Envestisman Enpak

Bay enèji ak yon vizyon otoktòn: Seyans kesyon ak repons ak Brett Isaac, Ko-fondatè Navajo Power

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Navajo Power, yon konpayi ki benefisye piblik la, travay ak òganizasyon moun otoktòn yo pou devlope gwo pwojè enèji pwòp epi, l ap reenvesti 80% benefis yo nan nouvo pwojè pou kominote Navajo yo.

Navajo Power vle bay plis ke $3 milya enfrastrikti enèji pwòp disi 2030 pou bay kouran nan majorite mache Ozetazini, espesyalman nan pati Sidwès la. Yon pati nan travay sa a se pote kouran nan kay moun Pèp Navajo a, kote gen 15,000 fanmi ki pa gen aksè a kouran. Navajo Power te lanse yon konpayi apa ki rele Navajo Power Home, pou konsantre sou travay pou pote kouran nan fanmi Navajo yo dirèkteman.

Ekip kominikasyon W.K. Kellogg Foundation (WKKF) la te rankontre Brett Isaac, ko-fondatè ak presidan jeneral Navajo Power pou yo te koze sou epòk konpayi a te fenk kòmanse, vizyon an pou pwojè enèji ki pwòp sou tè nan tribi yo, ak enpak yon envestisman $3 milyon WKKF nan kòmansman ane a, ki gen rapò ak pwogram PRI genyen an.

Pale nou de kòmansman devlopman Navajo Power.

Brett Isaac: Navajo Power te kreye akoz fristrasyon ak nesesite ki te genyen. Mwen te vin zanmi Dan Rosen [ko-fondatè Navajo Power], ki vin fè pati Pèp Navajo a pou defann konsèvasyon dlo epitou, li te aprann sou inegalite nan zafè aksè a kouran. Nou te nan yon seremoni yon pitit fi yon zanmi fanmi an; yo t ap selebre paske l t ap vin majè, sa yo rele yon Kinaaldá nan Navajo. Dan avè m te gen pou nou siveye dife a. Lè l lannwit, ou pale sou tout kalite bagay, siveye pou dife a ret nan yon nivo epi, bwè kafe. Lè l te vin ta nan mitan nwit la, nou t ap gade tèt mòn yo, kote tren ki pot chabon an pase sot Min Chabon Peabody a pou l al nan Santral Elektrik Navajo a. Te gen rimè ki t ap di yo te vle fèmen izin nan. Nou retounen sou menm konvèsasyon an: “kisa n ap fè?”

Nou te konnen aspè ekonomik la pa t menm; pa t gen okenn plan pou yo ranplase yon izin chabon ak enèji solèy. Enpak la, ekonomi an, pri enèji a ap koute jis twò diferan. Pousantaj sa ki fèmen yo se ogmante y ap ogmante nan lokal gaz fosil yo, e konpayi ki gen kouran yon fason tradisyonèl yo ka mete fen nan tout konvèsasyon sou fason pou rebati kominote yo. Donk, nou te kreye yon ekip pou Navajo Power piske nou konnen Tribi yo pral bezwen patisipe nan direksyon ak desizyon k ap pran yo.

Di nou plis sou lyen ou wè ki genyen ant lavi nan Navajo ak resous y ap eksplwate yo.

Brett Isaac: Mwen te grandi toupre min Chabon Peasody a; mwen te gen moun nan fanmi m ki te travay la. Yo te konsidere l kòm motè ekonomik rejyon an, yon enstitisyon. Fanmi k ap travay nan min yo te sanble fè plis lajan e yo te posede plis bagay, men kèlkeswa moun ki t ap travay nan izin nan – fanmi yo pa t janm wè yo. Yo te travay toutotan yo te kapab; yo te touche bon ti kòb, men min sa a te mande yon gwo kantite travayè pou te fè l mache. Li te klè yo te met fanmi yo nan yon pi bon pozisyon ekonomik, men se te sou fòs kouray yo. Sa te di vrèman di, sa te di anpil.

E pa t gen okenn mwayen pou fè pwogrè sosyal. M pa t wè kote Navajos t ap pase pou l rive nan gwo pozisyon. Moun chèche motivasyon pou bagay yo fè si yo ka wè tèt nou nan pi wo nivo a. E depi m te piti, m te konn mande tèt mwen: “Poukisa se pa nou? Kilè k ap tou pa nou? Nou toujou ap chèche men n pa janm rive – nou pa janm ka pran pi bon desizyon pou pèp nou an. M panse nou gen ekspètiz la. M panse nou gen talan an. Nou jis ap bay li lòt kote depi lontan.

