Ekite RasyalSistèm Alimantè

Refè ankraj nou nan tradisyon zansèt yo avèk La Semilla Food Center (Sant Alimantè La Semilla)

0
Photo Credit: Zeke Peña

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Lanmou Rubí Orozco pou manje te kòmanse lè li te jèn. Lè l t ap grandi nan Cuernavaca, Morelos nan peyi Meksik, li te aprann ke manje te plis pase yon alimantasyon nan idantite kiltirèl li – souvan li te konn koute granmè l k ap enpwovize pwezi pou plant li yo.

"Se la ke koneksyon m ak manje, sante ak semans kominotè te plante."

Apre li fin migre nan peyi Etazini avèk fanmi l, Rubí te etidye syans sante yo epi kounye a li se Direktè Depatman Narasyon an pou La Semilla Food Centeryon òganizasyon ki pa fèt pou pwofi ki baze nan Anthony, New Mexico, ki favorize sistèm alimantè ki bon pou sante, otonòm, ekitab epi dirab nan rejyon Paso del Norte Sid New Mexico a epi nan El Paso, Texas.

Depi kreyasyon l, La Semilla ap pratike kilti ki gen rapò ak alimantasyon. epatman Narasyon an te fòmalize atravè kreyasyon epi piblikasyon yon ti magazin enfòmèl, Food, Land, and Us (Manje a, Tè a epi Nou Menm): Yon kout je nan Lwa Agrikòl Rejyon Paso Del Norte a

Ti magazin enfòmèl la, ki se yon veritab efò kolaborasyon, te soti nan yon gwoup travay sou nòt politik, ki te eksplore fason estrikti alimantè lokal yo fasone selon moun ki gen aksè ak tè, kredi ak lòt resous – epi selon fason politik ameriken an fasone desizyon sa yo. Pandan li te rekonèt nesesite pou edike manm kominote a sou politik agrikòl ak alimantè nan peyi Etazini, ti magazin enfòmèl la te itilize metòd narasyon kreyatif pou montre fason nòt politik yo afekte kominote lokal yo. Direktè nòt politik La Semilla a, V. Quevedo, ki te jwenn sipò Cristina Dominguez (kofondatè epi direktè ekzekitif La Semilla) ak Krysten Aguilar (ki te kodirektè ekzekitif La Semilla anvan epi ki direktè Castanea Fellowship (Bous Castanea) kounye a), te demistifye nòt politik konplèks ki genyen nan Lwa Agrikòl peyi Etazini an, pandan Rubí te devlope yon senaryo naratif ki baze sou kote a epi atis Zeke Peña te bay ilistrasyon an ak ekspètiz editoryal la.

Photo Credit: Zeke Pe

“Lwa sou fason nou kiltive epi distribye manje yo regwoupe nan Lwa Agrikòl la.”

Pandan yo pataje istwa politik agrikòl nan peyi Etazini an, ko-otè ti magazin enfòmèl la elabore yon resi ki demontre fason istwa ak kilti lokal la kwaze avèk sistèm alimantè nasyonal yo. Ti magazin enfòmèl la mete limyè sou fason nòt politik diskriminatwa epi defavorab ki santre priyorite endistri agrikòl yo kontribye nan eksklizyon resous pou ti agrikiltè yo ak agrikiltè BIPOC yo ki chwazi pa kiltive manje avèk pwodi chimik agrikòl yo.

Depatman Narasyon nan La Semilla a ka sèvi modèl pou lòt òganizasyon alimantè epi agrikòl ki angaje nan travay pou chanjman sistèm yo. Pratik naratif la ka fè moun konprann epi poze aksyon sou pwoblèm ki afekte lavi yo. Kontrèman ak kèk òganizasyon ki pa fèt pou pwofi, Depatman Narasyon nan La Semilla a pa yon depatman maketing – objektif li yo konsantre sou chanjman pouvwa a lè yo fè estrateji kiltirèl ak chanjman istwa ki anrasine nan kominote a avanse – pandan y ap leve tradisyon alimantè ki bon pou sante yo epi ogmante koneksyon avèk ekosistèm dezè Chihuahuan nan.

Jan Rubí remake l, “Souvan, nan resi dominan yo, yo konsidere dezè a esteril oswa mwen dezirab pase forè yo. Yo aprann nou devalye abondans ak konesans ki genyen nan plant yo ak ekosistèm nan.”

“Mòd alimantè yo se fason nou kiltive epi pataje aliman yo. Mòd langaj yo se fason nou itilize langaj pou konekte, kreye kilti epi gide youn lòt. Apresa, gen yon entèseksyon ant toulède – atizay mo yo alantou manje."

Rubí toujou ap fè nou sonje ke tout bagay konekte. Pandan kominote yo kontinye ap sibi efè negatif chanjman klimatik la ak pwodiksyon alimantè anmas la, yo fè metòd agrikòl tradisyonèl yo tounen mwayen pou lite yon fason dirab kont maladi yo epi rezoud pwoblèm alimantè ak ekonomik nan rejyon an.

“Domaj pase ak prezan yo koupe koneksyon nou ak ekosistèm nan, ki gen ladan yo koneksyon nou youn ak lòt.” Rubí di: “Lè nou okipe koneksyon sa yo, nou ka amelyore sante fanmi fwontalye yo ak ekoloji natirèl epi sosyal yo ki gen depandans youn ak lòt. Nan anpil ka, sa enplike refè ankraj tradisyon zansèt yo ak mwayen pou konnen menm kèk nan jenerasyon pase yo.”

“Sa vle di sipòte nòt politik ki pi jis epi ekitab pou moun, plant ak tè nan rejyon nou an, epitou kanalize resous yo sou moun nan rejyon an ki kenbe pratik ki natirèlman rejeneratè sa yo.”

Pou nou geri, nou dwe konekte. Rubí fè nou sonje ke pawòl nou gen pouvwa. Resi nou yo se istwa nou – yo fasone moun yo ye yo, fason nou aprann youn nan men lòt epi yo fè nou sonje ke nou gen ni pouvwa a, ni repons yo pou yon pi bon avni ki pi briyan.

Aprann plis:

Louisiana rann aprantisaj timoun ki pi jèn yo yon priyorite prensipal

Previous article

HOPE ede fanmi yo ak kominote yo atenn libète finansye

Next article

Comments

Comments are closed.