Kijan yon konbinezon pratik fanmsaj tradisyonèl ak modèn ap transfòme lavi moun nan Meksik riral

Se BBC StoryWorks Commercial Productions ki te pwodui istwa sa a pou W.K. Kellogg Foundation kòm yon pati nan seri sou entènèt Konsèy Entènasyonal Enfimyè, Caring with Courage, pou selebre istwa ekstraòdinè enfimyè atravè mond lan, ak kontribisyon yo nan sektè swen sante. Li disponib an angle, panyòl ak kreyòl ayisyen.

Kredi: Se Gabriela García Rivas ki soumèt videyo a

"Yo kenbe avni kominote yo nan men yo"

Gabriel García Salyano,
Global Pediatric Alliance

Se María Luz Díaz Hernández ki soumèt imaj sa a, yon fanmsaj nan mouvman Nich Ixim nan.

Nan rejyon plen mòn sid Meksik, kominote endijèn yo, pandan plizyè jenerasyon, al jwenn fanmsaj tradisyonèl pou mete nouvo vi nan mond lan. Doktè fèy, masè ak gerisè sa yo konte sou teknik ak konesans ke yo te transmèt ak rafine pandan plizyè lane.

Aparisyon medsin modèn nan 20yèm syèk la vin mete ansyen pratik sa yo, ke fanm dirije, sou kote.

Men pandan lane ki fèk sot pase yo, gen gwoup ki pledwaye pou pratik fanmsaj endijèn yo ki pa sispann travay ansanm ak ONG yo pou jenere yon nouvo vag rekonesans pou akouchèz tradisyonèl yo, pandan yo konbine eritaj fòlklorik rich yo a avèk teknik obstetrik oksidantal pou kenbe manman yo ak tibebe yo sekirize epi pou mete yo alèz.

Yon pwofesyon yo akòde nan rèv

Nan kilti maya peyi Meksik, yo bay rèv gwo enpòtans. Yo konsidere yo tankou yon fenèt sou avni yon moun, yon fason pou resevwa konsèy nan men mond espirityèl la. Pataje ak entèprete rèv se yon fason pou transmèt konesans atravè kominote a. 

Kidonk, lè Ofelia Pérez Ruiz, ki gen laj 40 lane, te fè yon rèv pwisan pandan l te nan kòmansman laj ventèn li, ti te gentan konnen ke l te resevwa yon apèl pou yon nouvo chimen nan lavi a. “Nan rèv la, yon dam ki pi aje t ap gide m epi eksplike m kijan sa ye lè yo akouche yon tibebe byen ak lè yo akouche l mal. Se nan moman sa a ke mwen te santi don mwen an reveye,” jan Ruiz di l. Li te konnen ke l t ap resevwa yon apèl pou patisipe nan yon ansyen pwofesyon pou l te vin tounen yon partera oswa fanmsaj. 

Ruiz soti nan minisipalite Chenalhó a nan tè ki sou anlè nan eta Chiapas, sou fwontyè sid peyi Meksik. Chiapas se yon rejyon ki gen forè ki dans ak resous natirèl ki rich, men li se youn nan zòn ki pi pòv nan peyi Meksik tou, avèk anviwon 74 pousan abitan li yo k ap viv nan povrete. Anviwon yon tyè moun nan Chiapas se maya endijèn, epi anpil nan yo jiskaprezan ap viv lavi yo yon fason tradisyonèl. Nan zòn ki lwen yo, se sou latè moun yo viv, pandan yo pa gen anpil aksè ak sèvis piblik yo. Pou resevwa tretman medikal, sa mande deplasman sou distans ki long, souvan apye, pou al nan vil ki pi pre a. Pandan plizyè jenerasyon, kominote riral yo te konte sou “parteras” yo, pa sèlman antanke fanmsaj, men antanke gerisèz epi konseyè tou. 

Ruiz se youn nan omwen 5,000 fanmsaj tradisyonèl ki genyen nan eta Chiapas la, selon chif ofisyèl yo, menm si li panse ke nati enfòmèl travay la vle di ke vre kantite a ka lontan pi wo. Li di ke anviwon youn sou twa akouchman ki fèt nan eta a se fanmsaj tradisyonèl ki fè yo. 

