Edikasyon

Eksploratoryòm ann Ayiti: Kote yon zandolit ki pale ede timoun jwenn kè kontan nan syans

0
Photo credit: Blue Butterfly

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan otòn 2022, aprè vakans ete a e tout lekòl nan monn nan te vin ouvri ankò, lekòl ann Ayiti yo te toujou ret vid. Se pa t akoz COVID-19 la ankò; fwa sa a se te akoz manifestasyon pèp la t ap fè. Rive nan mwa desanm, se sèl anviwon mwatye lekòl nan peyi a ki te rekòmanse ouvri. Depi lè sa a, akoz ensekirite a ki pa sispann e kapital la ki gen enpak sou anpil bagay nan lavi chak jou nan tout peyi a, edikasyon an se yon bagay k ap mòde lage. Kesyon lekòl fèmen an se yon pwoblèm grav ann Ayiti akoz katastwòf natirèl, pwoblèm politik, sosyal ak ekonomik. Timoun ann Ayiti ki nan 5yèm ane nan moman an pa janm pase yon ane san lekòl yo pa t fèmen. Pwoblèm sa a pouse Minis Edikasyon ann Ayiti a, gras ak sipò Bank Entèramerikèn Devlòpman an, pou l lanse yon apèl pou ankouraje itilizasyon zouti aprantisaj adistans. 

Blue Butterfly ki benefisye sibvansyon WKKF la te reponn ak apèl gouvènman an. Rezo entènasyonal ki responsab pwogram pou timoun yo ap bay timoun ann Ayiti edikasyon lakay yo nan televizyon ak òdinatè gras ak emisyon ki rele Lakou Kajou a, ki la depi 2015. Nan kolaborasyon ak Model School Network (MSN), ki jwenn sipò WKKF e ki se yon asosyasyon k ap ankouraje nouvo lide nan edikasyon pou anviwon 200 lekòl Ayisyen, ekip Lakou Kajou Blue Butterfly la te travay pou l devlope leson sou fòma odyo sou pwogram syans Ministè a pou elèv soti nan preskolè pou rive nan dezyèm ane. Yo swete ide yo kreye yo ap ka ede timoun yo aprann lakay yo gras ak kominikasyon odyo. Epitou yo swete, e yo wè yo ka mete menm metòd emisyon televiyon an ou pye nan lekòl yo: Pou timoun ka aprann ak kè kontan, ki rele for the joy of learning ann anglè.

Aprantisaj adistans nesesè ann Ayiti

Gen twòp timoun ann Ayiti ki pa al lekòl. Pifò pa fin fè primè, anjeneral se paske yo pòv oswa pa gen lekòl ki pre. Menm sa k ap eseye al lekòl yo pa ka al lekòl anpè akoz pwoblèm politik (pa egzanp, yo te touye prezidan nan lane 2021), vyolans (espesyalman ak kantite gang k ap ogmante yo), katastwòf natirèl (yon tranblemanntè ki te frape sid Ayiti nan lane 2021 ki te kraze oswa detwi plis pase 1,000 lekòl), pwofesè ki pa byen fòme oswa ki pa la ditou. Lekòl adistans nesesè, men se yon bagay ki difisil ann Ayiti, kote anpil kay pa toujou gen kouran oswa yo pa gen kouran ditou, nou pa menm bezwen pale pou entènèt.  

Tank ane ap pase, moun ki fè Lakou Kajou yo te rive atenn timoun ann Ayiti yo kèlkeswa kote yo ye, tankou yo entegre pwogram yo nan klas yo pou pwofesè yo ka sèvi avè yo epi voye leson sou fòma odyo ki kout pou paran yo sou WhatsApp. Men kounye a, pou premye fwa, yo te kreye yon kou konplè pou yo fè lakay yo.

Yon emisyon televizyon pou timoun ki ayisyen natif natal

Lakou Kajou te kreye gras ak yon kolaborasyon ant Blue Butterfly ki Etazini ak plizyè òganizasyon Ayisyen: Fondasyon MWÈM, Quisqueya University, Muska Group yon konpayi pwodiksyon, ak konsiltan edikasyon endepandan. Apre Charlotte Cole fin pase 20 lane ap dirije depatman Edikasyon Global Sesame Workshop la, li te met ak sè l la, ki rele Suzanne, pou yo kreye Blue Butterfly, ki bay sipò nan kreye emisyon edikatif pou peyi pòv yo. Moun ki fè Lakou Kajou yo te gade sou jan Sesame Street fèt pou yo kreye emisyon edikatif ki entèresan. Men, emisyon an, ki gen timoun 4-7 lane pou pifò k ap anime l, gen pwòp touch pa l. Jan moun ki responsab pou ekri pwogram nan fè konn sa nan Miami Herald, li fèt fason pa l, li “nan gou Ayisyen.” Yo ekri e pwodui tout epizòd yo Pòtoprens, an kreyòl ayisyen, e l chaje ak peyizaj ann Ayiti ak referans nan domèn kilti.

Devlope kiryozite lakay timoun

Pou pati syans lan, Lakou Kajou te kreye de pèsonaj televizyon – ki se frè ak sè marasa Tilou ak Lili ansanm ak yon zandolit yo rele Zando, ki jwe wòl gid aprantisaj. E se konsa Eksploratoryòm nan te vin fèt. 

