This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Pandan peyi a ap selebre Jounen Fèt Travay nan mwa sa a, travayè ki touche tikras salè nan tout peyi a ap fè lavi yo pi bon pou tèt yo ak pitit yo lè yo òganize yo atravè sendika tradisyonèl ak sant travayè yo.
Ozetazini, 44% nan travayè ki gen 18-64 ane yo touche tikras lajan: yon salè mwayen $10.22 dola pou moun k ap travay aplentan, oswa anviwon $24,000 dola pa ane, selon Brookings Institution. Moun ki nan travay sa yo gen plis chans pou yo travay nan kondisyon ki pa an sekirite, pou yo aksepte orè travay yo pa ka prevwa epi pou yo fè fas ak ensekirite nan domèn finansye kwonik ak prekarite. Travayè nwa ak latino yo reprezante yon fason demezire nan gwoup sa a.
«Gwo Demisyon an» deranje mache travay la yon fason sa pa t janm fèt anvan.
Lè l t ap fenk kòmanse ak apre pandemi an, mouvman travayè a te jwenn yon kantite viktwa ki gen pou wè ak òganizasyon, ak sondaj ki montre gwo popilarite pami piblik Ameriken an.
Pou timoun yo pwospere, paran yo bezwen touche lajan ki pèmèt yo viv, kondisyon travay san danje ak orè yo ka prevwa. Twa benefisyè Fondasyon W.K. Kellogg k ap òganize osijè pwoblèm sa yo se Konsèy Nasyonal pou Sante ak Sekirite nan Travay (National COSH), Jobs with Justice, ak National Black Worker Centers.
Sa pa gen twò lontan, twa lidè nan òganizasyon sa yo te reyini ansanm pou pale ak manm medya yo sou chanjman politik yo ak pwoblèm ki pi enpòtan pou manm yo ak travayè yo sipòte yo.
National COSH se yon federasyon 26 gwoup travayè debaz ki bati pouvwa travayè yo ak òganizasyon yo pou mande travay ki an sekirite, ki an sante epi ki pa gen eksplwatasyon ak abi. Jessica Martinez, youn nan direktè egzekitif òganizasyon an, te pale sou nesesite pou règleman sou chalè – anndan kay la ak deyò – pandan dènye peryòd gwo chalè ki te afekte anpil kote nan peyi Etazini.
«Pou Jounen Fèt Travay sa a, nou panse li esansyèl pou nou konsantre sou sa ki nesesè pou fè tout travay an sekirite». Se sa Martinez te di. «Chak travayè gen dwa pou yo tounen lakay yo chak jou san danje nan fen peryòd travay yo».
«Dapre Biwo Estatistik Travay la, travayè Latino yo ap mouri nan yon pousantaj ki 25% pi wo pase pousantaj tout lòt travayè yo». Se sa l te ajoute. «Pousantaj travayè Nwa ki mouri akoz chòk sibit nan espas travay la pi wo pase 11%. Poukisa? Paske depi twò lontan, travayè Nwa ak po fonse yo te plase nan travay ki pi sal e ki pi danjere yo».
Tanya Wallace-Gobern, direktè egzekitif National Black Worker Center yo, yon rezo 12 Black Worker Centers atravè peyi a k ap travay pou mete fen nan rasis kont Nwa ak diskriminasyon nan espas travay la, te repete tèm sa yo.
«Travayè nwa yo se kanari nan min chabon ekonomik nan peyi nou an». Se sa Wallace-Gobern te di. «An 2020, 2,100 vil nan peyi a te patisipe nan grèv pou Lavi Nwa yo. Se te yon leson pou konpayi yo ki te inyore enkyetid mendèv Nwa yo depi lontan e ki te refize yo pi bon kondisyon travay, salè ki pèmèt moun viv ak swen sante».
Li te kontinye pou l esplike fason sant travayè yo ap travay atravè divès pwoblèm ki makònen pou fè lavi a miyò pou fanmi ak timoun yo.
Wallace-Gobern te di: «Òganizasyon travayè ki gen siksè ap bati sou yon demann piblik ki grandi pou yon rezo sekirite sosyal ki pi inivèsèl epi y ap goumen pou pwoblèm travayè yo ak pi gwo enkyetid kominote a». «Nou te wè siksè nan sendika k ap travay ak gwoup kominotè pou ede kreye revandikasyon yo nan negosyasyon an. Pwosesis sa a te genyen solisyon pa sèlman pou travayè yo sou pwoblèm travay yo, men tou pou politik ki bouche twou yo ak rezo sekirite sosyal nou an».
Li te mete aksan sou fason pwofesè nan St. Paul, Minnesota, te pouse avèk siksè pou yo sispann sezi nenpòt lojman fanmi ki gen timoun ki gen laj pou y al lekòl yo ak fason travayè Oregon University te mande yon poz sou pèman lekòl kòm egzanp sou fason òganizasyon travayè yo souvan deplase pi lwen pase pwoblèm nan espas travay tradisyonèl yo.
Denise Diaz, direktè adjwen pou avansman enstitisyon yo nan Jobs With Justice, yon òganizasyon san pwof i nasyonal ki mennen kanpay estratejik yo epi ki fòme diskou piblik la pou bay moun k ap travay yo pouvwa, te fè konnen fason Gwo Demisyon an te vrèman
«yon bagay ki ouvri je» travayè yo ak konpayi yo.
«Fanmi k ap travay nan endistri ki peye moun tikras lajan yo te vrèman wè te gen yon demann pou travay». Se sa l te di. «Li te wo, epi yo te kapab pwofite de sa pou yo kòmanse negosye sou pi bon salè ak avantaj ak pwoteksyon yo pou fè fas dirèkteman ak aktè sa yo ki dèyè inegalite a».
«Sa a se yon moman enteresan nan listwa kote travayè yo ap goumen pou yo gen yon mo pou yo di yo nan ekonomi an, epi moun ki vrèman konprann sa yo pataje sa pandan y ap sot anba pandemi an». Se sa Diaz kontinye pou l di.
Li te di: «Pou jounen Fèt Travay sa a, mwen vrèman gen espwa. Menmsi toujou gen anpil travay ki pou fèt nan domèn sante ak sekirite e nan anpil lòt fason, nou gen espwa paske moun k ap travay yo santi yo pisan».
Travay sa a reflete kwayans Fondasyon Kellogg nan enpòtans pou angaje ak kominote yo pou devlope solisyon pou pwoblèm ki la depi lontan pou timoun ak fanmi yo ka pwospere. «Nou wè resous nou yo kòm yon mwayen pou kominote yo ede tèt yo, e se egzakteman sa a pouvwa travayè yo ye – ogmante endepandans travayè yo pou salè, avantaj yo ak fason travay yo òganize, epi kiltive lidèchip travayè yo pou yo ka enfliyanse travay yo, kontèks yo ak kominote yo». Se sa Marcela Montes, ofisye pwogram nan Fondasyon Kellogg la te di.
Comments