Sante

Kolaborasyon, mete konfyans enpòtan lè wap travay sou disparite medikal nan Grand Rapids

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Bagay sa a, ki pa gen antesedan, kale je tout moun sou disparite medikal ak inegalite ki genyen ant moun po fonse yo ak lòt gwoup yo pa bay ase sèvis yo.

Repons lan, se te kreyasyon Black Impact Collaborative (B.I.C.) kèk lidè nan kominote Grand Rapids la pou reponn ak bezwen imedya e nan lontèm moun nwa nan zòn nan. Yon patenarya ak Cherry Health ki nan Grand Rapids ki se pi gwo Sant Sante Federal nan Michigan ak sipò W.K. Kellogg Foundation, de òganizasyon yo te kolabore sou apwòch inovatif pou yo te ka ede fini ak disparite rasyal nan swen medikal nan rejyon an.

Tasha Blackmon, Direktè Jeneral Cherry Health ak manm komite B.I.C., di konsa: “Disparite yo te la depi bien lontan anvan COVID-19, e y ap la toujou anpil tan apre COVID-19. Li te toujou difisil pou kominote ki majinalize yo te ka jwenn swen, iminizasyon, vaksen e nan kontèks sa a. Men m panse pandan COVID-19 la, nou te rive elimine kèk nan baryè sa yo lè nou te kolabore ak òganizasyon debaz pou asire nou moun yo fè nou konfyans. Konfyans se yon gwo bagay.”

Disparite COVID-19 nan mitan moun Nwa

Apre pandemi an, Michigan te vin youn nan premye eta nan peyi a ki te kòmanse analize ka COVID-19 yo ak lanmò sou baz rasyal. Nan mwa avril 2020, Michigan te dekouvri ke gen 40% moun viris la te touye, se moun Nwa, byenke se sèlman 13% moun nwa ki nan popilasyon eta a.

Enpak dezekilibre ki pa ekilibre viris la te pouse konvèsasyon sou aksè inegal ak detèminan sosyal nan domèn lasante (kondisyon moun fèt, grandi, travay, viv ak vyeyi), sa te koze Gouvènè Michigan lan, Gretchen Whitmer pou l te kreye. 

Nan rapò mwa novanm 2020 an, gwoup travay la te dekouvri ke nivo tout ka COVID-19 pami moun Nwa ak Afriken Ameriken nan eta a te 40% pi wo pase pousantaj nan mitan moun Blan yo ant mwa mas ak oktòb menm ane a. Gwoup travay la te fè konnen tou pousantaj tout ka COVID-19 yo pou popilasyon an pa milyon pami Ispanik ak Latino nan Michigan te plis pase 70% pi wo ke pousantaj moun blan nan menm peryòd la.

Ou kapab eksplike gwo disparite ant moun po fonse yo pou plizyè rezon, tankou rasism sistemik ak konsekans li sou faktè sosyal ak ekonomik yo, ansanm ak chòk istorik (tankou eksperimantasyon Tuskegee sou sifilis la) ki te fè moun nwa an jeneral gen anpil dout ak toujou sispèk sistèm medikal la. Aprè COVID-19 la te fin toupatou, te gen anpil bezwen pou konbat move enfòmasyon ki te kontinye ap gaye konsènan viris la, tès la ak vaksen yo te fenk devlope yo.

“Rankontre moun yo kote yo te ye”

Senita Lenear, direktè jeneral B.I.C., te di òganizasyon an te aji rapidman pou l te adrese inekite rasyal yo nan pandemi a ki te pwopaje, lè l te kolabore ak Cherry Health pou “l louvri baryè ak rankontre moun yo kote yo te ye a.”

Lenear te di konsa: “Nou te konnen te gen anpil ezitasyon nan kominote moun Nwa a, e ak rezon si w konsidere istwa mon Nwa ak Lamedsin nan peyi sa a.” Donk, nou te kòmanse planifye pou kreye opòtinite pou vakisnasyon kote tankou sal konsè, rankont ak asosyasyon vwazen yo, nan moman y ap jete fatra ak chire dokiman. Se te bagay nou t ap fè pou n te ka wè pi lwen pase pwent nen nou.”

Ak Cherry Health ki t ap fè tès ak bay vaksen, B.I.C. te travay sou edikasyon ak fòmasyomn nan kominote Moun Nwa Gran Rapid lè l te itilize kapital sosyal li pou pataje enfòmasyon grasa sous moun yo te fè konfyans.

