This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Aksè ekitab nan tè agrikòl ak manje ki an sante tè a ka bay yo, se yon pati santral, men souvan ki neglije nan asire timoun ak fanmi yo pwospere. Kreye aksè ekitab nan tè agrikòl, sitou pou kiltivatè Nwa, Otoktòn ak moun ki gen po fonse (BIPOC), souvan mande chanjman nan règleman yo. Se pou sa travay National Young Farmers (Young Farmers) yo ap fè a vrèman enpòtan. Kòmanse depi nan kreyasyon Farm Bill a rive nan òganizasyon agrikiltè BIPOC yo pou pwofite de opòtinite pwogram Increasing Land, Capital, Market Access, yo rive fè gwo viktwa k ap bati avni pou agrikilti Ozetazini.
“Tèlman gen anpil bagay ki asosye ak agrikilti, tankou pataje manje ak repa ak moun, devlopman relasyon ak kominote a, ak jesyon tè a.” Se sa Michelle A.T. Hughes, ki se youn nan direktè egzekitif National Young Farmers Coalition te di.
Li ede dirije òganizasyon popilè ki gen anviwon 200,000 agrikiltè ak ak elvè ki anvizaje yon avni jis kote agrikilti pa gen vyolans rasyal, li aksesib pou kominote yo, li oryante sou byennèt anviwònman, epi bay sante plis enpòtans pase pwofi. Misyon yo se chanje pouvwa epi chanje règleman pou distribye resous yo egalman pou nouvèl jenerasyon agrikiltè yo. Antanke yon ansyen kiltivatè ki gen po fonse, Hughes esplike enpòtans pou mete opinyon ak eksperyans lòt kiltivatè BIPOC yo nan tout sa asosyasyon an ap fè.
Ekite ak responsablite kòmanse avè nou
An 2020, Hughes te ekri yon rapò sou responsabilite nan kad transfòmasyon ekite rasyal ki te pèmèt Young Farmers vin yon egzanp pou lòt òganizasyon ki pran angajman pou aplike ekite. Nan kad yon evalyasyon enpak ki dire tout ane a, Hughes te rankontre chak direktè pwogram nan òganizasyon an pou l te pale de tout aspè nan pwogram yo a, soti nan relasyon patisipan yo, pwosesis administratif ak konpansasyon pou anplwaye, rive nan konvèsasyon sou kalite kiltivatè yo t ap sèvi yo. Apre yo fin idantifye mankman ki genyen yo, asosyasyon an te lanse zouti tankou metòd evalyasyon, gid pou yo peye ak etap pou anboche moun ki te pwovoke yon chanjman klè nan kilti a pa mwayen yon apwòch ki trè konplè.
Katherine Un, ki se youn nan direktè egzekitif Hughes, te di: “Nou konsantre nou sou jèn kiltivatè nan tout sans. Konsèy direktè nou an, an akò ak règleman entèn nou yo, selon estati nou pral rete pou lavni ki konpoze de majorite kiltivatè BIPOC, e kounye a, konsèy direktè a konpoze an majorite pa jèn kiltivatè BIPOC yo». Fason ekip nou an ak konsèy administrasyon an fèt la, ansanm ak atansyon ak pasyon ki mache ak sa, se sa l panse ki se eleman kle nan siksè Young Farmers yo. Yon ekip ak konsèy administratif ki gen kalite moun diferan ak eksperyans agrikilti dirèk ede fòme ak amelyore tout pwogram “ki fèt e ki jere dapre prensip sa yo: agrikiltè yo se pi bon defansè tèt yo, epi istwa yo se pi fò mwayen nou genyen pou chanje kè, lespri ak règleman yo”. Se sa Un te di.
Òganize pou chanjman
Kòm toujou, òganizasyon ak aktivis enplike ak defi. Pou Young Farmers yo, se bati konfyans nan kwayans gouvènman an ap tande vwa divès jèn sa yo e politik yo ap chanje. Men, asosyasyon an kenbe konviksyon sa a byen djanm e yo aplike konviksyon sa a nan kad ekite ak dirabilite nan chak espas yo antre.
Kounye a, apre 10 an ap òganize, asosyasyon an te gen kèk gwo viktwa ki te ede nan pouse konfyans sa a nan moman bagay yo te difisil.
