Ekite Rasyal

Nasyon Tribal yo ansanm ak patnè yo atake inegalite ki gen rapò ak COVID-19 yo

0
A landscape image of New Mexico.

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Se pa kowonaviris la ki lakoz inegalite rasyal, ekonomik ak nan domèn sante Peyi Endyen yo, men li ekspoze yo. E nan pwosesis la, plizyè syèk dezenvestisman enfrastrikti ak rasis sistemik vin vizib nan zye tout moun.

Kominote lokal yo ap fè fas ak kèk nan pi move pati epidemi kowonaviris la nan Etazini. Nan kominote Navajo yo sèlman, genyen plis pase 2,700 ka ak 70 lanmò nan dat 4 Me 2020, dapre sa Navajo Nation revele.

Ameriken Endijèn yo pi ekspoze ak kontaminasyon iranyòm, radyasyon rezidyèl ki soti nan min anplennè yo e yo gen mwens aksè lontan ak manje ki bon pou lasante ak dlo potab. Sa vin fè ke, yo pi fasil soufri maladi respiratwa tankou opresyon, tansyon wo ak dyabèt. Nan peryòd tan ki pi bon yo, inegalite nan domèn sante jeneralize ak kondisyon ki deja egziste sa yo lakòz yon to mòtalite lakay endijèn yo ki de fwa pi wo pas to nasyonal la. Nan ka yon pandemi, efè kondisyon sa yo vin pi grav.

Benefisyè ak patnè WKKF yo pa etranje pa rapò ak nivo disparite ak politik ki kontinye ap fè ravaj nan Peyi Endyen. Pandan ke y ap abòde pwoblèm yo epi prekonize pou konble eka disparite yo an patenarya ak Nasyon Tribi yo, pèseverans yo mete ann evidans rezolisyon ak rezilyans Natif Natal yo genyen nan repons ak kriz sa a.

First Born nan Northwest New Mexico asosye l ansanm ak Indigenous Lifeways epi plizyè òganizasyon lokal ke natif natal yo ap dirije pou devlope inisyativ McKinley Mutual Aid lan. Nan twa dènye semèn sa yo, yo te rive kolekte plis pase $30,000 dola e yo te sèvi plis pase 300 fanmi Endijèn manje, dlo, ekipman pwoteksyon pèsonèl ak founiti pou ti bebe.

Nasyon Navajo a anrejistre pou kounye a la plis ka COVID-19 pa abitan ke nenpòt nan 50 eta Etazini yo, dapre Complex Media. Dlo a sèvi kòm kòd pou sove lavi pou goumen kont pwopagasyon kowonaviris lan, men deja gen plis pase 30% fanmi nan Navajo ki pa gen aksè ak dlo wobinè lakay yo, sitou akoz mank sèvis egou, elektrisite, sèvis sante ki apwopriye ak aksè wo vitès tout sa yo kontribye nan kriz sanitè grav sa a. Pwojè Dlo DigDeep’s Navajo–ki aktif lontan anvan kriz la–founi dlo pou sove lavi bay fanmi ki pa genyen yo. Gouvènman tribal yo, kolèj tribal yo ak lòt entèvenan yo travay an patenarya ak DigDeep pou ede asire chanjman dirab nan tout kominote yo.

Nan New Mexico—kote gen 23 nasyon souvren k ap viv (19 Pueblos, 3 Apache ak Navajo Nation)—Pueblos yo ap fè fas ak yon to enfeksyon ki elve anpil. Native American Budget and Policy Institute ak All Pueblo Council of Governors lan te kreye yon Plan Tribal pou repons ak COVID-19 an patenarya ak Depatman Zafè Endyen nan Eta New Mexico a.

Nan lide pou pataje resous aprantisaj ak timoun yo lakay yo atravè peyi a, Indian Pueblo Culture Center an te mete kourikoulòm inovan Indigenous Wisdom, Pueblo-based K-12 yo a disponib pou telechaje gratis ti cheri. Elèv yo ak fanmi yo nan plizyè kominote ka gen aksè ak yo epi eksplore yo.

First Nations anonse $635,000 kòm sibvansyon sipò pou kominote Endijèn yo ki nan peyi a nan premye liy konba kont COVID-19. Finansman Dijans pou reponn ak COVID-19 First Nations nan distribye lajan bay òganizasyon san bi likratif yo ak bay pwogram Tribi yo. Alabaz, yo priyorize resous yo nan zòn ki gen gwo konsantrasyon moun–California, New Mexico, Nòdwès Pasifik la, New York, Navajo Nation, Hopi Nation ak lòt kote COVID-19 la konsantre yo.

