This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Nan Rejyon Kent, gen yon gwo diferans nan sèvis edikasyon pou timoun piti . Yon analiz resan IFF, ki se patnè benefisyè W.K. Fondasyon Kellogg, te revele yon bezwen ijan pou plis pase 20,000 plas nan gadri pou reponn ak demann lokal la.
Analiz done sa a se yon ogmantasyon nan rezilta evalyasyon bezwen 2018 yo ki te fèt pou egzamine kondisyon sèvis edikasyon pou timoun piti nan Grand Rapids, Michigan.
Lè yo elaji dimansyon etid la pou yo mete tout Rejyon Kent, patisipan lokal yo jere gwo difikilte yon fason ki pi efikas ki anpeche timoun ki gen senk lane oswa mwens nan rejyon an, ki poko kalifye pou jadendanfan, pou yo gen aksè ak resous aprantisaj ki esansyèl pou devlopman yo.
Depi rapò 2018 la, plas gadri nan Grand Rapids yo te ogmante nan plis pase 28 pousan, men rapò 2023 a kontinye montre paran yo toujou gen difikilte pou jwenn gadri ki pa chè pou anfans yo toupre kote yo travay ak abite.
Dapre kantite plas ki disponib yo, mwens pase 40% timoun nan zòn nan kapab jwenn yo, sa ki kite prèske 36,0000 timoun san aksè ak bon jan kalite gadri ak edikasyon.
Aksè sitou difisil pou timoun ki poko gen dezan ak moun ki resevwa sibvansyon nan pri yo ak nan men gouvènman an.
Men sa Chris Uhl, Direktè Egzekitif IFF pou Rejyon Lès la te di: “Bon kalite edikasyon anfans jwe yon wòl enpòtan nan prepare timoun yo pou siksè pita nan lavi yo, men sistèm nan gen difikilte nan Rejyon Kent, menm jan sa ye nan tout Etazini.”

Nan ti sektè nan vil Wyoming, Kentwood ak Cedar Springs, aksè ak gadri se yon difikilte ki pi ijan, konpare ak lòt kominote lokal yo. Mete sou sa, moun ki abite nan zòn sa yo gen plis chans pou yo touche mwens lajan, pou yo nan kay kote se yon sèl paran k ap leve timoun, epi fè fas ak demann plizyè timoun ki poko gen 6 ane nan kay kote tout paran travay.
Rapò amontre pi fò nan fanmi ki gen difikilte pou jwenn aksè nan gadri yo abite nan zòn ki te deja resevwa refi nan men bank yo nan mitan ane 1930 yo rive nan fen ane 1960 yo. “Nou remake 60% moun Nwa, Otoktòn ak moun ki gen po fonse nan Rejyon Kent yo ap viv nan zòn sa yo e se sèlman 27% nan kominote blan ki pa Ispanik k ap viv la.” Se sa Preeti Rao, espesyalis anchèf analiz done kominotè nan IFF ak youn nan moun ki te ede nan pwodui rapò a.
Nan epòk sa a, The Home Owners’ Loan Corporation (HOLC), yon ajans federal, te pwodwi kat ki gen kòd koulè pou vil ak vilaj nan tout Etazini. Kat sa yo te bay nivo lèt nan zòn ki baze sou ide san fondman konsènan ris ki gen nan kesyon prete, kote liy wouj yo make katye yo di ki pi riske yo. Yon fason enjis, katye sa yo te souvan gen moun Nwa, Ispanik/Latino, ak imigran ki pa blan.
Donk, enstitisyon finansye te swa evite prete moun ki nan kominote sa yo, oswa, lè yo te fè sa, mete to enterè ak frè ki chè anpil, sa ki te fè prete te vin tèlman chè se te tankou entèdi yo te entèdi sa. Pratik ki montre diskriminasyon sa a anpeche moun jwenn kay nan zòn sa yo, sa ki anpeche yo bati richès pou lavni. Enpak dirab la te kontribye nan kenbe diferans ki gen nan kesyon ras nan kominote yo nan tout peyi a.
“Jiska jodi a, koze refi ak envestisman ki pa genyen yo kite yon enpak k ap dire lontan, sa ki mete obstak nan sistèm nan ki kontinye jiska jodi a.” Se sa Rao te di.
Anpil nan fanmi sa yo ki gen revni fèb ak mwayen nan Kent County vin ap peye plis pou gadri pase sa mwayen yo genyen ka peye. Pwopriyetè gadri pou timoun yo, k ap travay pandan yo fè ti kras benefis, gen difikilte pou yo kontinye fonksyone.


