EdikasyonEkite Rasyal

Valley Settlement reprezante egzanp anganman kominotè nan Colorado

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Lè paran yo ap soufri, li difisil pou timoun yo reyisi. Men lè fanmi yo ak kominote yo ap byen fonksyone, timoun yo gen plis chans pou yo reyisi. Filozofi sa a ede nan kreye pwogram pou fanmi nan Valley Settlement ki nan Roaring Fork Valley, Colorado. Se pou sa a pwogram ak sèvis yo ofri yo konsantre sou sèvi de jenerasyon – timoun ak paran yo. Soti nan mobil preskolè pou antre nan edikasyon granmoun ak ankadreman ak kamarad yo, Valley Settlement te bati pwogram yo sou rekonesans ke fanmi Latino yo kolabore youn ak lòt anpil ekidonk, òganizasyon an sèvi, e pwogram yo souvan gen ladan yo gran paran, matant, tonton, kouzen ak menm plis moun.

Òganizasyon gen nan nannan l filozofi W.K. Kellogg Foundation la, ki fè konnen ke kominote yo deja konnen sa yo bezwen epi konnen fason pou yo rezoud pwòp pwoblèm yo. Sa parèt nan tout sa òganizasyon an fè – tande avan w kòmanse (travay).

Anvan yo te lanse nan lane 2011, yo te fè plis ke 300 entèvyou ak fanmi imigran yo pandan nèf fwa–fanmi ke anpil òganizasyon dekri kòm “difisil pou jwenn.” Yo te voye entèvyouvè bileng ak bi-kiltirèl yo pou fè konvèsasyon sa yo – souvan sou tab kafe oswa tab kizin – e yo te kòmanse bati relasyon solid ak aprann ti kras pa ti kras.

“Nou se yon òganizasyon k ap toujou koute anvan,” dapre sa Kenia Pinela, direktè pwogram ak inovasyon nan Valley Settlement, te di. “Nou konnen ke lè n tande fanmi yo, sa pèmèt nou reponn ak bezwen yo epi bati sou fòs yo pou fè diferans toubon nan kominote a.”

Gras a vizit pou tande a, dirijan Valley Settlement yo te koute anpil kapasite ak bezwen, men youn nan detay ki pi evidan yo, se ke mwens pase 1% timoun fanmi sa yo ki gen timoun nan laj preskolè te enskri nan preskolè. Nan peyi yo soti a, anpil paran nou te entèvyouve yo gen diplòm e yo te gen travay pwofesyonèl, men Ozetazini, yo pa rekonèt diplòm ak eksperyans sa yo konplètman. Paran yo fè konnen yo dekonekte ak lekòl, sèvis ak travay yo.

Premye pwogram Valley Settlement te kreye yo te fèt pou reponn ak bezwen presi sa yo.

Mennen preskolè nan katye yo

Pran Preskolè El Busesito, kòm egzanp. Nan pwogram sa a, yon gwoup “Ti Bis” vwayaje nan vwazinaj yo pou bay timoun edikasyon preskolè bileng ki, si se pa t sa, pa t ap gen aksè ak preskolè. Deja ak yon fondasyon sosyo-emosyonèl pou aprann ki djanm, elèv yo rive kounye a nan jadendanfan chak ane tou pare pou yo aprann ak kamarad yo. Paran yo pran angajman kòm patnè nan edikasyon pitit yo pa mwayen travay benevòl mansyèl, vizit lakay ak kat Sware ak Fanmi yo chak ane.

“Byen [Preskolè El Busesito] fè pou pitit fim nan te rive lakay nou tou, paske pwofesè yo te ba nou travay pou n fè lakay ak aktivite nou te ka fè ak [pitit mwen an]… epi sa te ede nou konprann tou sa l ap aprann e se mwayen amizan pou nou toulède aprann,” yon paran Lekòl Preskolè El Busesito te di.

Direktè Jeneral Valley Settlement lan, Maria Tarajano Rodman, dekri pwogram preskolè mobil la non sèlman kòm yon edikasyon depi timoun nan tou piti, men tou kòm youn pou devlopman lidèchip ak fyète pou fanmi yo. Li te dekri yon tifi 3 zan ki rele Gloria. Yon jou, lè l te fenk kòmanse dirije Valley Settlement, Tarajano Rodman te vizite youn nan bis yo pou l te ka obsève ak aprann. Dis minit anvan yo te ouvri pòt yo, li te tande yon ti vwa ti t ap di, “Maestra, Maestra, m ap vini.” Gloria t ap mache 10 a ven fwa pi vit ke granmè l pou l al nan bis la. 

