EdikasyonSistèm Alimantè

Kreye yon sistèm alimantè ki pi jis nan Sid Tekzas: University of Texas Rio Grande Valley ede rejyon an rekòlte sa l te simen

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Yo konsidere Mission, nan Tegzas, kòm youn nan kapital pwodiksyon panplemous nan tout rejyon Sid la. Pandan plis pase 90 an, vil la akeyi Texas Citrus Fiesta ki fèt chak ane.

Epoutan, lè yo te bay elèv Mission Consolidated Independent School District (ISD) yo panplemous nan lench, fwi yo te manje a te soti Kalifòni. 

Alexis Racelis, direktè pwogram agwoekoloji nan University of Texas Rio Grande Valley (UTRGV) – yon Enstitisyon K ap Bay Ispanik Sèvis (HSI) – ak youn nan direktè Sant pou Agrikilti Dirab ak Devlopman Riral (SARA) nan lekòl la, te di li nesesè pou gen yon konvèsasyon ant moun k ap achte nan ISD yo ak agrikiltè rejyonal yo. 

“Se panplemous ki fè 1,600 mileyaj distans wout pou elèv Mission yo manje, alòske gen senk oswa sis jaden ki nan yon distans senk mileyaj ak lekòl nan distrik yo a, e gen kèk ladan yo ki se ti jaden fanmi fè ansanm ki sètifye òganik, ki respekte tè yo ak travayè yo, e konpayi yo a toujou an difikile,” Racelis te di. “Donk, gen lòt plantè k ap itilize tout mwayen ki nesesè pou yo eseye epi pwodwi manje – mwayen konvasyonèl ki depann anpil de pwodui chimik ak pestisid, ak gaz fosil. Nenpòt ki jan, tout manje sa a kite rejyon an – prèske ankenn nan rekòlt say o pa bay moun nan zòn nan manje. Donk, tout sa ki rete pou nou se enpak agrikilti a fè, men se pa oblije manje a.”

Kreye sistèm alimantè solid

Ak $250,000 sipò W.K. Kellogg Foundation (WKKF) grasa obligasyon pou l fè enpak sosyal li genyen an, SARA te ede fasilite diskisyon an. Mission Consolidated Independent School District (CISD) te vin dakò achte panplemous pou elèv li yo nan men agrikiltè nan zòn nan apati mwa fevriye 2023.

Vid ant sistèm edikatif la ak pwodiktè manje lokal yo reprezante youn nan paradòks ou jwenn nan Rio Grande Valley, kote plis ke 90% abitan yo se Ispanik/Latino. Li se youn nan sant agrikilti Ozetazini, epoutan l ap rankontre kèk nan pwoblèm sante ki pi grav nan peyi a, ak gwo pousantaj moun ki gen plizyè maladi alafwa, grangou ak pwovrete.

Grasa sibvansyon pou ranfòse kapasite a, SARA travay pou l agrandi ak akselere efò pou konstrwi yon sistèm alimantè solid e jis nan Rio Grande Valley, nan angajman ak patnè kominote lokal, grasa rankont li ka òganize ak gwoup travay ki gen manm otorite nan vil la, konpayi lokal yo, agrikiltè yo, pwofesè yo, òganizasyon ki gen baz nan kominote a, ak lòt pledwaye nan kominote a.  Li fè sa tou lè l agrandi kolaborasyon ki gen ant SARA, UTRGV Hub of Prosperity Farms ak lòt patnè nan kominote a nan rejyon ki bay èd teknik e ki ranfòse kapasite nan domèn alimantè ak agrikilti.

Racelis, ki òganize Rankont Houston Endowed pou Syans ak Teknoloji a e ki se youn nan 28 manm Komisyon USDA Pou Bay Tout Moun Menm Posibilite a, te di ke sipòte pwodiktè yo nan avantaj tout rejyon an.

“Plis nou ka sipòte agrikiltè lokal yo, se plis l ap nan avantaj nou, paske yo gen tandans pou yo gen bon prensip nan kiltive latè apati de pi bon pratik. Yo gen tandans trete anplwaye yo pi byen, kontribiye nan ekonomi lokal yo, e yo entegre nan idantite rejyon nou an.” – Alexis Racelis

Chanje fason nou panse de manje

Nan kad sibvansyon WKKF la, SARA te òganize premye Food Summit Earth Fest li a nan mwa avril 2023 nan UTRGV Edinburg Campus. Evènman an, ki te dire twa jou, te atire atansyon sou apwòch rejyon an pou kreye yon sistèm alimantè ki jis epi, fè preparasyon pou planifikasyon alavni. Evènman an te gen gwoup deba sou dwa agriiltè, aksyon ak kolaborasyon kominotè, chanjman règleman, aksè a manje ak sekirite alimantè, ansanm ak gwoup deba ant jèn yo sou lavni nan nouriti.