“B.I.C. te bon anpil; yo te fè anpil sondaj, yo te frape pòt moun pou mande yo ki kesyon yo te genyen.” Se sa Doktè Jenny Bush responsab pwovizwa an chèf Cherry Health. Mwen panse yo te ankouraje yo pou yo te ka pale pi plis sou bagay sa yo. Gen anpil Anpil nan evènman kominotè nou te ale, e moun yo te ka poze kesyon. Pafwa nou te gen vaksen. Moun ki nan lari a pou amize yo pa vle pran piki. Men gen anpil nan yo ki t a pwal omwen jwenn enfòmasyon epi omwen repanse sou bagay yo. Pandan l t ap fè moun nan kominote a fè l konfyans, B.I.C. t ap fè youn pi bon travay sansiblizasyon.

Blackmon di relasyon ki genyen ant Cherry Health ak B.I.C. se yon bagay ki toulède òganizasyon yo ap travay pou yo elimine disparite nan swen sante. Travay sansibilizasyon k ap fèt depi lè pandemi COVID-19 la te kòmanse a te pèmèt nou ranfòse relasyon ki deja egziste ak lòt patnè nan kominote a, epi kreye nouvo relasyon.

Blackmon di: “Nou eseye fè aranjman nan tout òganizasyon yo pou nou ka gen pi gwo enpak nan kominote nou an. E m kwè ke se te yon bèl bagay ki te rive. E se youn nan bagay mwen vrèman swete n ap kontinye fè, paske m panse se la w kòmanse fè enpak toutbon.”

Travay la ap kontinye

Depi premye vag COVID-19 la, Michigan te remake te gen yon bon diminisyon nan enpak negatif pou kominote minoritè yo. Nan dènye rapò li te pibliye nan mwa fevriye 2023, Gwoup Travay Sou Disparite Rasyal Coronavirus nan Michigan te remake ke disparite yo yo te diminye ant Ameriken Nwa/Afriken-Ameriken, Otoktòn ak lòt moun po fonse yo. Nan ane 2020, pousantaj moun ki pran COVID-19 ak mouri pou chak 10,000 moun Nwa nan Michigan te 22.8, pi wo lontan pase mwayèn nasyonal la (15). Nan ane 2022, pousantaj moun Nwa nan Michigan ki mouri te desann nan 8.6 pou chak 10,000 moun.

Nan yon konferans pou laprès pou anonse rapò final Gwoup Travay Kowonaviris pou Ekite Rasyal nan Michigan an, Lt. Gov. Garlin Gilchrist II, prezidan gwoup travay la, te di ke se gras a estrateji entèvansyon yo, tankou tès ki fèt nan katye a ak lokal vaksinasyon, inite mobil, plizyè metòd kominikasyon ak sibvanstyon lokal pou ede nan travay k ap fèt pou derasinen inekite nan swen sante.

Gilchrist di: “Rapò a esplike fason nou ka ale pi lwen, espesifikman ak COVID-19 men tou, kouman nou kapab jere disparite medikal pou nou ka jwenn pi bon rezilta.”

Pou B.I.C., rann lasante pi aksesib moun Nwa ak swen sante rete youn nan misyon prensipal li. Anplis, òganizasyon an ap travay pou l bay asistans lojman, konbat ensekirite alimantè, bay opòtinite travay epi mete teren an anivo pou moun Nwa nan Pwolonjman Gran Rapids. 

Lenear te remake ke òganizasyon an te nan tete toujou l lè pandemi an te fenk kòmanse, men twazan apre li kontinye ap grandi pou l ka kreye enpak alontèm.

Lenear di: “Nou te reyalize byen vit ke nou te bezwen met tèt ansanm kòm yon antite paske te gen anpil echanj ki te fèt lè n te chita sou tab la ansanm epi pale sou lòt bagay ki pa COVID. Nou te konnen depi byen avan ke sa t ap depase COVID.”

Blackmond te al nan menm sans lè l te pale de jan òganizasyon tankou Cherry Health ak B.I.C. ka pote chanjman nan Grand Rapids yon fason ke lòt kominote yo ka imite.