Konsèy Nasyonal Sante Endyen an (National Indian Health Board) (NIHB) te kreye yon paj resous Tribal pou reponn ak COVID-19 la pou pataje enfòmasyon enpòtan sou: pran swen moun ki pi aje yo, pale ak jèn yo, sèvis sante oral epi abòde kesyon ensekirite alimantè a. NIHB dirije tou yon efò nasyonal pou sekirize resous pou Nasyon Natif Natal yo pou konbat COVID-19 la epi edike responsab politik yo sou bezwen swen sante pèp Natif Natal ak kominote yo.

Kongrè Nasyonal Endyen ki nan Amerik yo founi mizajou lejislatif yo ak kowòdinasyon pou COVID-19 lan nan mitan Nasyon Natif Natal yo. Yo travay pou defann dwa popilasyon Natif Natal yo pandan konba kont COVID-19 la.

Native Voices Rising, ki se yon pwojè Native Americans in Philanthropy (NAP) ansanm ak Common Counsel Foundation (CCF) sibvansyone $500,000 dola bay 51 gwoup ki se sitwayen Natif Natal ap dirije pou ranfòse Endyen ki nan Amerik yo, kominote Natif Alaska ak Awayen atravè Etazini pou avanse ak solisyon ke kominote yo byen defini e ke se endijèn yo k ap dirije yo, ke anndan ke deyò rezèv la. Pou ede òganizasyon yo konbat kriz COVID-19 la, NAP ak CCF abandone tout depans administratif pou premye mwatye 2020 an, konsa 100% finansman yo pral jwenn òganizasyon kominotè yo dirèkteman. Ou ka jwenn lis konplè patnè k ap finanse yo la a, pandan Native Americans in Philanthropy a ap swiv envestisman global nan kominote Endijèn yo.

Alòske dirijan endijèn san bi likratif yo ap navige nan resous federal ki disponib yo atravè Lwa sou Èd, Soulajman ak Sekirite Ekonomik Kowonaviris la ak sa yo ajoute apre yo sou pwojè lwa sekou an, yo dwe aji byen rapid, pandan y ap antisipe sou dènye sèk finansman ki dwe depanse byen rapid la. La a w ap jwenn yon lis bank ke Ameriken Natif Natal posede k ap patisipe yo pou w konsilte pou aplikasyon epi sit entènèt Eta Preparasyon Finansye COVID-19 Native American Bank lan.

POLITIK YO PWOVOKE INEGALITE SISTEMIK

Anvan viris la, politik ki egziste yo te enfliyanse negativman devlòpman ekonomik la nan Peyi Endyen e se tout ekonomi rejyonal ak eta yo nèt ki te santi efè a. San asyèt fiskal, Tribi yo depanse anpil nan taks vant ak aksis yo ak resèt kazino yo fè (pou Tribi ki gen jwèt sa), pou finanse sèvis esansyèl gouvènmantal yo – lojman, edikasyon, swen sante, sekirite piblik ak sèvis sosyal. Gouvènman Tribal yo deja pa gen parite ak eta yo, ak gouvènman lokal yo epi gouvènman federal la nan zafè otorite fiskal. Kounye a, fèmti aktivite yo gen gwo enpak sou enfrastrikti fiskal minimòm ki egziste a ke Tribi yo itilize pou satisfè bezwen debaz yo.

yon baz fiskal solid, politik federal aktyèl la rann li difisil pou Tribi yo itilize opsyon egzonerasyon enpo yo ki an jeneral disponib nan eta yo pou finanse enfrastrikti gouvènmantal yo. Pou kèk moun, endistri jwèt Tribal la, ki reprezante $39.1 milya se kontibyab prensipal nan sèvis sa yo e se 12yèm pi gwo anplwayè nan peyi Etazini. Anplis, endistri a founi $17 milya bay gouvènman eta ak lokal yo. Anplis, endistri a founi $17 bilyon dola bay gouvènman leta ak lokal yo. Fèmti sèvis prensipal kondiktè ekonomik e vital sa a kreye sitiyasyon ki katastwofik nan kominote riral yo e l ap gen enpak trè byento sou gouvènman yo atravè peyi a.

Minda Corso
Minda is the digital communications manager at the foundation. She is responsible for hands-on execution of integrated digital marketing and communications strategies to support organizational as well as internal and external communications goals and objectives. She works with the communications team to identify, develop and execute digital marketing and communications tactics across the WKKF digital ecosystem. She collaborates with organizational peers and teams to elevate the foundation’s strategies, programmatic priorities, and relationships with priority audiences, including internal staff, grantees and external stakeholders.

    Catalyzing Community Giving (Pwomouvwa Kontribisyon Kominotè) pote kole ak filantwopi ke kominote moun koulè yo ap mennen nan nivo lokal la

    Previous article

    Pandan ka yon pandemi, pwodiktè emisyon televizyon pou timoun yo enplike Meksiken Endijèn yo nan konvèsasyon an

    Next article

    Comments

    Comments are closed.