Aksè ak tè
Youn nan viktwa sa yo se pwogram Increasing Land, Capital, Market Access. Young Farmers te dirije yon repons rapid lè yo te anonse pwogram nan pou ede 19 òganizasyon BIPOC dirije aplike pou finansman pwojè aksè tè kominote a. Trèz nan òganizasyon sa yo te resevwa finansman. Pou majorite jèn kiltivatè yo, jwenn jwenn aksè garanti nan tè agrikòl se pi gwo difikilte. Young Farmers te kapab defann ak esplike sa pwogram 300 milyon dola USDA sa a ye pou yo ka fè vizyon sa a vin yon reyalite.
Aksè ekitab nan tè se pi gwo priyorite asosyasyon an. Aksè tè, ansanm ak pwogram ki jere ak sipòte yon gwoup ki gen divès jèn kiltivatè, pral kontribiye pou mete sou pye nan sistèm nitrisyonèl ki ekitab e ki solid pou jenerasyon k ap vini yo. Ozetazini, aksè ak tè se premye obstak jèn agrikiltè yo ap rankontre, e aksè sa a reprezante yon pi gwo difikilte pou agrikiltè ki gen po fonse yo. Ansanm ak patnè tankou National Sustainable Agriculture Coalition ak Land Loss Prevention Project, National Young Farmers Coalition ap travay sou yon efò pou amelyore aksè agrikòl pou pwochen jenerasyon kiltivatè yo.
Sipò sante mantal pou agrikiltè yo
Yon lòt bagay ki fè Young Farmers yo fyè, se paske yo gen yon kapasite pou yo ede nan tout nivo, se pa sèlman defann avni agrikilti nan yon nivo estriktirèl, men nan yon nivo endividyèl ki konsidere byennèt travayè agrikòl yo. Asosyasyon an te envesti nan kèk travay pwofon e ki gen sans nan kesyon sante mantal agrikiltè yo. Hughes dekri estrès fanmi ak finansye ansanm ak mank espwa pou karyè ki gen gwo konsekans sou anpil agrikiltè. Travay la fatigan e souvan ou ka santi w vrèman poukont ou. Kalite presyon sa yo te lakòz kantite travayè agrikòl gen yon to swisid ki siperyè a 50% nan tout peyi a.
Nan dènye Farm Bill la, asosyasyon an ak alye yo te defann e te rive genyen 20 milyon dola pou finanse sante mantal agrikiltè yo. Finansman sa a te divize an senk sibvansyon rejyonal epi yo te bay asosyasyon an finansman pou rejyon Nòdès e yo te itilize l pou devlope ak mete Cultivemos sou pye. Cultivemos se yon pwogram kiltivatè dirije ki pran yon apwòch konplè pou abòde sante mantal kiltivatè yo pa mwayen resous ak swen aksesib e ki respekte kilti. Yo bay sèvis dirèk tankou yon liy telefòn dirèk ak bibliyotèk resous ann Espanyòl ak Anglè. Cultivemos pran yon apwòch ki byen òganize tou lè yo fè plis travay endirèk pou edike ak bay lòt enstitisyon ak òganizasyon mwayen pou ede yo kreye yon rezo aksesib e ki respekte kilti yo pou reponn ak bezwen inik travayè agrikòl yo.
Agrikilti se yon vokasyon
National Young Farmers Coalition konprann pou anpil moun, travay agrikòl se plis pase yon fondasyon ekonomik ak sosyal nan peyi nou an – se vokasyon yo pou mete men yo nan tè a. Yo kreye kominote, mwayen pou viv, ak kilti. Yo panse tou sou fason yo jere tè a ak resous natirèl yo pou yo ka soutni jenerasyon kap vini yo. Men sa Hughes di: “Pa gen okenn lòt bagay mwen ta ka janm fè ki ta banm menm satisfaksyon ak travay agrikilti. Ou se yon moun, ki gen objektif pou w la, rekreye”.
Vizyon Young Farmers yo solid. Yo kanpe an solidarite ak mouvman mondyal k ap fè vanse dwa pou moun jwenn manje ak kote ki apwopriye. “Nou kwè nou gen yon jenerasyon ki pou transfòme agrikilti nan sèvis pou kominote nou yo ak tè a.” Se sa Hughes te di.
“Jenerasyon sa a se nou menm”.
Comments