Ekite RasyalEnvestisman Enpak

Soti Haiti ak Meksik pou rive nan SOCAP23: Patnè WKKF yo defann envestisman ki pote chanjman pami antreprenè nan zòn andeyò yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Chak ane, W.K. Kellogg Foundation fè patenarya ak SOCAP Global, ki gen yon platfòm ki rasanble antreprenè nan domèn sosyal, envestisè, ansanm ak dirijan fondasyon ak òganizasyon byenfezans pou ranfòse pratik envestisman ki pote chanjman pou yon ekonomi ki pi jis. SOCAP te kreye nan lane 2008, e li atire pliske 5,000 moun ki patisipe nan pi gwo evènman anyèl li. Lòt ane yo, SOCAP te rive wè yon ogmantasyon ni nan kantite envestisè ki vle pote chanjman, ni nan ekoulman kapital. Plizyè moun nan ekip WKKF yo te fyè pou yo te patisipe nan SOCAP23, ansanm ak benefisyè ak patnè yo, epi ankouraje konvèsasyon k ap fèt sou jistis rasyal ak entegrasyon tout moun apati de patisipasyon, sa gen ladan l de gwoup deba, yon atelye travay, ak seyans prezantasyon yon antreprenè nan domèn sosyal fè. Youn nan manm ekip WKKF la, Susie Lee, yon responsab PRI nan ekip Mission Driven Investments lan, te patisipe nan tout 16 evènman SOCAP yo epi òganizasyon an te fè yon entèvyou avè l ane sa a.

SOCAP23 te atire plis benefisyè ak patnè WKKF ki pa Ameriken pase nenpòt lòt ane, kote te gen 20 moun ki soti Ayiti ak Meksik pou ale San Francisco pou yo ka patisipe. De ladan yo te panelis, e 10 te prezante pwojè yo nan yon diskou prezantasyon.

Nan yon panèl ki titre: Opòtinite & Metòd pou Envestisman ki Baze sou Enpak nan Kominote Riral Ayiti ak Meksik: yon obligasyon nan kad jistis, Ofisyal Pwogram nan WKKF yo Dana François ak Sebastian Frías te patisipe ak patnè Patrick Dessources (CASELI) akJuana López Diaz (Juxta Nation) nan yon konvèsasyon sou travay yo, defi, opòtinite, enpak, pwofondè ak sans enpak lokal onivo kominotè nan zòn riral an Ayiti ak Meksik. Atelye travay ki te vin apre a te gen konvèsasyon an gwoup konsènan aplikasyon aksyon ki diferan nan kad filantwopi ak nouvo estrateji finansye pou debloke lajan k ap ede sou mache ki gen menm tip de fwontyè.

“Nou gen anpil pwoblèm [working in Haiti], [lè n ap travay an Ayiti] men mwen t ap di nou menm, kominote ak òganizasyon lokal la, se pwoblèm ki motive nou paske nou wè opòtinite nan chak pwoblèm.”

Patrick Dessources, ki se direktè egzekitif, Centre d’Appui et de Services aux Entreprises Locales et Internationales (CASELI)

Juana López Díaz ak Patrick Dessources.

“Mwen ta renmen di, antanke yon antreprenè e fanm otoktòn, ke envestisè ki ta renmen ba nou finansman yo ta dwe konnen se pa sèlman ak travay, travay, travay, n ap panse. Nou gen pwòp istwa nou, fanmi nou, sosyete nou,,, e mwen panse si w vle pote chanjman nan sosyete a toutbon, se sa sèlman k ap enpòtan… Nou gen pwòp vitès travay nou, e se pa machin nou ye.”

Juana López Diaz, Antreprenè, Juxta Nation

Apresa, te gen yon seyans prezantasyon ki te gen pou tit: Antreprenè pou Enpak Sosyal ki sot Ayiti ak Meksik. Dessources, López Díaz ak lòt moun te prezante 10 pwojè sosyal, nan mache pou atizana k ap devlope Meksik ak Ayiti, pou pote kouran ak enèji solè nan kominote yo an Ayiti, pou soutni travay ti agrigiltè posedan pou ranfòse sistèm alimantè yo, ak plis bagay toujou. Ou ka al gade ti biyografi antreprenè yo isit la.

“Nou panse sa ki fè [antreprenè sa yo] [these entrepreneurs] diferan, se paske yo soti nan kominote, y ap dirije pwojè nan kominote a, e yo vrèman ap reprezante opòtinite ak fason nouvo pwojè yo ka rankontre pwoblèm nan zòn riral yo.”

Sebastian Frías, Ofisyal Pwogram, WKKF

Dana François ak Sebastian Frías.

“Nou gen prèv dirèk ki montre antreprenè sa yo a latèt nan mennen chanjman enpòtan nan zòn riral yo.”

Dana François, Ofisyal Pwogram, WKKF

Gade piblikasyon ki gen rapò avè l la:
Pi gwo chanjman gras a Preparasyon pou Lavni nan kad Envestisman ak Filantwopi

Pockets of Hope te anonse nan Clinton Global Initiative

Previous article

Pi Gwo Enpak Gras a Preparasyon pou Lavni nan kad Envestisman ak Filantwopi

Next article

Comments

Comments are closed.