This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Bay tibebe ki fenk fèt tete pandan premye ane a bay tibebe yo yon kòmansman sen nan lavi a, pandan sa gen anpil avantaj pou manman yo.
Gras ak patenarya solid ak òganizasyon WKKF sipòte tankou Center for Health Equity, Education & Research (CHEER) nan Boston Medical Center ak Reaching Our Sisters Everywhere (ROSE), kounye a, Mississippi klase dezyèm nan peyi a pou kantite lopital yo chwazi ki adapte pou Tibebe. Akreditasyon mondyal sa a rekonèt lopital ak sant akouchman ki ekselan nan nouri bebe ak koneksyon manman-tibebe.
Malgre efò yo, kantite tan yo pase ap fè alètman an pa anpil, dapre done Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC). Pami tibebe ki fèt an 2019 yo, se sèlman 45% manman yo ki fè alètman sèlman pandan twa premye mwa apre nesans lan, e li desann a 25% nan sis mwa. Genyen tou gwo disparite rasyal, kote manman Nwa yo gen mwens chans pou yo fè alètman tousuit apre akouchman.
CHEER ap travay san kanpe pou amelyore pratik alètman yo nan lopital akouchman. Avèk yon sibvansyon twa ane, 6 milyon dola CDC te bay an septanm 2023, CHEER enskri 101 lopital nan pwogram Communities and Hospitals Advancing Maternity Practices (CHAMPS National) li a.
Pousantaj alètman Ozetazini diminye avèk aparisyon fòmil ak mank sipò nan espas travay pou manman k ap bay tete yo. Anpil manman jodi a pa wè kote moun ap fè alètman nan fanmi yo, sa ki montre bezwen ijan ki gen pou edikasyon ak chanjman dapre patnè nou yo.
“Nou la pou chanje sistèm nan,” se sa Direktè CHEER Doktè Anne Merewood di, pwofesè asosye Pedyatri nan Boston University Chobanian and Avedisian School of Medicine ak Community Health Sciences, Boston University School of Public Health.
Gen anpil avantaj nan alètman. Tibebe ki nan alètman gen mwens chans pou yo gen maladi tankou obezite, dyabèt, oswa opresyon, epi yo gen pousantaj ki pi ba pou Sendwom Lanmò Sibit Tibebe (SIDS). Yo gen antikò manman yo, ki fè yo devlope sistèm iminitè ak kapasite mantal ki pi solid.
Manman yo jwenn avantaj pou sante yo tou, sa gen ladan l tansyon ki pi ba, mwens chans pou yo fè dyabèt, kansè nan tete oswa nan matris, e yo geri ak pèdi pwa pi rapid apre akouchman.
E petèt sa k pi enpòtan, alètman ede yo kreye yon lyen ki esansyèl ant manman ak pitit.
CHAMPS vize transfòme pratik lopital yo epi ankouraje manman yo non sèlman kòmanse fè alètman, men kontinye eksklizivman pandan premye sis mwa yo, lè yo kòmanse bay manje solid. Siksè a depann sou efò kolaborasyon òganizasyon tankou CHEER ak ROSE, ki konsantre sou fè alètman vin yon bagay ki nòmal nan kominote Nwa a pou pou adrese disparite sante.
Nan Mississippi, ROSE te kolabore ak lopital yo pou revize pratik ki anpeche moun fè alètman, tankou separasyon imedya manman ak pitit la ak lè yo bay fòmil gratis. Òganizasyon an te fòme anplwaye pou sipòte pratik alètman epi konekte manman ki gen eksperyans yo ak nouvo manman k ap chèche konsèy.
“Sa a se okazyon pou travay avèk lopital yo, Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe ak Timoun yo (li rele WIC an anglè), ajans, inivèsite yo ak kominote a,” se sa Doktè Kimarie Bugg, Prezidan Direktè Jeneral ROSE te di, e li te ajoute pou l fè konnen Jackson State University ki nan Jackson, inivèsite istorikman nwa ak benefisyè sibvansyon WKKF, gen yon relasyon ki dire lontan ak ROSE. “Li fè tout kat gwoup sa yo soti nan izolman yo epi mete yo ansanm pou yo ka fòme relasyon.”
Efò sa yo ap bay rezilta.
Tina Fritz, yon enfimyè ki travay kote ki gen tibebe ki fenk fèt e ki se chèf CHAMPS nan Lopital Singing River di: “Mwen te fè sa pou plis pase 20 an e konsa mwen te wè tout aspè ladan l, e mwen jis kontan wè chanjman ki fèt yo.” “Mwen jis vrèman kontan, e mwen pa panse nou te ka fè sa san CHAMPS.”
Lè CHAMPS te kòmanse travay li nan Mississippi an 2014, pa gen okenn lopital ki te respekte kritè pou lopital ki adapte pou tibebe yo, ki se yon apwobasyon Òganizasyon Mondyal Lasante te mete sou pye. Jodi a, Mississippi gen 22 lopital ki adapte pou Tibebe, ki anglobe prèske 80% nesans nan tout eta a. Pousantaj moun ki kòmanse fè alètman pami manman Nwa yo te ogmante, soti nan 42% rive nan 63% depi 2014.
Pwojè 10 Etap pou Reyisi Alètman Lopital Ki Adapte pou Tibebe yo egzije règleman alekri, anplwaye ki fòme, ak pratik mete alètman an priyorite. Sa yo gen ladan kenbe manman ak tibebe ansanm pou omwen premye 24 èdtan yo epi evite distribye bagay ki pou ranplase alètman.
“Pa gen okenn fason mwen te kapab fè sa san CHAMPS,” se sa Betsy Dawson te di, li menm ki se yon enfimyè pratikan ak chèf CHAMPS nan South Sunflower County Hospital, dezyèm etablisman ki resevwa otorizasyon OMS nan eta a. “‘Adapte pou Tibebe gen anpil obstak ak anpil kritè ou dwe respekte anvan yo di w ou rive nan nivo sa a.”
ROSE te lanse pwogram “Transfòmatè Kominotè” (Community Transformers an anglè) la tou, ki resevwa finansman Kellogg Foundation, ki fòme manman yo, sitou nan kominote Nwa a, pou yo aji kòm konsiltan nan kesyon alètman epi konekte nouvo manman ak resous yo.
Pou kreye chanjman k ap dire lontan, defansè yo mete aksan sou enpòtans patisipasyon kominote a ki ale pi lwen pase edikasyon lopital la. Gwoup sipò ki adapte ak orijin presi yo ka ogmante yon fason natirèl pousantaj moun ki fè alètman pandan premye ane nan lavi yon timoun.
“Si w pa enplike kominote a nan pwosesis la, ou rate yon opòtinite,” se sa Bugg te di.
Depi lè l resevwa sibvansyon CDC a, CHAMPS te enskri 101 lopital nan tout peyi a, tankou nan Alabama, Tennessee, ak West Virginia.
“Alafen, pratik sa yo pi bon pou manman ak tibebe yo,” se sa Merewood te di. “Nou bezwen janti ak moun, souri ba yo, kolabore avè yo. Lefètke nou konsantre anpil sou depans ak efikasite nan swen sante, nou souzestime enpòtans pou nou janti.
Comments