Yo te kite l antre bonè, e Gloria, ki te vin konprann ke Tarajano Rodman se te yon vizitè, te kòmanse montre l ki kote pou l koke manto l ak bwat lench li, mennen l kote yo te kòmanse premye aktivite yo nan jounen an epi esplike l orè jounen an. Gloria te pale ak kè kontan jiskaske granmè l te vin jwenn li epi li di l papa l t ap vin chèche Gloria jou sa a. Pou anpil fanmi, ki souvan fè plizyè travay e ki gen orè ki konplike, mennen timoun yo mennen timoun yo lekòl ak al chèche yo, se yon zafè fanmi. Timoun yo wè angajman fanmi yo nan edikasyon yo e yo aprann bay sa valè. “Mwen te ka wè nan jou sa a ke Gloria te aprann ke yo wè l e yo renmen l,” Tarajano Rodman te di. “Li te vin yon lidè ki gen konfyans nan tèt li paske moun ki nan antouraj li te wè sa nan li e yo te selebre sa.”

Yo te wè fyète sa a tou nan seremoni gradiyasyon an ki fèt pou timoun 5 an yo chak ane, ki pare kounye a pou jadendanfan. Tarajano Rodman te di: “Nou gradye 50 timoun chak ane, men gen 300 moun ki vin nan seremoni a. Donk yo chak mennen sis moun an mwayèn.” 

Li te eksplike ke fanmi sa yo te prèske pa pot anyen pèsonèl ki sot nan peyi yo. Tarajano Rodman poukont pal gen yon sèl grenn foto manman l ki soti Kiba. Donk fanmi yo ankadre sètifika gradiyasyon preskolè yo epi yo koke yo lakay yo ak fyète–ki se yon prèv klè nouvo lavi y ap bati a.

Nan seremoni gradiyasyon yo, souvan paran yo pran tan an nan travay yo, ki difísil, pou yo ka vini. Souvan n ap wè papa yo k ap ranje wozèt ti pitit gason yo ak yon men epi kenbe manje fanmi an prepare pou pataje ak kominote a nan lòt men an. Detay sa yo bay imaj paran ki sakrifye yon pakèt bagay–tout sa yo konnen nan kesyon kominote ak kilti–epi vin nan yon nouvo peyi ak espwa ak rezistans (men ak laperèz ak gwo krent tou) pou yo ka kreye opòtinite pou pitit yo ak fanmi yo.

Pwogram pou paran yo

Nan yon lòt pwogram, Valley Settement travay pou elimine izolasyon sosyal ak dekoneksyon ak lekòl ak sèvis yo gras a moun k ap ankadre paran yo. Pwogram nan te fèt pou konekte paran yo ak sistèm lekòl la, e kounye a li gen 45–60 volontè chak ane pou bay sipò nan las yo epi patisipe ak pwofesè yo ak elèv yo. Anpil nan paran pale Espanyòl kòm lang matènèl yo, e yo se volontè nan klas yo pou ede pwofesè ki pa bileng. Volontè yo pran angajman pou yo bay sipò nan klas la pou elèv nan lekòl elemantè yo epi patisipe nan fòmasyon chak semèn pou ankouraje pwogrè pèsonèl ak pwofesyonèl. Sa k pi enpòtan an, yo ranfòse lyen ant fanmi latino yo ak lekòl yo, pou kreye yon anviwònman ki pi akeyan pou tout moun.

Marlena, moun k ap ankadre paran, di: “Lè w se yon Moun k ap Ankadre paran, ou toujou ap aprann nan nivo emosyonèl.” “Sa vrèman entèresan pou pale ak lòt mou epi fè echanj ak anviwònman m nan yon fason ki ekilibre. Travay benevòl yo ede m si m tris, e se yon bon fason pou m jere santiman m yo. Akoz m se yon moun k ap bay paran ankadreman, sa pèmèt mwen pase yon ti tan pou m konsantre sou timoun yo epi aprann de yo. Sa pèmèt mwen wè lavi a nouvo fason. 

