Ekite RasyalSante

Ekperyans fè pitit ki Nwa: ‘Nou ka gen lajwa ak jistis’

0
Photo credit: Birthing Justice

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Fanm nwa Ozetazini gen twa a senk fwa plis chans pou yo mouri nan gwosès ke fanm blan yo. Nan kèk vil, chif yo pi mal menm. Jan Ted Roelofs fè konn sa nan BridgeMichigan, “Mòtalite enfantil nan Detroit apèn miyò pase nan peyi Ejip ak Vyetnam.” E pou chak ka lanmò ki gen nan peyi a, gen 70 lòt ki te ka mouri. 

Malgre sa, gen rezon pou paran chak bebe Nwa ta selebre nesans pitit yo nan monn sa a. Yon nouvo dokimantè, Birthing Justice, ap soti nan Konferans Lejislatif Anyèl Congressional Black Caucus Foundation mwa sa a, k ap atire atansyon ak montre imanite istwa paran sa yo ak pitit yo dèyè chif sa yo.

Birthing Justice montre fason kèk entèna ak sistè, lopital yo ap chanje sistèm inekitab k ap koze move rezilta pou manman timoun nwa yo ak moun k ap fè pitit. Dokimantè a swiv fanm ansent, nouvo manman yo, patnè yo ak pwofesyonèl nan domèn sante ki bay tout yo menm pou sipòte rezilta pozitif pou manman, moun k ap k ap fè pitit ak tibebe yo. 

Jacoba Atlas, youn nan pwodiktè anchèf ak ekriven Birthing Justice la, di li swete ke dokimantè a ap chanje fason nou wè sante matènèl moun Nwa, chanje pèsepsyon negatif yo, ak selebre nesans moun Nwa. 

Atlas di: “Youn nan tèm nou yo se jistis pou tout manman ak tibebe yo, men nou vle rekonèt tou ke fè pitit, lè w ansent lè w ap akouche se bagay ki bay lajwa.” “Se yon istwa ki bay anpil emosyon lè w ap rakonte l — san emosyon sa a moun yo p ap antre ladan l. Nou pa pale an konesè. Nou montre vrè istwa moun toutbon. Nou rankontre kèk fanm ak gason estrawòdinè k ap travay nan domèn sa a.” 

Sistèm sante nan peyi nou an chaje ak istwa echèk nan bay swen pandan gwosès, akouchman ak peryòd apre akouchman pou manman ki Nwa, kote l montre nesesite pou apwòch diferan k ap mennen.

“Youn nan bagay nou pa sispann tande, sèke doktè ak founisè yo pa reyèlman pran tan pou koute medam yo, sitou fanm ak moun k ap fè pitit ki gen po fonse yo. Youn nan bagay ki fè sa se paske yo pa resevwa bonjan fòmasyon sou prejije.”

Atlas di: “Katrevenwit pousan fanm ak moun k ap fè pitit nan peyi sa a akouche nan lopital. Yo ta dwe santi opinyon yo konte epi yo gen kontwèl kò yo ak sa yo vle nan eksperyans fè timoun. Doktè ki pi jèn yo sanble plis dispoze koute; yo dispoze aksepte ke pasyan yo ta dwe gen dwa deside ki swen yo vle resevwa.”

Nan chak pati nan fim nan, youn nan ko-pwodiktè anchèf la, Denis Pines swete montre piblik la lavi prive ak moman entim ki gen nan kesyon fè pitit. Pines swete istwa chagren sa yo, men ki bay espwa tou, ap enspire moun administratè yo pou yo jwenn pi bon mwayen pou ede nouvo manman yo, epi amelyore rezilta nan seksyon matènèl la. 

Birthing Justice pale tou sou enpòtans pou divèsifye sektè medikal la. “Nou bezwen plis doktè Nwa, plis enfimyè Nwa. Nou bezwen plis oksilyè (asistan) ak fanm saj. Sa mande pou gen règleman ak pwogram k ap ogmante divèsite mendèv medikal la.” Pine te di. 

Birthing Jistice se yon apèl pou gen aksyon pou yon espas ki pi ekitab ak divès pou nouvo paran ak sa ki ansent yo – yon selebrasyon fòs ak reyisit moun Nwa k ap fè pitit, e se yon temwayaj enpak anpil pwofesyonèl ki kreye ekip toulède, e finalman kominote yo, lè gen kriz ak nan lòt moman, daprè pwodiktè fim nan. Birthing Justice envite tout moun k ap gade yo pou yo pa annik kanpe bò kot moun ki siviv e k ap rakonte eksperyans yo, men pou selebre ak yo kòm y ap pote nouvo ak bèl lavi nan yon monn k ap chanje.

Pwodiktè Birthing Justice yo te pote kamera yo Washington D.C., Georgia, California ak Missouri pou anrejistre eksperyans plis ke de douzèn fanm ansent ak nouvo manman. Pandan eksperyans lan, istwa lajwa ak jistis yo te kokenchenn enspirasyon pou fim nan. Menmsi te gen kriye, te gen lajwa ak rekonesans tou pou angajman kominote k ap travay nan kesyon akouchman an pou asire yo gen pi bon rezilta pou tout manman ak bebe yo. 

Pines fè konprann: “Lajwa ak jistis se de bagay ki ka mache ansanm. Moun yo konsidere jistis ak responsabilite tankou mo ki difisil e ki negatif. Men, an reyalite, sa n ap di nan fim sa a, sèke, ou pa ka rete bra kwaze pou fè ti bebe, manman yo ak fanmi yo jwenn lajwa,. Gwo chanjman mande gwo aksyon.”

Pou w aprann plis, vizite www.birthingjustice.com. Fim nan gen pou l soti nan fen ivè 2023.

Comments

Comments are closed.