This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Atik sa a te premye pibliye sou blòg U.S. Chamber of Commerce Foundation an.
Sistèm gadri nan peyi a fin kraze – e prèske tout fanmi te oblije sibi konsekans yo.
Soti nan jere orè yo, rive nan nan balanse pri ak deplasman pouchèche opsyon gadri, fanmi yo te gen difikilte pandan plizyè dizèn ane pou yo jwenn gadri ki reponn ak bezwen yo.
An menm tan, konpayi yo souvan gen difikilte pou yo rekrite ak kenbe travayè ki kalifye tou senpleman paske yo pa ka jwenn gadri pou pitit yo. Bezwen pou gadri bon jan kalite, ki abòdab, pratik se yon defi nan tout peyi a ki mande patnè nan gouvènman an, kominote yo, ak biznis yo pou kreye solisyon. Sektè prive a nan yon pozisyon espesyal pou jwe yon wòl kòm yon sipòtè, petibè, ak inovatè nan solisyon sa yo.
Pifò biznis ki wè lwen konnen gadri se yon pwoblèm ekonomik ki afekte kapasite biznis ameriken yo pou vin konpetitif. Prèske chak fanmi Ameriken, kèlkeswa revni yo, gen difikilte pou yo jwenn gadri ki fyab, bon kalite.
Kesyon gadri a pa sèlman afekte kèk paran nan yon sèten etap nan karyè yo, men li afekte prèske tout anplwaye rive yon lè. Bezwen nan kesyon gadri ki pa konble gen yon enpak negatif sou travay paske gen yon ogmantasyon nan pri akòz absanteyis ak chanjman pèsonèl.
Lè pa gen ase gadri, sa gen enpak negatif sou konpayi yo atravè pèt pwodiktivite pandan anplwaye yo ap lite pou balanse travay ak responsablite paran.
Yon etid Goldman Sachs ki pa gen lontan depi l fè te montre gen 84 pousan pwopriyetè ti biznis ki te ranpli sondaj yo panse li te difisil pou paran k ap travay yo peye bon jan kalite pwogram gadri pou pitit yo. Small Business Majority te fè yon etid menm jan ki montre yon mank gadri abòdab anpeche ti biznis yo fè pwogrè, epwopriyetè ti antrepriz yo sipòte anpil solisyon lejislatif ki ta ka abòde pri elve gadri yo epi ogmante aksè.
Men, se pa sèlman ti biznis mank gadri ki genyen an afekte. Gwo konpayi yo, eta yo ak gouvènman federal la ap inove pou kreye plis aksè gadri.
Pa egzanp:
- Izin fabrikasyon Mazda nan Alabama ofri asistans pou gadri kòm avantaj pou rekritman. Lè yo ofri pou kouvri 30 pousan nan depans yo oswa $250 pa mwa, sa fè tout pake avantaj yo pi atiran nan yon mache anplwa konpetitif. Nan premye ane yo te ofri l la, pousantaj abandon an diminye nan 11 pousan an jeneral e 20 pousan pami medam yo.
- An patenarya ak Patch Caregiving, UPS ofri travayè yo gadri sou plas si opsyon gadri nòmal yo pa ase.
- Kentucky finanse gadri yon fason kreyatif pou tout anplwaye k ap travay nan gadri yo, kèlkeswa revni yo, pou ede rezoud pwoblèm mankman anplwaye a.
Ak anpil sant gadri ki peye yon salè pa èdtan ki pi ba pase restoran ki vann manje ki fèt rapid oswa magazen an detay yo, avantaj anplis gadri sa a se te yon estimilan nesesè pou ogmante ak ekilibre mendèv la. - Nouvo aksyon federal yo te kreye yon fon 50 milya dola nan kad CHIPS and Science Act pou relanse endistri semikondikt è nan peyi a, epi an 2023, Depatman Komès Etazini an te anonse konpayi kap aplike pou sibvansyon federal yo te oblije bay yon plan pou ofri anplwaye yo gadri pou timoun yo. Intel, Micron ak lòt gwo konpayi ap genyen sibvansyon sa yo epi mete gadri nan tout plan ogmantasyon mendèv yo. Solisyon yo varye soti nan bati sant gadri sou plas pou rive nan ofri rabè nan sant lokal yo ak enskripsyon priyoritè pou anplwaye yo.
Travay Fondasyon W.K. Kellogg la konsantre sou ede timoun ak fanmi yo reyisi. Pou sa, nou fè patenarya ak biznis ak lòt òganizasyon ak kominote k ap ogmante opòtinite pou fanmi yo gen alafwa bon jan kalite gadri ak travay ki konpetitif.
Nou konnen sant gadri yo se yon sektè biznis ki souvan neglije. Majorite sant gadri yo se ti biznis.Fondasyon Kellogg te fèk envesti nan fon envestisman Mission Driven Finance pou byen imobilye gadri, Care Access Real Estate (CARE). CARE achte, renove, ak lwe kay e sant pou founisè gadri kòm yon pwopriyetè ki adapte ak gadri timoun e ki jis nan domèn sosyal pou yo ka elaji pou sèvi plis timoun ak fanmi. Fon an pataje tou mwatye nan nenpòt pwofi apresyasyon ak lokatè yo pou ede founisè yo achte etablisman nan men fon. Jouk jounen jodi a, fon an te rasanble $10.6 milyon dola nan kapital envestisè total epi li te envesti $8.2 milyon dola nan pwopriyete ki pral itilize pa founisè gadri nan de eta. Kalite envestisman sa a enpòtan anpil pou ranfòse sistèm gadri a paske li abòde bezwen sektè piblik la pa kapab—nan ka sa a, bay byen imobilye pou devlope biznis gadri.
Kalite refleksyon sa a sou fason pou ranfòse sektè a an jeneral pral fè gadri pi fasil pou tout fanmi Ozetazini, kèlkeswa revni yo.
Lè biznis yo fè gadri yon priyorite, atravè sipò finansye, defans, oswa patenarya, non sèlman li nan avantaj anplwaye yo, men tou pou rezilta finansye ak ekonomi an. Fondasyon Kellogg fyè pou l fè patenarya ak U.S. Chamber Foundation nan pou avanse travay sa a epi kontinye sipòte solisyon kreyatif ki abòde difikilte sa a ki egziste toupatou nan nouvo fason kreyatif.
Comments