Ekite Rasyal

The Teaching Well: Soutni ak Ranfòse Pwofesè yo Grasa Gwoup Afinite Gerizon Rasyal

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Rann pi djanm sante ak byennèt timoun yo, vle di souvan pou pran swen sante ak byennèt granmoun k ap pran swen yo a, ansanm ak pwofesè yo.

Annik mande Lindsay Fuller, direktè jeneral The Teaching Well

Fuller di: “Anseye se yon metye ki bay strès. Yo souvan atann pou pwosesè yo jwe plizyè wòl pandan y ap jere sitiyasyon ki konplike ak sipèvizè oswa kòlèg yo, an jeneral ak yon ti kras mwayen, sank e yo pa menm bayo anpil sipò ni rekonesans.

Pwogram Gwoup Afinite Gerizon Rasyal The Teaching Well la—ki jwenn sipò W.K. Kellogg Foundation (WKKF)—ap travay pou rezoud pwoblèm sa a. The Teaching Well se yon òganizasyon byenfezans nan peyi a k ap travay pou byennèt moun yo te kreye nan Oakland, Kalifòni, sou teren Tribi Ohlone, k ap bay lekòl ak òganizasyon byenfezans nan tout peyi a sèvis. Yo pran angajman pou bay pwofesè yo sipò nan domèn mantal, emosyonèl ak fizik pou yo ka kontinye bay kominote yo sèvis.

Fuller, yon pwofesè ak ansyen administratè, di ke anpil nan pwoblèm sa yo te kòmanse depi anvan l te pwofesè nan klas, sa gen prèske dis lane. Men pandemi COVID-19 la te fè tout bagay vin pi mal, tansyon an te vin plis, piske pwofesè yo te gen pwoblèm pou yo soutni elèv yo ak fanmi yo, epi yo te gen pou yo jere klas ki te fèt anliy ak an pèsòn.

Reponn ak Chòk Kesyon Ras la Lakòz nan Tout Peyi a

Nan dat 25 mas 2020, lapolis te asasinen George Floyd, yon mesye Nwa 46 lane, nan Minneapolis, Minn. Tout peyi a te sou chòk, nan lapenn e moun yo te vrèman fache. Anpil moun te santi yo te twomatize—akoz sa k te pase a ak konsekans sa te genyen, paske nan moman yo te asasinen Floyd la se te yon peryòd kote anpil medya t ap pale de vyolans rasyal ki t ap fèt kont Nwa Ameriken yo. 

Ekip The Teaching Well la te mande tèt yo kisa yo ta ka fè pou yo ede. Fuller te reponn: “Nou konnen ke youn nan don nou genyen, se kapasite pou nou kreye espas pou gerizon.” 

Donk, yo te kreye yon seri gwoup gerizon pou pwofesè K-12 yo pou analize dinamik avan lanmò Floyd la nan yon aspè rasyal. Nan jen 2020, The Teaching Well te lanse seri nasyonal anliy yo, òganize gwoup afinite gerizon rasyal pou pwofesè Nwa, Ameriken ki gen orijin Azyatik/Zile Pasifik, Latino Ameriken, Blan ak miltirasyal, kote yo pran 125 patisipan nan tout Etazini ak Kanada. 

Patisipan yo te reponn ak kè kontan. Yo te vle plis.

Ak sipò WKKF, The Teachin Well te planifye pou kreye yon pwogram gerizon rasyal transfòmatif pou pwofesè yo ta kapab patisipe pandan tout ane a. Pwogram nan te gen ladan l yon rankont Komite Sajès Miltirasyal ki gen espesyalis ki nan plizyè domèn pou jwenn enfòmasyon, konsèy epi fè rekritman, ansanm ak yon fòmasyon konplè animatè miltirasyal pou dirije gwoup d afinite yo. 

Te gen nèf gwoup d afinite ki te kreye nan ane akademik 2021-2022 a. Kòm repons a vyolans anti-azyatik yo ki t ap ogmante nan peyi a, The Teaching Well te kreye twa gwoup gerizon Azyatik pou Ameriken ki gen orijin Azyatik/moun ki soti nan Zile Pasifik yo, pou moun ki sot nan Moyen Oryan/Afrik Dinò (MENA) ak nan Azi Sidwès ak Afrik Dinò (SWANA) pou yo ka atire atansyon sou kominote sa yo. Pawòl la pral gaye talè konsa. Tribi Haudenosaunee nan Eta Nouyòk la te reponn ak lansman an ak gwo angouman e yo te mande pwòp gwoup pa yo, donk The Teaching Well te kreye yon dezyèm gwoup anndan tribi a.

Aprann jere chòk kesyon ras la lakòz

Dapre Fuller, gwoup yo fèt yon fason pou soutni eksperyans ki pèmèt patisipan yo reviv santiman chòk yo nan kò yo, panse yo ak sistèm serebral yo. Sa ta ka fèt plizyè fason, sa depan de gwoup la. 