Pratik fanmsaj tradisyonèl la te toujou yon metye ki bay sajès yon moun genyen kòm eritaj gwo valè. Menm si Ruiz te patisipe nan kèk fòmasyon medikal nan kòmansman pwofesyon li, li te “resevwa konesans ki te transmèt jenerasyon apre jenerasyon” tou, nan men granmè l ak manman l, ki te fanmsaj tou. Menm jan ak “parteras” ki te la anvan li, li te aprann konpetans tankou ki fèy pou l al chèche sou tè yo pou l itilize pou fè te pou manman yo, kijan pou l fè masaj pou fè travay la avanse oswa jere doulè a, kijan pou l vire yon tibebe pou mete l nan bon pozisyon epi kijan pou l okipe l nan moman apre akouchman an.

Fanmsaj yo, ke yo pa peye oswa ki resevwa donasyon volontè sèlman, jwenn anpil respè nan kominote yo. Men se lè Ruiz te deside etidye pratik fanmsaj yo yon fason pi fòmèl nan lekòl enfimyè a ke li te reyalize ke te gen obstak pou resevwa menm respè a pami pwofesyonèl domèn medikal la.

Pandan yon gwo pati nan fen 20yèm syèk la, yo te ankouraje akouchman nan lopital yo anpil nan kad politik nasyonal sou sante yo nan peyi Meksik, sa ki te gen pou objektif pou diminye mòtalite manman ak tibebe yo. Nan fen ane 1990 yo, gwo majorite akouchman yo te fèt nan lopital, pandan pwofesyon medikal la t ap rann li pi difisil pou “parteras” yo kontinye travay yo, poutèt yo te wè l tankou yon fòm swen pou pasyan ki pa alamòd ankò oswa menm ki danjere.

Ruiz di ke nan kèk eta, politik sa yo fè ke pratik fanmsaj tradisyonèl la vin prèske elimine nèt. Sepandan, nan Chiapas, li rete fèm, jan l di. “Anpil fanm nan Chiapas toujou pito nou trete yo poutèt swen nou bay la, poutèt konfyans yo genyen nan nou, poutèt nou pale menm lang avè yo epi nou trete yo selon filozofi espirityèl yo sou lavi a,” jan l di. 

Gen delè, sepandan, ke swen ke yon manman oswa yon tibebe bezwen yo depase kapasite, fòmasyon oswa resous “parteras” yo. Si yon fanmsaj tradisyonèl paka aksede ak èd medikal pou manman an pou kèlkeswa rezon an oswa si l pa rekonèt nesesite pou l fè sa, konsekans yo ka katastwofik. 

Nan lane 2012, Chiapas te anrejistre yon tikras mwens pase 60 lanmò matènèl sou 100,000 nesans vivan, 40 pousan plis pase mwayèn meksiken an. Yon gwo evantay konplèks faktè sosyo-ekonomik ak ka abi oswa move tretman pèsonèl medikal la bay, vle di ke fanm endijèn nan Chiapas yo gen yon risk ki jiska senk fwa pi gwo pou yo mouri nan akouchman pase lòt fanm nan eta a.

Mouvman Fanmsaj Nich Ixim (Nich Ixim Midwife Movement) Chiapas la, ke Ruiz se pòtpawòl pou li, te fòme pou reponn ak defi sa yo. Kolektif sa a ki gen 600 fanmsaj ki soti nan plis pase 30 minisipalite, travay pou prezève metye tradisyonèl yo a epi fè pledwaye pou valè kontinyèl li nan swen sante aktyèl yo. Men yon prensip fondamantal se ke manm Nich Ixim yo pran angajman pou yo mete konpetans yo ajou yon fason kontinyèl, pou yo ka ofri manman yo ak tibebe yo pi bon swen ki posib. 

Ruiz di: “Nou menm fanmsaj, nou dispoze pran fòmasyon, toutotan li respekte epi rekonèt konesans nou, eksperyans nou epi nou menm antanke moun ki responsab sante ak lavi pèp nou an.” 

Nan lane 2014, Nich Ixim te kòmanse travay ak ONG ki nan domèn sante ak devlopman nan Chiapas sou yon seri atelye ki rasanble fanmsaj yo ansanm ak travayè medikal yo epi eksplore fason pou yo toude ka aprann konpetans ak tradisyon youn lòt.

Ofelia Pérez Ruiz nan yon fòmasyon pou fanmsaj. Se Formación y Capacitación A.C. ki bay imaj la.
Se Clara Rubio Barredo ki soumèt imaj la.

