Ekite RasyalTravay

N ap kreye mwayen pou fè l vin posib pou gen salè elve nan kominote ki pa reprezante ase yo

0
Photo credit: Isabel Lopez Slattery

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan premye mwa pandemi an, Stacia Mason te kòmanse travay nan yon depo Amazon nan zòn Lwès Michigan. Travay la te mande anpil fòs fizik, men li te toujou demontre kapasite l pou l jere lòt responsablite.

Nan ane apre a, Stacia te resevwa twa pwomosyon li te byen merite. Sepandan, malgre devouman l te gen pou travay la, li te twouve salè a pa t ase pou reponn ak bezwen l yo.

“Mwen te oblije pran desizyon difisil pou kite pozisyon mwen akoz pwoblèm gadri. Jwenn yon gadri apwopriye imedyatman apre COVID te difisil, e sa te mete nou nan yon sitiyasyon difisil,” li eksplike.

Apre tan l te pase nan Amazon nan, Stacia te pran yon ti poz pou l te konsantre l sou pran swen tèt li ak bebe l yo.

Finalman, li te jwenn yon pozisyon kòm manadjè yon konpayi netwayaj, li te touche $25 pa èdtan. Pandan peryòd sa a, li te kontinye eksplore lòt opòtinite karyè, patikilyèman nan endistri teknoloji a, byenke li te kwè li pat gen kalifikasyon pou pozisyon sa yo paske li pat gen diplòm inivèsite.

“Yon jou, pandan mwen te lakay mwen, mwen te resevwa yon bwochi nan lapòs de West Michigan Center for Arts and Technology (WMCAT). Nan bwochi a, yo te anonse lansman premye gwoup (pou fòme) nan gouvènans, risk ak konfòmite nan sekirite enformatik,” li sonje. “Sa te sanble tankou yon moman diven.”

Kèk jou apre, Stacia te aplike avèk anpil antouzyas pou pwogram lan epi byen vit li te aprann li te asire plas li.

Stacia te vin fè pati premye gwoup fòmasyon WMCAT sou sekirite sou entènèt nan gouvènans, risk ak konfòmite, nan kad Pwogram Fòmasyon Karyè Moun Majè òganizasyon an. Pwogram sa a ki dire sèt mwa a te ofri l posibilite pou l suiv kou yo lakay li pandan l t ap resevwa yon ti lajan pou ede ak nenpòt  ijans finansye ki ta ka rive.

Jamon Alexander se prezidan ak Direktè Jeneral WMCAT. Li te ede nan lansman pwogram nan nan mwa oktòb pase a.

“Objektif nou se adrese eka revni ak richès nan kominote nou yo, e teknoloji bay posibiliye pou moun touche bon ti kòb,” se sa l te di.

Dènye done ki soti nan Institute for Women’s Policy Research (IWPR) montre fi nwa nan Michigan k ap travay a plentan fè prèske 65% mwens lajan pa ane pase gason blan ki okipe menm pozisyon yo. Si n vle di sa yon lòt fason, gason blan nan eta a fè plis pase $21,000 chak ane ap travay a plentan pase fi Nwa yo.

Jamon di pwogram nan fèt egzakteman pou angaje moun ki idantifye kòm Nwa, Otoktòn oswa moun ki gen po fonse.

“Nou konnen manm kominote BIPOC ak fanm pa reprezante ase nan karyè teknoloji. Kifè pou nou, li te enpòtan pou nou sible kominote BIPOC ak fanm pou yo gen aksè a opòtinite ki pral mennen nou nan lavni."

Dènye gwoup sa a te gen 12 moun e gen 11 ki te gradye. Plis pase mwatye nan yo se Nwa, 18% Latino oswa Ispanik, 18% Azyatik Ki Sot Zile Pasifik, e 9% sot nan plizyè ras. Prèske 64% nan moun ki gradye yo se gason e 36% ki se fi.

Pou garanti siksè etidyan sa yo, Jamon te rekonèt enpòtans pou bay chak moun nan gwoup la sipò ki apwopriye e ki adapte.

Apwòch konplè sa a te mande pou nou bay yon espesyalis terapi devwe ki travay ak moun endividyèlman ki te rete disponib pou elèv yo pandan tout pwogram sèt mwa a, ki ofri asistans esansyèl nan eksperyans ak sante mantal yo.

Met sou sa, yo te bay elèv yo aksè ak yon navigatè avantaj eta a ki te fasilite pwosesis aplikasyon an lè sa nesesè pou avantaj eta a finanse tankou Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP) oswa Medicaid.

Se apwòch ki “bay moun priyorite” sa ki te motive Tracie Coffman nan W.K. Kellogg Foundation pou fè patenarya ak WMCAT nan travay la.

“Mwen toujou ap eseye panse ak espas yo ki gen chemen karyè pou anpil pwogrè e k ap pèmèt moun touche bon ti kòb men nan moman an, men ki aktyèlman gen prensipalman blan,” se sa l te di. “Teknoloji se youn nan domèn sa yo.”

Dapre Rapò Sou Eta Mendèv la ki soti nan CompTIA, yon Asosyasyon benevòl Endistri Teknoloji Enfòmatik ki nan Illinois, plis pase 200,000 moun nan eta Michigan ap travay nan teknoloji. Sepandan, se sèlman 27% ladan yo ki se fi, e mwens pase 10% se Nwa, e sèlman 3% se Ispanik oswa Latino.

