Ekite Rasyal

Konesans antanke yon Byen Piblik, Kap Enfòme Defi Aktyèl yo

0
women in a library. WKKF resource directory

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

AN BRÈF

  • Gen yon nouvo Repètwa Resous ki aktyalize epi amelyore ki disponib sou sit entènèt W.K. Kellogg Foundation lan, ki prezante resous WKKF te pibliye oswa finanse.
  • Gen plis pase 900 resous ki disponib. Resous sa yo bay rezilta leson, solisyon, modèl ak apwòch ki soti nan eksperyans benefisyè WKKF yo.
  • Pami koleksyon resous sou entènèt sa a, gen piblikasyon, rapò, ekspoze, etid rechèch, videyo ak plis toujou, jan yo te pibliye ant lane 2001 ak 2020.
  • Ladann gen rapò anyèl WKKF ki remonte a premye rapò yo te pibliye an 1951.

MEN POUKISA LI ENPÒTAN

  • Konesans benefisyè WKKF yo kreye ak konesans WKKF te kreye ak benefisyè yo vin pi fasil pou jwenn antanke yon byen piblik.
  • Repètwa Resous WKKF la – ke IssueLab, yon referansyèl konesans piblik pou sektè sosyal la, administre – konekte koleksyon konplè sa a ak rechèch nan bibliyotèk piblik ak nan lòt etablisman ansèyman yo.
  • Kolaborasyon avèk IssueLab la, fè konesans sa a vin pi aksesib pou sibvansyonè, pwofesyonèl, pwomotè, etidyan ak manm kominote yo pou yo ka benefisye de done sa yo, epi pou yo ka aplike konesans ak eksperyans benefisyè ak patnè WKKF yo akimile yo.

OPÒTINITE A

  • Nan Repètwa Resous la, yo ajoute regilyèman pwodui ki baze sou konesans, ofiramezi benefisyè ak patnè yo kontinye aplike konesans yo sou pwojè ki sibvansyone ki vin kreye nouvo solisyon onivo lokal.
  • Rechèch ki fèt selon domèn tematik espesyal yo ofri yon opòtinite pou konesans ki pi apwofondi:
    • Edikasyon Timoun ki Pi Piti yo:  Rechèch ki konsantre sou nouvo solisyon yo pou bay timoun piti depi nan nesans jiska laj 8 lane kalite edikasyon siperyè ki gen konpetans sou plan kiltirèl.
    • Angajman Kominotè: Egzamine solisyon ki prime nan kominote ki te kapte ekspètiz lokal ak resous pou transfòme lavi timoun ak fanmi yo toupatou Ozetazini, nan tribi souveren yo, ak nan Amerik Latin ak nan Karayib la.
    • Ekite nan Travay: Modèl ak rekòmandasyon pou ede fanmi chèche ak jwenn bon kalite travay estab.
Minda Corso
Minda is the digital communications manager at the foundation. She is responsible for hands-on execution of integrated digital marketing and communications strategies to support organizational as well as internal and external communications goals and objectives. She works with the communications team to identify, develop and execute digital marketing and communications tactics across the WKKF digital ecosystem. She collaborates with organizational peers and teams to elevate the foundation’s strategies, programmatic priorities, and relationships with priority audiences, including internal staff, grantees and external stakeholders.

    Sèvis bankè abòdab e reseptif kap fèmen eka richès rasyal nan Mississippi

    Previous article

    Yon mezi pa bon pou tout moun

    Next article

    Comments

    Comments are closed.