Doktè Gabriel García Salyano se yon doktè epi kowòdonatè fòmasyon nan Global Pediatric Alliance (GPA), youn nan ONG ki enplike nan pwojè a. Travay GPA a konsantre sou rediksyon lanmò manman ak tibebe ki fèk fèt ki ka evite ak amelyorasyon lavi fanm ak timoun nan Amerik Latin nan. Doktè Salyano te travay ak kèk 400 fanmsaj endijèn atravè atelye yo. Li panse ke li enpòtan ke, apre plizyè dizèn lane kote yo rejte “parteras” yo, pèsonèl medikal la rekonèt ke yon fanmsaj tradisyonèl “kondanse nan moun li ye a, nan kò l, nan panse l, nan travay li” yon richès ansyen sajès.

“Konesans sa a… se yon konesans valab,” jan l di, pandan l defann ke medsin oksidantal la ka aprann nan fason fanmsaj yo reponn ak bezwen ak volonte yon fanm ki gen tranche. Olye ke se yon doktè k ap kòmande, se manman an ki “pèsonaj prensipal pwosesis la, se li k ap kòmande akouchman an, se li ki ka pran desizyon epi deside kijan li vle yo pran swen l”.

Doktè Salyano ezite kalifye tèt li kòm fòmatè poutèt “pou mwen li parèt tankou tèt fanm yo vid epi nou dwe plen yo”. Okontrè, li di ke atelye yo gen pou objektif pou yo “kreye yon dyalòg eksperyans” ant fanmsaj yo ak pèsonèl medikal la, pandan y ap travay ansanm sou menm pye egalite. Atelye yo kreye yon espas pou fanmsaj yo pale sou eksperyans yo ak defi yo san jijman, jan l di, pandan ke doktè yo ak espesyalis obstetrik yo ka entèvni pou sigjere solisyon ke yo ta ka eseye, kote yo ta bezwen chèche èd ijan oswa demontre teknik itil tankou kijan epi poukisa pou siveye presyon ateryèl la. 

Lè fanmsaj yo diskite sou yon teknik yo itilize ke doktè a wè tankou yon bagay ki danjere pou manman an oswa timoun nan, jan l di, “nou mete rezon oswa argiman ki eksplike poukisa pratik sa pi apwopriye,” jan l di. Men nan kè bagay la, toujou genyen yon gwo respè pou fanmsaj yo ak metye ansyen yo a.

“Nou di ke fanmsaj yo gen nan men yo kè kominote yo, fanm yo. Epi yo gen nan men yo avni kominote yo, tibebe yo. Kidonk, sa a se yon travay ki enpòtan anpil,” dapre sa li di.

Doktè Salyano di ke li difisil pou mezire avèk chif enpak ke atelye yo ap fè, men ke li konnen ke pa t gen lanmò matènèl pami fanmsaj ke yo travay avèk yo epi ke “anpil fanmsaj aranje yo pou transfere fanm ki te nan sitiyasyon grav nan yon lopital kote yo trete yo. Sa se sove lavi”.  Men atelye yo te ede fanmsaj yo santi yon nouvo fyète nan travay yo tou, jan l di, epi “ke yo pa gen santiman ke se yon pwofesyon ki pi ba oswa ki pa enpòtan ankò”. 

Fòmasyon mouvman Nich Ixim nan. Se Paula Moreno Sacido ki soumèt imaj la.
Fòmasyon mouvman Nich Ixim nan. Se Paula Moreno Sacido ki soumèt imaj la.

Fanmsaj nan tout vilaj

Lucía Girón Pérez, ki abite nan minisipalite Tenejapa Chiapas la, se youn nan plizyè fanmsaj ki te benefisye atelye yo. Nan tradisyon pratik fanmsaj la, li menm tou se nan yon rèv li te jwenn enspirasyon l, kote yo te lonje yon poupe ba li, pou l antrene pou l tounen yon “partera”, epi anvan li te aprann metye a nan men bèlmè l. 

Pérez renmen wòl li nan kominote a epi li di ke atelye yo ba li yon pi gwo pwofondè nan sèvis li ka ofri a. Li santi li pi byen ekipe pou l jere konplikasyon tankou akouchman syèj (lè se pye tibebe a oswa dèyè l ki parèt pou soti anvan) oswa emoraji epi kijan pou l itilize yon aparèy ekografi oswa fè yon lekti tansyon ateryèl ki ekzak. Men li te benefisye tou nan aprann plis nan men kamarad li yo sou konpetans tradisyonèl yo, tankou kijan pou l itilize plant anvan epi apre yon akouchman. Tout sa, selon li, vle di ke fanm ke li pran plezi l nan sipòte yo gen plis konfyans nan li toujou.