Blackmon di: “lè nou te met tèt ansanm pandan COVID-19 la, sa te montre nou ki sa ki posib lè nou tout travay ansanm pou menm rezon an, pandan nou bay swen pasyan an priyorite. Kijan nou ka pran tout sa n te aprann yo pandan COVID-19 la pou nou bay pi bon swen ak kreye konektivite pou jwenn resous nan kominote nou an? Pafwa, se pa resous ki pa genyen, men se moun yo ki pa fin konnen fason pou yo jwenn yo. Sipò a te pèmèt nou ranfòse anpil lyen nan kominote nou an e menm kreye nouvo relasyon ak òganizasyon debaz yo. Alafen, mwen panse ke rezilta n ap chèche a se pou kominote a gen yon mwayen pou jwenn sa yo bezwen.”

Patnè Kellogg Foundation yo ap pouse pou ekite medikal nan Grand Rapids

Disparite nan swen medikal ki afekte moun po fonse yo te la byen avan pandemi COVID-19 la, men lè kowonaviris la te gaye, li te vin gen ogmante nesesite pou gen plis aksè ak swen sante pou pou popilasyon vilnerab yo.

Marijata Daniel-Echols, Ph.D., Responsab Pwogram Sibvansyon W.K. Foundation an, epi manm Gwoup Travay Disparite Rasyal Coronavirus nan Michigan an, te deklare ke pandemi an te ekspoze ak agrave inegalite ki te deja egziste yo nan zafè lasante.

Daniel-Echols di: “pandan pandemi an, anpil moun te vin abitye ak ekspresyon detèminan sosyal nan sante a – e gen kèk tou kif è referans a detèminan politik nan swen medikal. Fondamantalman, yon analyz nan nannan (apwofondi) de konsèp yo dirige w sou rasism sistemik ki mennen w tonbe nan aksè inegal pou jwenn resous ak sosyal ou bezwen yo ke w bezwen pou kapab an sante. Kontèks inegalite sa a te la depi anvan pandemi an, epi tout vye enplikasyon eleman tankou povrete ak ras/orijin te parèt aklè pandan pandemi an.”

Pou ede ak bezwen imedya ak alontèm nan kominote moun po fonse nan Grand Rapids yo, de benefisyè sibvansyon Kellogg Foundation te met tèt ansanm ak lòt kolaboratè rejyonal pou kwape dezenfòmasyon sounCoVID-19 pandan y ap ogmante aksè tès ak vaksen grasa yon sèvis mobil ki gen baz li nan kominote a.

Cherry Health, pi gwo sant sante federal nan Michigan, te met ak Black Impact Collaborative (BIC) pou sèvi kòm sous yo fè konfyans sou tès ak vaksen pou COVID-19, k ap travay pou elimine obstak k ap anpeche moun pran vaksen, epi ede moun Nwa nan Pwolonjman Grand Rapids yo evolye nan sistèm swen sante a pou yo ka resevwa lòt sèvis yo bezwen. 

Òganizasyon yo an te resevwa antou 1.4 milyon dola sipò nan men W.K. Kellog Foundation pou ede timoun ak fanmi nan Pwolonjman Grand Rapids.

Daniel-Echols di: “Nan fondasyon an, nou idantifye ekite rasyal, patisipasyon kominotè otantik, ak lidèchip kominotè kankou ADN nou. Chak envestisman nou fè baze sou fondman sa a.” “BIC ak Cherry Health reprezante epi aplike tout twa nosyon sa yo.

“Pandan pandemi an, nou te konsantre nou sou finansman pwogram ak sèvis yo paske nou te anfas reyalite lavi ak lanmò nan moman an – men nou pa t janm bliye enpòtans pou nou kontinye pote chanjman nan fason enstitisyon yo travay ansanm ak fason politik an jeneral gen enpak sou byennèt timoun, fanmi ak kominote yo.”

Pandan pandemi an ap diminye, Daniel-Echols te remake ke travay la ap kontinye pou elimine obstak ki gen nan kesyon swen sante pou popilasyon vilnerab yo.

Daniel-Echols di: “Pandemi an se te yon move moman ki te fè tout moun pè. Pou moun ki te sèvi e k ap sèvi kominote moun vilnerab yo anvan, pandan e kounye a ak apre moman sa a, travay la toujou menm. Sa vle di, met tèt ansanm pou konbat règleman ak pratik ki anpeche timoun ak fanmi yo, kominote yo devlope epi fè pwogrè.

Comments

Comments are closed.