Marcos Cano, yon elèv 11èm èmane nan Mission CISD, te rakonte eksperyans li ak pwogram Mission CISD F.A.R.M.E.R.S. (Fèmye, Agrikiltè, Pwopriyetè gwo teren, Machinis, Enjenyè, Rechèchè, Founisè) pandan gwoup deba ant jèn yo.

Cano di : “Se pa jis yon kou. Se yon pasyon. Fòk ou sou beton an e fòk ou fouye. Men satisfaksyon w genyen lè w wè yon ti grenn semans vin tounen yon bèl plant k ap grandi, se pa yon bagay ou ka achte oubyen wè yon lòt kote. Se yon eksperyans pou w fè. Se petèt pi gwo eksperyans mwen te fè nan klas la. Sa a te ede m panse ak manje m.”

Devlope pwogram yo ak distri lekòl lokalite yo se youn nan fason SARA ap chèche aplike chanjman règleman yo nan nivo minispal, pandan y ap itilize anmèmtan  lajan federal yo pou ranfòse ekosistèm Rio Grande Valley a.

Nan yon deba sou aksè ak manje nan colonias ak dezè alimantè, Kate Fitzgerald ki soti nan Depatman Agrikilti Etazini (USDA) te fè konnen pandemi COVID-19 la fè moun dekouvri nan ki pwen sistèm alimantè a frajil. 

“Avèk gouvènman sa a, epi apre ekperyans COVID-19 la, n ap viv yon moman desizif, e pou premye fwa Palman an rive aksepte ak konprann gen yon bagay ki pa bon menm nan sistèm alimantè a lè COVID te frape,” se sa Fitzgerald te di odyans lan. “Ide ki fè kwè ou te ka annik pa achte vyann – men kounye a enflasyon frape tout moun – kriz la te mete pwoblèm sa yo aklè pou premye fwa. E pafwa se yon kriz ki pou rive pou nou ka avanse. Donk, Palman an te mete lajan pou USDA fè yon bagay byen presi: ranje bagay yo nan sistèm distribisyon manje a. E sa USDA te fè se mete lajan yo nan pwogram presi ki la pou konble vid ki parèt aklè yo.

Nan mwa jiyè 2023, USDA te lanse Pwogram Rejyonal Food Business Center a, e yo te chwazi zòn Rio Grande a kòm youn nan 12 zòn nan tout peyi a. Grasa pwogram nan, ti pwodiktè ak pwodiktè mwayen konpayi alimantè te resevwa asistans lokal pa mwayen aranjman, asistans teknik ak ranfòsman kapasite.

Pwogram Rejyonal Food Business Center a fè pati yon manda pou amelyore konpayi agrikilti ak tè yo, asire nou moun yo gen yon revni e sa ap rete konsa nan rejyon an, ak yon priyorite sou envestisman nan kominote yo, pwodiktè ak konpayi USDA pa abitye envesti ladan yo.

“Se konsidere travay la nan menm sans ti konpayi ak ti konpayi, konpayi lokal  ak konpayi lokal,” se sa a Fitzgerald di. “Soti nan yon sistèm ki konsantre pou al nan yon sistèm ki pi divès, yon sistèm ki gen konsantre patikilyèman sou kominote, pwodiktè, ak biznis yo ki gen rasin nan rejyon an pou yo kapab pwofite de echanj lè yo met tèt ansanm ak lè yo travay ansanm. Sa ta sipoze nan nannan Sant Konpayi Alimantè yo.”

SARA kontinye travay li pou l souliye pakèt resous nan Rio Grande Valley ki disponib pou timoun yo, fanmi yo ak kominote yo pou yo ka fè siksè. Pwen santral travali, se elèv UTRGV yo priyorite, ki fè bèl eksperyans nan domèn “agwoekoloji” a – etid ekoloji sistèm alimantè a, yon syans aplike pou fè jesyon amelyore a konnen fason nou pwodui manje, gaz, ak fib – anvan nou lanse nou nan responsabilite jesyon nan sektè prive ak òganizasyon byenfezans yo antanke ajan chanjman.

“Se tankou n ap prepare nou pou n pase alaksyon,” Racelis di. “Pou nou ka gen moun k ap travay nan diferan ajans men ki panse menm jan, ki ka ede nou pouse travay nou an pou pi devan.”

Comments

Comments are closed.