreye yon enfrastrikti pèmanan, ki adapte ak bezwen chak eta yo, ki pèmèt defansè yo nan nivo federal, lokal ak Leta mobilize tèt yo byen rapid pou defann oswa fè politik k ap sipòte ogmantasyon aksè pou swen bon kalite yo avanse,” dapre sa Katie Beckmann di, ofisye pwogram, The Packard Foundation nan.

Trantuit eta plis Washington, D.C., te adopte ekspansyon Medicaid lan, lè yo elaji kouvèti a pou douz milyon paran ak lòt adilt, pandan ke plis pase 700,000 timoun ki te deja elijib vin jwenn kouvèti. Depi 2017, sis eta te adopte ekstansyon an pa inisyativ vòt — lè yo bay moun ki nan bezwen yo posibilite pou yo pale — de (2) ladan yo se te nan ete 2020 alòske to enfeksyon an rive nan yon pwen kritik nan kèk kominote.

 

YON IJANS K AP OGMANTE

“COVID-19 revele gwo disparite ki egziste nan koze sante Mississippi. Afwo Ameriken ak lòt kominote moun koulè yo, revni fèb ak Mississipyen aje yo afekte yon fason ki pa pwopòsyonèl ditou pa nouvo kowonaviris la,” dapre sa Vangela M. Wade di, prezidan Direktris Jeneral (PDJ) Sant pou Jistis nan Mississippi. Kominote ki gen revni fèb yo ak kominote moun koulè yo sibi to ki pi wo parapò ak kondisyon sante ki egziste deja yo, yo souvan travay an premye liy yo kòm travayè esansyèl e yo pa gen aksè fasil pou asirans sante.

Nan Mississppi, anviwon 500,000 moun ap viv san asirans sante.

Selon done Ankèt Kominotè Ameriken (American Community Survey), 25% moun Nwa ak 49% Mississipyen Ispanik pa asire konpare ak sèlman 18% pou Mississipyen Blan yo. Epi pou kouwone tout sa, gen yon kantite timoun k ap ogmante ki san kouvèti sante. Yo te estime ke gen 4,.000 timoun nan Mississippi ki te san asirans an 2019, yon kantite ki te vin ogmante pou 24% depi 2016, selon yon rapò resan ke benefisyè WKKF Sant Inivèsitè pou Timoun ak Fanmi nan Georgetown nan te pibliye.

Jwenn aksè ak bon jan swen sante enpòtan anpil pou siviv pandemi COVID-19 la. San asirans sante, moun yo p ap ka fè tès oswa jwenn tretman paske yo pè pou yo pa anmezi pou yo peye, sa ki mete sante pa yo ak sante lòt moun yo an gran danje. Sa vle di ke asire ke popilasyon ki elijib la jwenn aksè ak Medicaid ak Pwogram Asirans Sante pou Timoun nan, de nan prensipal fòm kouvèti ki genyen pou fanmi ak timoun ki gen revni fèb yo nan  Sant pou Jistis nan Mississippi, Etazini, travay jis pou fè sa.

OPÒTINITE K AP VINI YO

Pandan ke 263,000 Mississipyen san asirans pral gen aksè ak swen sante apati ekspansyon Medicaid la, ak 59% nan yo ki se moun koulè, eta a an menm tan gen anpil tou pou l benefisye ekonomikman. Ekspansyon Medicaid nan Mississippi ap pèmèt moun yo kontinye travay, kreye nouvo djòb, estabilize lopital ki an difikilte – an patikilye lopital riral ki an fayit yo — epi pèmèt eta a pote $1 milya dola bay rezèv federal la chak ane.

Anplis de sa, rechèch yo montre ke timoun ki gen asirans sante yo gen askè ak plis opòtinite. Yo gen plis chans pou yo gradye nan lekòl segondè, enskri nan fakilte (kolèj) epi grandi pou yo vin tounen adilt ki pi an sante e ki pi pwodiktif.

Plis pase 263,000 Mississipyen ki pa gen asirans yo ap gen aksè ak swen sante gras ak ekspansyon Medicaid la; 59% ladan yo se ap moun koulè yo.

Nan tout peyi a, kolaboratif Finish Line nan ap kowòdone ak òganizasyon yo nan plis pase 20 eta pandan y ap travay pou fè dosye kouvèti swen abòdab la avanse pou timoun ak fanmi yo, angaje fanmi yo pou ankouraje kominote yo leve vwa yo pou sipòte ogmantasyon aksè ak swen sante yo.

“Rezo Finish Line lan ede eta yo ak kominote yo devlope fleksibilite ak kreyativite pou enplemante solisyon sante ki inovan — tankou kouvèti elaji pou nouvo manman yo apre akouchman oswa ogmante aksè pou swen sante oral,” dapre sa Jon-Paul Bianchi di, ofisye pwogram pou Kellogg Foundation. “Alòske pandemi COVID-19 ap fè wout li, nou kontinye ap konte ka lanmò. Deja, nou pral kontinye wè plis kominote k ap leve vwa yo, epi fè refòm nan sistèm sante yo pou sèvi kominote ki gen revni fèb yo ak kominote moun koulè yo, kreye chimen aksè ak opòtinite pou timoun yo.”

Follow Every Child Thrives as we continue to explore the issues of health care access and community innovation.

Se agudiza la exigencia de la comunidad de contar con servicios de atención médica

Previous article

Juneteenth – 156 years of liberation and emancipation

Next article

Comments

Comments are closed.