Angajman KominotèEdikasyon

Li plis pase yon Bibliyotèk, se Yon Ajan Transfòmasyon Kominotè

0
The front view to the entrance of the Haiti Projcets' Community Library
The Haiti Projects’ Community Library is the first-ever Maker Library in Haiti.

This post is also available in: English (Angle)

“Yon bibliyotèk se pafwa premye etap pou transfòme yon kominote. Petèt se ka yon bagay yon moun te tande lè l te ladann, oswa yon bagay moun nan te li, oswa tou se ka yon bagay moun nan te patisipe ladan lè l te ladann, ki pral vin chanje direksyon lavi moun sa a... ki pral fè moun sa vin yon pwofesè, lidè, aktè, powèt, ekriven..."

Bibliyotèk Kominotè Haiti Projects’ la chita nan mitan Fondèblan, yon vil riral ki nan penensil sid peyi d’Ayiti. Bibliyotèk Kominotè a te louvri pòt li nan mwa janvye 2018. Bibliyotèk Kominotè sa a, plis pase yon senp bibliyotèk ki chaje ak liv e ak aparèy pou fè fotokopi; se yon sant kominotè ki bay fanm ak fanmi yo jarèt atravè kou fòmasyon pwofesyonèl; yon bibliyotèk mobil; kreyasyon travay atizan ak nan domèn apikilti epi l fasilite yo pou yo jwenn bon kalite swen sante, epitou pou yo gen aksè nan klinik mobil yo.

Depi 20 lane depase, Haiti Projects se yon poto mitan nan rejyon an; li ede fanm yo sipòte pwòp tèt yo ak fanmi yo.

Jounen jodiya, se Haiti Projects ki se dezyèm òganizasyon ki bay plis moun travay nan Fondèblan. Li bay plis pase 150 fanm atizan travay [komès ekitab] Fair Trade, e fanm sa yo fè pwodui bwodri alamen ak pwodui an-triko pou vann sou mache Ayisyen ak sou mache Ameriken. Haiti Projects ap jere yon ti bibliyotèk kominotè depi anviwon 20 lane, men tou dènyèman yo fè plan epi yo bati yon bibliyotèk ki gen 10 000 pye kare ak espas pou itilize òdinatè pou fabrikasyon.

Se premye espas pou fabrikasyon ak òdinatè ki genyen ann Ayiti

Bibliyotèk la se premye bibliyotèk ann Ayiti ki gen espas pou moun itilize òdinatè pou fabrikasyon. Espas sa a ke yo konn rele anjeneral “espas hakè” oswa laboratwa hakè”, se yon espas pou fabrikasyon ki bay moun ki frekante bibliyotèk la opòtinite pou yo itilize diferan teknoloji ak materyèl pou fabrike. Bibliyotèk Kominotè Haiti Projects bay leson kodaj, dans, wobotik, alfabetizasyon, lang ak anpil lòt leson. Konsèp kreyasyon espas pou fabrikasyon sa a pran nesans gras a koneksyon Haiti Projects genyen avèk Massachusetts Institute of Technology (MIT). Yo bati l selon modèl espas pou fabrikasyon ki nan MIT, ak yon lòt nan Boston ki sèvi timoun ki sòti toupatou nan vil la.

Depi lè yo kòmanse konstriksyon an, bibliyotèk la te reprezante yon veritab rèv. “Kijan pou nou konekte timoun ki nan zòn riral Ayiti ak rès mond lan defason pou nou louvri pòt aprantisaj la lepliske posib pou yo,” sa a se te deklarasyon Cherie Miot Abbanat, Direktris Jeneral Haiti Projects te fè.

Two Haitian girls reading in Haiti Projects' Community Library
De tifi Ayisyen k ap li nan Bibliyotèk Kominotè a
Haitian youths learning about sound production in the Haiti Projects' Community Library's TechnoClub.
Jenn Ayisyen k ap apprann pwodiksyon son nan TechnoClub Bibliyotèk Kominotè a

Bibliyotèk la reprezante senbòl pwogrè ak posibilite nan kominote a. Jounen jodiya yo itilize gwo sal konferans bibliyotèk la kòm espas pou rankont kap ankouraje kreyativite ak inovasyon pou mobilize aksyon kominotè.

Pandemi nouvo kowonaviris la prezante yon defi nan Fondèblan, sepandan Haiti Projects te reyisi pivote pwogram atizan an pou l fabrike mask ki fèt alamen, ki ka lave ak remete pou ralanti pwopagasyon viris la nan rejyon an. Yo te kreye pwototip mask sa a an kolaborasyon ak pwojè CO-Mask ki nan MIT. Pagen de tankou l, e yo fè l ak twal 100% koton batis ki double ak yon pòch pou mete yon filt anplis ladann. Depi atizan yo jwenn tout materyèl yo bezwen, yo kapab pwodui jiska jiska 1 100 mask pa semèn.

Jiska dat, Haiti Projects travay ak lidè lokal yo pou l distribye 3 000 mask gratis nan kominote a. Òganizasyon an pa ka tann pou l montre plis fanm kijan pou yo fè mask epitou pou li kapab ajoute plis orè travay pou l reponn ak bezwen plis pase 100 000 moun nan zòn Fondèblan yo.

Pwodiksyon mask figi a se sèlman yon aspè kle nan fason Haiti Projects reyaji fas-a COVID-19.

"Nou bezwen plis istwa. Nou toujou bezwen plis istwa paske n bezwen tande istwa ki soti nan kote tankou isit la tou. Si pou n byen konprann peyi nou an, nou pa kapab kite okenn vwa rete dèyè.”

Anplisdesa, yo bay enfòmasyon edikatif an Kreyòl nan estasyon radyo lokal la; yo chanje kote klinik sante mobil ak anplwaye yo ye pou bay swen prevantif nan pifò zòn rekile yo; yo pataje teknik pwodiksyon mask yo a ak lòt ONG epi yo fè tès depistaj COVID-19 pou pasyan planin familyal yo.

Ekip ki dèyè Bibliyotèk Kominotè Haiti Projects la te kontinye adapte l pou ede kominote a avèk sa li plis bezwen yo; e li ofri solisyon pratik ak rezolisyon pwofon. Yon moun ka di nan bibliyotèk ki sèvi pou anpil bagay sa a, se pa sèlman yon gwo koleksyon liv ki gen ladann, men se yon enkibatè pou brase lide, se yon kote kap ekri yon istwa sou bò pa li.

Lè yo te inogire bibliyotèk la le 29 jen 2018, Edwige Danticat ki se yon ekriven Ayisyen-Ameriken ki resevwa pri literè, te pale pou l fè bèl prediksyon. Nan diskou Madam Danticat la te gen yon gwo enspirasyon ak yon bèl vizyon lespwa pou bibliyotèk la. Madam Danticat te fè konnen kisa sa pral vle di pou istwa yap kreye pou rakonte, e pou pataje yo avèk lemond:

“Nou bezwen plis istwa. Nou toujou bezwen plis istwa paske n bezwen tande istwa ki soti nan kote tankou isit la tou. Si pou n byen konprann peyi nou an, nou pa kapab kite okenn vwa rete dèyè,” selon sa Madan Danticat di.

Gade videyo ki pi ba a pou ka konn plis enfòmasyon sou Bibliyotèk Kominotè Haiti Projects a.

Comments

Comments are closed.