“WMCAT te enterese anpil pou l chanje sa e l vrèman vize moun ki gen koulè po fonse pou kategori sa yo nan chemen sa yo atravè fòmasyon sa a,” se sa Tracie esplike. “Sa ki gen yon rapò dirèk ak youn nan domèn nou te espere konsantre sou li nan Grand Rapids.”

Yon moun k ap travay nan sekirite sou entènèt nan gouvènans, ris ak respè règleman kòmanse touche ant $60,000 ak $70,000 chak ane.

Li te di: “Domèn teknoloji a gen anpil inegalite rasyal akoz moun ki gen aksè ak chemen karyè nan endistri a.” “Men, met sou sa, chemen sa yo se pa sèlman salè pou pèmèt ou viv … yo se salè kote moun nan byen touche.”

Li pa t bezwen pran tan pou l reflechi pou l sipòte yon pwogram ki ka ede yon fanmi soti nan sitiyasyon kote l ap tann chak ti chèk pou l kouvri depans li pou l vin resevwa salè kote l ka viv byen.

“Sa te enteresan anpil pou m envesti nan travay ki ta pral vrèman ede fanmi po fonse yo chèche salè ki t ap ede yo menm ak timoun ki nan kay sa yo reyisi.” se sa Tracie te esplike.

Stacia di: “Lè w sonje sèt mwa yo te pase ap aprann nan pwogram nan, sa te bèl anpil.”

Li te di: “Te gen anpil pati ki te rete pou met an plas paske se nou ki te premye klas la, men, pou sa ki gen pou wè ak ekip nou te genyen an ak moun k ap bay fòmasyon yo— se te yon bèl bagay. “Nou te rive aprann konn kiyès nou ye antanke moun ak fason pou nou mete fòs sa yo nan travay pou nou nan domèn biznis ak nan sektè antrepriz la.”

Pwogram lan bay yon melanj klas an pèsòn ak vityèl pou satisfè orè travay divès moun.

Men sa Stacia di: “Nou te menm te gen opòtinite pou itilize reyalite vityèl pou kèk nan aprantisaj pratik nou yo, pandan nou chita anndan lakay nou.”

Apre anpil sware byen ta li pase ap etidye ak aprann, nan fen mwa jen, Stacia te pran devan pou gide klas gradye l la nan pwochen etap nan eksperyans yo lè l fè yon diskou nan gradyasyon an.

“Kounye a mwen fini pwogram lan, mwen pa kapab anpeche tèt mwen santi yon santiman fyète, eksite, ak akonplisman ekstraòdinè. Mwen rekonesan pou chenn evènman chans ki te mennen mwen isit la, sa montre ou pa bezwen yon diplòm inivèsite pou reyisi nan teknoloji.”

Apre bèl nuit sa a, Stacia te resevwa anpil òf travay nan men moun k ap rekrite moun ki te anvi anboche l.

Men sa l te di: “Lefètke yo te envite m pou m aplike pou pozisyon sa yo, se yon bagay mwen pa t janm ka reve ditou.”

Jodi a, Stacia travay aplentan kòm yon analis gouvènans, ris ak respè regleman nan Acrisure, yon konpayi ki vann asirans nan zòn nan. Li travay lakay li, sa ki ba l posibilite pou pran swen pitit gason l ki gen 2 lane. Li te konn touche $25 pa èdtan anvan pwogram WMCAT a, e kounye a l ap touche $70,000 pa ane.

“Mwen pa t janm wè tèt mwen pa gradye nan inivèsite epi pou m toujou kapab touche sa m ap touche a,” se sa l ajoute.

Salè yon moun tankou Stacia ka touche ka plis pase $120,000 dola chak ane.

Pou Stacia, se pa sèlman revni ki stab e ki bèl ki te ede l vin pi endepandan, gen plis konfyans ak sekirite, men tou se nan ki pwen li renmen travay l ap fè a toutbon.

“Se pi bon travay mwen te janm genyen. Ekip mwen an solid anpil. Yo vrèman itil e yo janti. Apre sa, yo ede m nan pwosesis aprantisaj la, epi yo gen bon konpòtman,” se sa l te di.

Jodi a, Stacia santi l gen plis konfyans pase anvan pou sa l pwouve tèt li li ka akonpli.

Men sa l di: “Moun k ap bay ankadreman ak pwofesè nan pwogram nan vrèman ban m anpil satisfaksyon.” “Yo te ankouraje m, yo te mete aksan sou pwen fò mwen epi yo te motive m pou m kontinye pouse pou pi devan. Yo te ban m bagay esansyèl m ap bezwen pou m fè pwogrè nan domèn teknoloji a.” Se sa l te ajoute.

Nan ane k ap vini an, WMCAT pral ajoute fòmasyon nan jeni sekirite cloud met sou fòmasyon l genyen deja sou gouvènans, ris, ak respè regleman nan kad fòmasyon sou entènèt sekirite gratis la. Pwojè sa yo ap bay trant moun k ap viv nan Sektè Kent posibilite pou yo jwenn opòtinite travay ki byen peye e pou yo reyisi.

Tout foto yo se Isabel Lopez Slattery ki fè yo

.

Yon chen ki pèdi ak yon chante rosiyòl pou sove lang Maya yo

Previous article

Selebrasyon Aksyon Kominotè: Yon moman enpòtan pou edikasyon timoun piti nan Battle Creek

Next article

Comments

Comments are closed.