Depatman Sante ak Sèvis pou Moun Ozetazini rekòmande pou fanmi yo pa depanse plis pase 7% nan revni pou yo peye gadri e se sa yo ka konsidere ki pa chè. Sepandan, nan Rejyon Kent, kote 7% revni mwayen fanmi rive nan $5,670, pri moun peye tout bon pou gadri chak ane a prèske double chif sa a. Pou fanmi ki touche pi ba pase revni mwayen fanmi an, diferans nan posibilite pou yo peye sa yo bezwen vin pi plis toujou.
“Nan twa ane ki sot pase yo, te gen plis fanmi ki kalifye pou jwenn gadri ki gen sibvansyon men se sa pa t kouvri tout fanmi ki nan povrete, ki se anviwon 37% timoun ki poko gen sizan nan Rejyon Kent.” se sa Rao te di.
Depi 2020, kalifikasyon pou sibvansyon yo te ogmante soti nan 130% pou rive 200% nan Nivo Povrete Federal (FPL). Sepandan, ogmantasyon sa toujou pa ase pou bay anpil moun gadri ki pa chè. Fanmi ki touche plis pase limit sa a men ki anba revni mwayen eta a ki $63,498 kontinye ap peye pri total gadri pou timoun yo.
Dapre done 2023 yo, zòn ki annapre yo te gen plis bezwen ki pa satisfè nan kesyon aksè ak gadri: West ak East Garfield Park, Black Hills ak Grandville Avenue.
Aksè ak gadri pa oblije rete jan l ye nan moman an, se sa Mike Tighe te di, li menm ki se responsab anchèf nan IFF e ki se yon moun ki kontribibye nan rapò 2023 a.
“Nou bezwen mete an priyorite amelyorasyon aksè ak gadri bon kalite pou timoun ki gen 0-2 an ak gadri ki gen sibvansyon pou 0-5 an nan kèk katye ki gen plis bezwen onivo Grand Rapids.” Se sa l te ajoute. Tighe di youn nan fason ki pi senp pou fè sa se lè yo fè l pi fasil pou plis antreprenè kapab ofri swen nan kay antanke pwofesyonèl ki gen lisans pou swen timoun.
«Pwofesyonèl ki travay nan kay yo santi sistèm yo fèt plis pou pwogram ki nan sant yo tout pandan pwogram kominotè a gen difikilte pou reponn ak atant yo epi franchi pwen antre yo». Se sa l te di. Souvan se sa k rive moun ki, malgre Anglè pa lang matènèl yo, pasyone pou pran swen timoun nan kominote yo. Yo ka souvan gen yon pi gwo difikilte pou yo konprann sistèm ki anplas pou yo vin pwofesyonèl ki lisansye.
Tighe te di: “Nou ta ka rezoud sa lè nou chèche rezo founisè ki travay k ap devlope elaji opsyon gadri pou timoun ki adapte nan domèn kilti, espesyalman nan kominote moun po fonse yo ak katye ki gen plis fanmi ki imigran yo.”


Yon pati nan travay sa a te gentan kòmanse nan Grand Rapids paske li gen rapò ak ogmantasyon aksè jeneral, defans pwogram gadri sou plas kote moun travay yo pa mwayen pwogram MI-Tri Share la.
Grasa MI Tri-Share, depans gadri yon anplwaye divize ant patwon an, anplwaye a ak Eta Michigan—yon separasyon tripatit—yon sant fasilitatè MI Tri-Share te jere l. Sa ka ede paran yo retounen travay pandan yo gen asirans pitit yo an sekirite, yo byen pran swen yo epi yo gen opòtinite pou yo reyisi.
Men sa Tighe esplike: «Nou ta dwe vle tou mete pwogram yo ansanm ak lòt founisè sèvis sosyal, tankou nan klinik sante oswa pwogram apre lekòl pou diminye trajè ki long epi pèmèt fanmi yo jwenn aksè ak plizyè sèvis yon sèl kote».
Men, se pa annik bay plis plas gadri pou fanmi yo; kalifikasyon pou ogmantasyon an dwe vini ansanm ak amelyorasyon pwofesyonèl pou travayè gadri yo.
Tighe te ajoute: “Pèman ki ba ak ranbousman se yon bagay nòmal pou travayè ak founisè edikasyon anfans, e poutan sa pa koresponn ak ekonomi paran ak fanmi yo.”
Pou diminye depans sa yo, yon apwòch etabli yon modèl kominotè ki sipòte antreprenè lokal yo nan lanse ak opere pwogram gadri lakay yo. Modèl sa a t ap bay asistans regilasyon, swen ak asistans legal kòm fason pou soulaje kèk nan fado pri sèvis sa yo reprezante pou founisè yo.
Se sèlman mwatye nan plas gadri ki disponib pou timoun ki gen 0-5 lane nan Rejyon Kent yo ki konsidere e ki gen kalite siperyè. Kounye a gen sèlman twa bon kalite plas pou chak 10 timoun.
Tighe te di: “Pwofite resous ki soti nan Pwojè Vizit nan Kay Michigan pou konekte moun k ap travay nan gadri yo ki resevwa fòmasyon ak moun k ap pran swen fanmi, zanmi ak vwazen ki pa reglemante, sa ta ede ogmante kantite kote bon jan kalite nan rejyon an.”
Asire w antreprenè ki gen gadri yo konnen diferan mwayen finansman ak sipò biznis yo pral amelyore swen yo san mank dapre rapò a. Youn nan mwayen sa yo se atravè Caring for MI Future, yon pwojè nan tout eta a pou ede antreprenè gadri yo ouvri 1,000 pwogram gadri ki nouvo oswa elaji nan fen ane 2024 la.
«Resous yo ak konesans yo disponib, epi mesaj pou pouse moun aji a klè: kolaborasyon ak efò nan tèt ansanm yo esansyèl pou asire nou tout moun nan kominote a jwenn gadri nan kominote a» Se sa Uhl te di. “Difikilite nou gen pou n jwenn k ap vini yo anpil, men avèk detèminasyon kolektif ak plan ki byen kalkile yo, gen espwa pou yon avni kote tout timoun nan Rejyon Kent yo ka jwenn aksè ak gadri bon jan kalite, ki prepare etap pou siksè yo nan ane k ap vini yo.”



Comments