Pa egzanp, Fuller te anime yon gwoup d afinite moun Nwa kote patisipan yo te li istwa kote yon pwofesè t ap viv prejije kont moun Nwa nan yon lekòl. Apresa yo te travay an gwoup pou analize eksperyans sa a, patisipe nan pratik fizik ak rechèch ki òganize sou enpak plizyè eleman nan istwa a ki gen sou sistèm serebral yo. Kijan pou yo reponn si yon bagay konsa rive yo? Kijan y ap bay pwofesè sa a sipò?

Fuller di konsa: “Antanke animatè, nou te deside pou nou pa rakonte istwa pèsonèl nan seyans sa a paske nou pa t vle twomatize moun yo lè nou pale sou eksperyans yo ankò. Donk, nou fè aktivite a fason nou panse ki t ap plis konsantre sou gerizon pou kominote presi nou an.”

Pwogram pou ane akademik 2022-2023 a te vin tonbe nan yon konferans miltirasyal vityèl pou twa jou, distans ki te konsantre sou kreye relasyon, eksperimante kontantman, ak aprantisaj. Rankont lan te ofri twa kalite seyans: gen kèk ki te gen rapò dirèk ak chak gwoup d afinite, kèk te rasanble tout gwoup yo ansanm, ak kèk seyans pou “echanj” ki met de oswa twa gwoup ki gen afinite ansanm pou pale de sijè ki t ap plis ka geri kominote yo. Pa egzanp, yon seyans ki gen tout gwoup yo te konsantre sou kesyon koulè a, pandan yon gwoup “echanj” ki gen SWANA/MENA ak gwoup anndan Tribi yo, te konsantre sou kreye solidarite nan kesyon mouvman anrapò ak dwa teren moun otoktòn yo.

Pwogram nan ‘te depase atant mwen’

Yon patisipan Nwa nan gwoup d afinite yo te di pwogram nan te “depase sa m t ap atann nan dis fwa. Okòmansman, mwen t ap atann mwen pou m annik chita ap swiv epi bati relasyon, men m pa t janm atann mwen ak gwo chanjman ki te fèt pandan tout ane a. Tout eksperyans sa a te pouse m re-analize fason m wè jan m pran swen tèt mwen, fè pledwari, diyite ak liberasyon.”

“Mwen pa t janm konn jis nan ki pwen sa t ap pouse m grandi,” dapre sa yon patisipan yon gwoup d afinite Blan te remake. “Gwoup sa a te reponn yon pakèt kesyon ki nan kè m mwen pa t menm konnen si yo te la.”

Pou ane akademik 2023-2024 a, The Teaching Well ap dirije sis gwoup d afinite pou pwofesè Ameriken ki gen orijin Azyatik/Zile Pasifik, Azyatik nan Rejyon Sid, Nwa, ant Tribi, Latino Ameriken ak Blan. Finansman ki soti nan Kellogg Foundation ap sipòte de lòt ane nan pwogram nan.

Fuller te di ke gerizon rasyal ka pote yon gwo chanjman nan fason pwofesè yo jere sitiyasyon ki bay strès nan travay, sa gen ladan l fason yo fè konvèsasyon ak elèv yo, paran, ant youn-lòt. “Yon aspè nan gerizon rasyal nou an se nan fason nou trete lòt moun ki se nan menm ras ak nou; fason nou rete kè pòpòz lè yon sitiyasyon ki gen rapò ak ras deranje nou; fason nou reponn olye nou reyaji; epi rete kalm nan youn konvèsasyon difisil ak yon sipèvizè oswa yon kòlèg, yon paran ki fache, sitou lè gen diferans nan idantite,” dapre sa l di. 

Pa egzanp, lè n ap jere yon kesyon disiplin, Fuller di konsa: “Mwen ka reponn olye m reyaji parapò ak yon timoun, gen mwens chans pou m voye yo ale pou yon referans oswa mwens chans pou m rele sou yo. Gen plis chans pou m konsidere konpòtman yo kòm yon okazyon pou yo aprann oswa apwoche yon kòlèg epi di, ‘M panse gen yon solisyon ki ka mache pou nou toulède a.’” 

Fuller di : travay la difisil. “Men nou kwè travay nou an ap ede nou fè pwofesè yo, nonsèlman rete nan metye a, men tou kontinye fè yo santi yo byen nan metye a—ki se sèvi timoun.”

Fuller di, pou fini, gerizon rasyal la mennen nan liberasyon kolektif. “Nou konnen rout gerizon an, e li anrasinen nan kominote a. Lè nou tout santi nou byen, se lè sa nou ka libere.”

Comments

Comments are closed.