Angajman KominotèEkite Rasyal

Nan NABJ, panelis ayisyen te pale sou danje ki genyen nan travay yo – ak “yon sèl grenn istwa”

0

This post is also available in: English (Angle)

Ane sa a, rasanbleman Asosiyasyon Nasyonal Jounalis Nwa a (NABJ) te yon evènman Ayisyen ki san parèy. Li te gen de gwoup deba sou metye jounalis ann Ayiti ak yon lòt evènman sou libète laprès ki konsantre prensipalman sou Ayiti, e yo te bay de jounalis Ayisyen prim.

Dwe gen yon rezon dèyè gwo enterè sa a. Depi lontan yo konnen jounalis Ayisyen yo pou kouraj yo (jan sa parèt nan fim popilè ki rele “The Agronomist,” ki pale sou Jean Dominique ki se yon moun ki te konn di laverite), e jodi a jounalis Ayisyen yo – menm jan ak popilasyon kote y ap viv yo – toujou fè fas ak gwo difikilte akoz gang k ap simen latwoublay nan kapital la, Pòtoprens, ak enpak ekonomik, sikolojik sa vin gen nan peyi a ak nan dyaspora a.

Pou gwoup deba WKKF sipòte a, “Repòtaj depi Ayiti: N ap pran risk ak pete je manti gras a bon jan jounalism,” moderatè Jacqueline Charles, k ap travay pou Miami Herald, te lanse sesyon an ak deskripsyon kontèks ke panelis yo oblije opere – menas gang kont espas medyatik yo ak kont lavi jounalis yomenm k ap viv sa konsomatè nouvèl lòt peyi yo konsidere kòm yon “istwa sexy.”

Pwoblèm gang nan se yon bagay ki egziste toutbon, men menmjan sa parèt nan konvèsasyon k ap fèt nan sal la, Ayiti gen anpil lòt istwa pase sa.

Repòtaj Depi Ayiti: N ap Pran Risk ak Pete Je Manti Gras a Bon Jan Jounalism
  • Harold Isaac se yon jounalis Ayisyen-Kanadyen endepandan, youn nan pwopriyetè Radyo Kiskeya, yon radyo li te kreye ak defen manman l, Liliane Pierre-Paul, e li kolabore ak plizyè gwo medya entènasyonal.
  • Widlore Mérancourt, editè anchèf medya Ayisyen ki rele AyiboPost la, e li kontribiye souvan nan sa Washington Post pibliye.
  • Darlie Gervais, yon ansyen jounalis ann Ayiti ki t al viv Ozetazini, e ki te patisipe nan kreyasyon jounal dyaspora Nouyòk ki rele Haitian Times la, e kounya l ap travay nan Center for Community Media ki nan Craig Newmark School of Journalism CUNY an.
  • Jacqueline Charles se yon korespondan nan karayib la ki pale plizyè lang, e ki kouvri evènman Ayiti ak pati nan Karayib la ki pale anglè, pou Miami Herald.

Te gen anviwon 50 moun nan piblik la e pami yo te gen plizyè jèn jounalis ki kouvri dyaspora ayisyen an Ozetazini, ansanm ak jounalis ki gen gwo renomen ann Ayiti, tankou: Garry Pierre-Pierre, fondatè Haitian Times; ansyen jounalis Marjorie Valbrun; Joel Dreyfuss, ki se yon manm fondatè NABJ ak ansyen jounalis ayisyen ameriken k ap viv an Frans kounye a, ak Roberson Alphonse, ki se yon jounalis renome ki mennen ankèt k ap travay pou jounal ayisyen ki pi ansyen an ki rele, Le Nouvelliste, kounye a li pran egzil Ozetazini apre yo te fè atanta pou touye l. Alphone te genyen prim NABJ’s 2024 Percy Zoboza Foreign Journalist of the Year la poutèt li fè yon “travay estrawòdinè malgre tout gwo obstak li rankontre.”

Piblik la te montre non sèlman yon enterè k ap ogmante nan istwa Ayiti, men tou plis enterè pou jounalis ki Ozetazini ki gen orijin ayisyen. Yon konvèsasyon ki te genyen nan gwoup deba a te analize kesyon ki pale sou fason jounalis ayisyen ameriken ki nan medya Ozetazini yo ka fè sal redaksyon jounal yo rakonte plis istwa konsènan Ayiti ak dyaspora a. Pou sa, Charles te vin ak Valbrun, ki te kòmanse karyè l pandan kriz refijye a nan Sid Florid antanke jounalis pou Miami Herald. Prezans li te ede odyans lan konprann eksperyans jounalis ayisyen ameriken Ozetazini yo ap fè jodi a, jenerasyon ki pase nan Florid yo te mansyone.

Difikilte yo rankontre

Jan sa dekri nan entwodiksyon Charles la, danje ki genyen nan pratike metye jounalis la ann Ayiti anpil pou jounalis lokal yo, ki souvan pa jwenn menm pwoteksyon yo bay kòlèg etranje yo, yo plis fasil voye yo nan sitiyasyon ki gen gwo danje, epi, antanke moun peyi a, yo rete la apre yo fin pibliye jounal la, pou yo viv toupre moun ki ka pa kontan ak repòtaj yo fè a.