Konpayi ak gouvènman nou an pa fèt nan avantaj nou. Pèp Navajo a te krete pou kontra lwil ak gaz; nou pa t gen yon gouvènman anvan yon moun te bezwen yon moun pou siyen yon dokiman. Chak antant te dwe adapte retwoaktivman, paske antant yo pa t jis.

Ak Navajo Power, se pa jis opòtinite n ap kreye; n ap eseye trete ak diminye plizyè dizèn ane eksperyans chokan ak kouran. Nou responsab pou nou chanje plan ak fason kominote yo fè echanj ak devlopman enèji.

Nou te vle di mache a: “si w vle devlope nan kominote sa yo, n ap leve nivo a nan yon nivo k ap koresponn ak moun yo. Si w vle vin la, w ap oblije respekte l. E si w ta pi bon pase nou, anfòm! Sa vle di n ap reyalize egzakteman sa n ap eseye fè a.”

Tande Brett k ap dekri opòtinite ki nesesè e ki konplike ak envestisman federal yo ak enèji pwòp.

Esplike nou poukisa kominote otoktòn yo ta dwe yon priyorite oswa pami benefisyè ki gen priyorite ak ajan ki gen priyorite nan resous federal ak natirèl yo.

Brett Isaac: Anfèt, se resous nou yo ki konstwi peyi a. Yo jis pran sou tèt nou. Nou pa sa nou te ye. Epi eritaj tout ansyen endistri sa yo – iranyòm, lwil ak gaz, chabon – toujou ap fè kominote nou yo mal. Youn nan rezon ki fè COVID-19 te gen yon gwo enpak sou Pèp Navajo a se paske te deja gen opresyon ak pwoblèm respirasyon nan kominote yo akoz ekspwatasyon enèji.

Yo gen yon dèt anvè kominote nou an. Toudabò, bay ekonomi an yo boulvèse a jarèt, men tou, rezoud enpak ak rezilta sa gouvènman federal la te fè pou pwofite kominote nou an nan avantaj gwo peyi yo. Yo pa pale sou fason eritaj ansyen endistri yo, apre disparisyon yo ak lè yo reveye pral pwal kite anpil kominote nan move eta. Se pa mache yo ki pral vrèman gen enpak sou vitès tranzisyon an; se ankourajman yo.

Foto pa Navajo Power

Èske w ka ba nou esplikasyon sou fason envestisman nan kad pwogram nan ki soti nan Kellogg Foundation ap sipòte travay Navajo Power a?

Brett Isaac: Youn nan pi gwo difikilte pou devlopman se jwenn lajan, espesyalman anvan devlopman. Pwogram byenfezans ak federal yo kreye plan ak evalyasyon, men yo pa envesti nan premye etap ki nesesè pou rive kote w prale a. Yo toujou konsidere ke gen plis risk nan devlopman pase envesti nan yon bagay ki gentan chita.

Envestisman ki sot nan Kellogg Foundation gras a yon PRI a, se yon bagay ki pot anpil chanjman pou nou. Kalite konfyans sa a pou envesti nan pwochen etap frajil sa yo nesesè pou nou mete metòd sou pye pou nou rive nan etap ki pi enpòtan an, pou nou ka fè Tribi ak Kominote Tribal yo gen konfyans ke gen enstitisyon ki kwè nan travay la. Lajan ki koreseponn ak misyon an se youn nan eleman ki esansyèl nou bezwen pou nou ka reyisi tranzisyon sa a. Li mete prensip sou fason tranzaksyon sa yo ka fèt. Nou ka bay lòt kominote bon konsèy; “se la mache a ye, se sa ki taks yo nan pati sa a nan peyi a, se sa ki fè yon pwojè reyisi.”

Lajan pou envestisman k ap pran tan pou bay rezilta a se yon lòt pati nan sa a. Finansman tradisyonèl opere nan yon peryòd tan ki al rapid; PRI a pèmèt nou pran tan nou. Kreye espas sa a pou kominote yo ap pèmèt yo pa pran desizyon san yo pa sou presyon.

Tande Brett k ap dekri fason envestisman Kellogg Foundation nan gen enpak non sèlman sou Navajo Power ak Pèp Navajo, men sou antreprenarya ak tout kominote otoktòn nan.

Yon rann dijital nan yon izin elektrik solè fotovoltaik sèvis piblik, ki ofri pa Navajo Power

"N ap travay ak Kellogg Foundation sou lide ke yon tranzaksyon peyi Oksidantal ka gen vizyon otoktòn. Li ka yon avantaj ak reprezantasyon kominote sa yo. Yo pa p mande nou pou n vin tounen yon lòt bagay. Y ap sipòte nou nan travay n ap fè kote nou ye a.”

Comments

Comments are closed.