Pou fanm tankou Eustaquia Ruiz Gómez yo, ki abite nan yon vilaj ki pi lwen toujou nan Chiapas, lè yo konnen ke pratik fanmsaj tradisyonèl la ap prezève epitou ap ranfòse avèk konesans oksidantal la, se yon gwo rekonfò.

“Mwen te vreman renmen travay fanmsaj yo paske yo te byen pran swen m,” jan Gómez di l atravè yon entèprèt, pandan l ap bèse pitit fi l ki gen yon mwa, ke yon fanmsaj tradisyonèl te akouche san danje nan konfò kal epi abityèl lakay li. 

“Pati tradisyonèl la enpòtan paske yo konsilte medam yo lakay yo. Yo itilize plis plant natirèl oswa fèy natirèl,” dapre sa li  di. “Se pa menm bagay ak lè nou akouche nan yon lopital, poutèt yo pa kite fanmsaj yo ba nou yon te cho oswa yon bagay konsa.” 

Gómez panse ke “fanmsaj nan tout vilaj se sa nou plis bezwen,” men li rekonèt tou ke elajisman konpetans yo se “yon pa annavan tou, poutèt yo pral gen plis eksperyans. Lè yo paka ede yon fanm lakay yo, yo konnen kibò yo ka mennen l kounye a oswa kibò yo ka ede l plis.”

Nou panse ke travay nou an esansyèl

Doktè Salyano pataje yon istwa ki ilistre jan atelye yo vin byen entegre nan tradisyon kiltirèl fanmsaj yo.

Yon fanm ki patisipe nan atelye yo te di l ke li te konn plede fè menm rèv la ki te fè l pè, kote l t ap fè yon akouchman ki te prezante konplikasyon grav epi li pa t konnen kisa pou l fè.

“Men youn nan lè ke l te reve sa, li te reve m epi m te di l pa enkyete l,” se sa Doktè Salyano di. “Ke nan moman akouchman an, wi, l ap gen konplikasyon, men ke m t ap avè l pou m di l kisa pou l fè.” 

Annapre, lè fanm nan t ap fè yon akouchman epi konplikasyon vin prezante, se te yon bagay ke li te etidye nan youn nan atelye yo, epi lè sa a sa l te vin aprann nan nouvo fòmasyon an li te tou aplike l. “Li te sonje sa l te dwe fè a, mouvman men yo, sou kisa pou l te travay. Epi akouchman an byen pase alafen.” Jan Doktè Salyano di l. Pou li, istwa konsa montre valè apwòch atelye a pou fòmasyon an. Fanmsaj yo, jan li di li, “pran eksperyans sa yo, konesans sa a epi, nan fason pa yo, yo fè l vin pa yo”. 

“Nou di ke konesans konplete lòt konesans, li anrichi l. Se sa nou vle fè ak fanmsaj yo epi li evidan ke lè nou travay avèk yo, nou anrichi tèt nou tou.”

Ruiz di ke pandemi mondyal la te ilistre nan ki pwen fanmsaj yo gen anpil valè nan kominote yo. Pandan ke lopital yo te fèmen pou mank pèsonèl oswa te dedye ak tretman pasyan Covid-19, plis manman t al jwenn akouchèz tradisyonèl yo.

“Te gen fanmsaj ki te double chaj travay yo,” jan l di. “[Men malgre] sitiyasyon sa a, mòtalite matènèl nan Chiapas pat ogmante ofisyèlman.” Li atribye siksè sa a ak travay Nich Ixim te fè pou amelyore pwofil ak repitasyon pratik fanmsaj yo epi ak valè konpetans tradisyonèl yo.

“Se poutèt sa nou menm fanmsaj, nou panse ke travay nou an esansyèl epi ke travay tankou yon ekip avèk sektè sante a epi avèk lòt fanmsaj pwofesyonèl nesesè, pou fanm yo ka gen aksè ak plis opsyon pou swen san danje, san pèdi tan epi bon kalite.”

Tradiksyon angle disponib isit la.

Imagen facilitada por Juan Carlos Pérez Vázquez.