Fondatè nou an, Will Keith Kellogg te fonde fondasyon an nan lane 1930 nan mitan yon kriz ekonomik mondyal. Men sa li te di pou l fè konnen angajman li pran: “Mwen pral envesti lajan m nan moun.” Pandan 90 lane, W.K. Kellogg Foundation pouswiv misyon li selon kwayans misye te genyen ke moun gen kapasite pou rezoud pwòp pwoblèm yo.
Jodiya, pliske jamè, konfyans fondatè nou an te mete nan moun vin gen plis enpòtans oswa vin pi nesesè.
Nan mitan yon pandemi mondyal kap afekte moun koulè defason ki pa pwoposyonèl, nou atenn yon moman kritik — yon moman ki fòse nou imajine avni pitit nou merite a, yon lòt jan.
Si w wè yon chimen pou kreye yon mond ki pi ekitab, kite m prezante w Ekite Rasyal 2030…
Comments