Pwogram sa a pou ankadre paran yo te kòmanse ak Palenque LSNA, ki se yon gwoup nan Chicago kote kominote ak kolaboratè moun Nwa, Mawon, Otoktòn ak Imigran pran swen youn lòt epi fè aksyon estratejik pou chanjman sistemik. Valley Settlement te aprann pwogram sa a nan Palenque LSNA epi l pote l nan Colorado epi adapte l nan kontèks pa yo. 

Lòt pwogram nan Valley Settlement yo fèt espesyalman pou soutni paran yo se Alma, sa ki bay sipò nan kay pou manman ki fè depresyon apre gwosès ak Aprantisaj k ap Itil Tout Lavi kote moun pran kou ann Anglè, konesans ann Espanyòl, konpetans nan enfòmatik, matematik ak plis toujou. Paran yo fè konnen yo ka pi byen ede pitit yo ak devwa lakay yo, e yo santi yo pi enplike nan kominote a.

Soti nan koute pou ale nan kreye ansanm pou kreye enpak

Piske koute ak kreye ansanm ak kominote a se yon eleman enpòtan nan fason Valley Settlement fè travay li, yo pa t sispann ak premye 300 entèvyou yo. Yo kreye tan pou kòmantè, refleksyon ak evalyasyon nan chak pwogram. Epi, nan lane 2021, òganizasyon an te demare yon dezyèm tounen pou koute moun, fè entèvyou ak plizyè santèn fanmi imigran Latino nan kominote a, pou koute yo dirèkteman sou bezwen, rèv, espwa, ak krent yo.

Pinela esplike yo kòmanse entèvyou sa yo ak yon apwòch ki baze sou mwayen olye pou yo annik chèche feblès ak bezwen yo. Sa yo te aprann sèke fanmi imigran y ap sèvi yo vini ak yon seri fòs ak konpetans ki solid. Paske yo se fanmi ki te chwazi pou yo te kite kote ki gen vyolans ekstrèm ak lamizè, rezistans ak angajman pou fanmi ak kominote yo toujou fondman lavi yo. Epi yo pote yon gwo santiman entegrite ki soti nan anpil nan kilti peyi yo pou asire yo y ap fè “sa k bon” kèlkeswa moun k ap gade a. 

Piske mwayen sa yo deja egziste, travay Valley Settlement ap fè a se pou koute fanmi yo toutbon, mande yo pou solisyon sou pwoblèm y ap rankontre, epi bati lyen solid ak pwogram yo pou reponn ak bezwen sa yo.

Rezilta yo bèl anpil–e yo pase anba evalyasyon solid anplwaye ak rechèchè Valley Settlement. Paran yo pi angaje nan kominote a e yo izole mwens. Patisipan Alman yo montre yon gwo diminisyon estatistik nan depresyon pandan ak aprè gwosès soti nan kòmansman pou rive nan fen pwogram nan, e rezilta sa yo kontinye pou sis mwa apre pwogram nan. Pou paran ki gen pitit yo nan pwogram preskolè yo, pousantaj ladan yo ki chante, rakontre istwa ak li pou pitit yo ogmante anpil. Preparasyon timoun yo pou lekòl ogmante chak ane– se devlopman sosyal ak emosyonèl yo bezwen pou yo pare pou yo aprann, men tou rezilta yo ka plis mezire tankou rekonèt koulè, fòm, chif ak lèt. 

Enpak Valley Settlement pa gen lontan te atire atansyon filantwopis Mackenzie Scott, ki te bay òganizasyon an $2 milyon. Don sa a ap pèmèt òganizasyon an pou l agrandi zòn jewografik li.

“Paran n ap travay avè yo se modèl rezistans pou pitit yo,” dapre sa Tarajano Rodman di. “Donk, nan sware, nan wikenn, nenpòt lè, nou ale nan kote yo ye nan kominote a. Fè sa a sanble natirèl pou nou paske nou se kominote a. Nou konnen ki sa baryè yo ye paske pwogram nou an fèt apati de sa n tande– nou p ap ka konnen baryè w si nou pa mande w ‘¿Qué pasó? Kisa ki p ap mache pou ou? Nou trete youn lòt ak jantiyès ak respè. Rezilta a sè ke, travay nou pa janm menm bagay la toutan. Li pwogrese ak chak moun.” 

Comments

Comments are closed.