Darlie Gervais te di jèn jounalis li fòme nan yon “bootcamp” pou jounalis k ap evolye ann Ayiti yo “toujou an danje paske yo fè pati nouvèl la, piske yo ka kidnape yo pou yo ka eseye jwenn sous yo.”

Lòt difikilte yo rankontre, dapre Mérancourt, se lè pòtpawòl yo pa vle pale avè yo, ba yo manti, pwoblèm sante mantal ak izolasyon. “Nan ane ki pase yo,” Mérancourt kontinye, “zanmi, kòlèg ak vwazen yo kite peyi a, grenn pa grenn, e alafen, ou ret la poukont ou.”

Kisa medya entèsyonal la pa konn sou Ayiti?

Harold Isaac te di, souvan medya etranje yo twò prese pou yo ta pale de Ayiti yon fason kòrèk. “Istwa pwofon peyi Dayiti deplòtonnen sou plizyè syèk, sa ki fè li vinn difisil pafwa pou w konprann tout ti detay yo.” Li panse gen mwayen pou yo rakonte istwa peyi a yon fason ki entèresan pou piblik etranje yo, men yo pa gen ase “pasyans ak detèminsayon pou yo fè fas ak konpleksite peyi Dayiti.”

Pou Mérancourt te dekri pwoblèm ki gen ak jounal etranje yo, li site otè Nijeryen ki rele Chimamanda Ngozi Adichie, ki ekri ak pale sou danje ki gen nan yon sèl grenn istwa.

Prèske sèl naratif medya entènasyonal yo rakonte sou Ayiti, se katastwòf dapre Mérancourt. “Danje ki gen nan naratif sa a.. ki se pou reponn ak katastwòf ki rive nan nenpòt moman presi, jan zanmi m Harold di sa, li manke detay enpòtan ak kontèks.”

Gervais ajoute, “Sistèm nan fèt yon fason pou prezante Ayiti kòm yon peyi ki sèlman gen latwoublay men ki pa montre lòt aspè.” Kòm rezilta, dapre sa l di, “gen yon pakèt bagay sou Ayiti yo manke.” Li swete jounalis etranje yo ap li repòtaj kòlèg lokal yo anvan yo vin Ayiti, pou yo wè gen plis bagay sou Ayiti pase “sèl grenn istwa y ap rakonte a.”

Annefè, pou moun ki pale Anglè k ap chèche istwa ki detaye, ki ekri nan zòn nan, gen plis opsyon jodi a: AyiboPost souvan gen jounal ann anglè, Le Nouvelliste fenk kòmanse pibliye atik ann anglè, Haitian Times, ki ann anglè, ap elaji travay li ak repòtaj jounalis k ap viv nan plizyè pati nan peyi Dayiti. Epi Jacqueline Charles, menmsi l ap travay pou yon jounal ki Ozetazini, ki se Miami Herald, kontinye pale de Ayiti, jan l di sa a, “kòm yon istwa lokal.” Charles, ki genyen prim NABJ pou Jounalis pou Ane a de fwa, te genyen Prim NABJ Salute to Excellence lan ane sa a pou travay li fè sou enpak vyolans gang yo sou yon gwoup ofelen andikape e ki te pouse yo voye yo pandan yon tan nan peyi Jamayik.

Donk, kisa lòt istwa ki ta sipoze rakonte sou Ayiti yo ye?

Gwoup deba a te bay plizyè egzanp sou kalite istwa konsènan Ayiti yo dwe rakonte. Gervais te pale sou agrikiltè ki nan pati nò Ayiti yo ki mobilize pou konstwi kanal yo epi amelyore pwodiksyon agrikòl la, epi konsènan timoun yo ki fè yon konsè malgre pwoblèm sekirite a.

Men sa Dreyfuss di, “Istwa ki pi fasil e moun plis gen aksè avè l sou Ayiti, pou gade yon aspè pozitif, se istwa konsènan dyaspora,” sa gen ladan l siksè tankou responsab anchèf maketin pou Nitendo, ak plizyè prezidan inivèsite Ozetazini. “Siksè ki la a se yon istwa pozitif, men se yon refleksyon tou ki montre si ayisyen jwenn opòtinite, yo ka reyisi.”

Mérancourt te mande pou yo rekonèt pwofesyonèl ki kontinye ap travay ann Ayiti yo, tankou moun k ap patisipe nan “sistèm imanitè an” paske, menmsi travay imanitè entènasyonal la ka enpòtan, “nou pa pale ase sou òganizasyon lokal yo ak moun k ap travay ann Ayiti e k ap eseye fè yon travay debaz pou ede moun.”

Men yon lòt istwa Mérancourt te mansyone: Anpil òganizasyon ann Ayiti “pote solisyon pou difikilte n ap rankontre yo,” tankou Inivèsite Kiskeya ap fè rechèch ki rezoud yon pwoblèm ki gen ak rekòt pitimi nan peyi a. “Bagay sa yo se pa istwa w ap tande nan nouvèl entènasyonal la.”

Pou fini, yon lòt istwa enpòtan e ki pozitif se jounalis ayisyen yo, yo menm, “ki ap rakonte istwa diferan ki chanje fason moun wè reyalite a,” Mérancourt di. Dapre li, sa a “esansyèl.”

Itilizasyon yon Pak nan Zòn Imid pou fòme Fòs Travay Pwofesyonèl Chanjman Klimatik nan New Orleans

Previous article

Comments

Comments are closed.