Depi lane 2020, ekip Lakou Kajou a kreye 80 leson sou fòma odyo, ak liv egzèsis pou elèv ak gid pou pwofesè (40 pou elèv premye ane, 40 pou elèv dezyèm ane). Nan leson yo gen jwèt, mizik ak posibilite pou dekouvri, ak enstriksyon pou timoun nan ka sèvi ak kò l oswa pou l gade sa k nan antouraj li. 

Zando zandolit la. Kredi foto Eksploratoryòm

“Leson yo nan lang timoun nan pale e yo reprezante kilti l, epi yo fèt pou ede timoun nan konprann pi byen,” se sa Jovanie Pade, ki se responsab pwogram Lakou Kajou a di, “epi yo baze sou metòd ki se fondman Lakou Kajou: aprann pandan w ap jwe, pandan w ap amize w.” 

Li di sa a se yon bon kòmansman pou nou kite metòd edikasyon ansyen yo, ki konsantre sou aprann pa kè. “Nan pwogram Eksploratoryòm nan, rezònman pi enpòtan pase bat pa kè. Timoun nan dwe konprann, envante, kreye.” 

Metòd sa a fè pati yon pi gwo mouvman ki se sèvi ak Kreyòl Ayisyen an plis toujou nan aprantisaj syans. Pade fè konnen, pandan anpil lekòl konsantre sou pwofesè a, metòd Eksploratoryòm ki se yon metòd ki konsantre sou timoun nan, gen ladan l fè desen egzanp bagay nan lasyans ki nan reyalite a ak ekperyans elèv yo, epi fè sa nan lang matènèl timoun nan.

Kredi foto Blue Butterfly

Kreye mwayen pou aprantisaj adistans lan mache

Nan lane 2021, yo te kòmanse mete Eksploratoryòm nan sou pye nan kay ann Ayiti kòm yon esè. Blue Butterfly, ansanm ak moun k ap fè rechèch ki soti lòt kote, te fè yon etid sou itilizasyon adistans senk leson Eksploratoryòm nan. Plis pase 17,000 moun te gen aksè ak materyèl yo nan tout 10 depatman jewografik ann Ayiti, e menm nan zòn ki pi lwen yo. Elèv yo te tande leson yo sou telefòn selilè ki senp (ki se telefòn pifò fanmi Ayisyen posede), e apresa yo te patisipe nan seyans kesyon-repons ki anrapò ak kesyon sou fòma odyo kote yo ka patisipe a pa mwayen yon pwogram repons vokal gras ak konpayi aplikasyon mobil Viamo (e Digicel te bay apèl gratis). Te gen 30 gwoup ki gen timoun nan ak paran l ki te pale konsènan eksperyans yo. 

Men sa Suzanne Cole, ki se youn nan direktris egzekitif operasyon nan Blue Butterfly la di: “Nou kontan rezilta nou jwenn nan esè sa a.” “Gen anpil espwa nan kesyon platfòm telefòn nan pou fè aprantisaj adistans.” Men kèk nan rezilta yo jwenn yo: timoun yo pa t gen okenn pwoblèm pou yo konprann sistèm nan, 90% paran yo te fè konnen pitit yo te aprann nan materyèl yo, e 93% te di yo vle plis materyèl. 

Nan moman an, yo fè aranjman nan tout seri Eksploratoryòm nan ki gen 80 leson ladan l, pou n ka sèvi avè l sou sistèm telefòn nan. Travay sa a jwenn finansman gras ak rekonpans Living Proof’s Women’s Leadership Solutions an ki fè pati pwogram Massachusetts Institute of Technology’s Solve la, ki atire atansyon sou ekip ki gen fanm k ap dirije l ki kanpe dèyè Ekploratoryòm nan.

Men sa Cole di: “Donk sa k t ap pi bon an se pou timoun yo toujou al lekòl, paske kote ki pi bon pou timoun yo ye se nan klas yo, kote y ap aprann nan men pwofesè ki kalifye e ki renmen sa y ap fè a.” Men li konnen sa pa reyalite a nan anpil kominote ann Ayiti, se pou sa l gen yon lòt vizyon: “Sa n ta renmen wè se yon sistèm ki anplas nou ka itilize nan kominote yo lè gen pwoblèm, e ki te kreye nan kolaborasyon ak lekòl yo, pou leson timoun yo ap aprann yo ka menm bagay ni lè yo nan lekòl la, ni lè yo lakay yo.”

Fè yon fason pou kou yo gen valè menm lè se pa nan lekòl la yo bay yo

Nan lane 2021, nan yon peryòd kote lekòl yo te ouvri prèske tout kote, ekip Lakou Kajou a te bay pwofesè yo fòmasyon nan 15 lekòl MSN ann Ayiti nan Plato Santral, e pwofesè yo te anseye leson Eksploratoryòm yo pandan tout ane lekòl la. 

Moun k ap fè rechèch yo te pase elèv yo egzamen nan kòmansman ak nan fen ane akademik la. Pandan pwosesis esè a, moun ki kreye pwogram nan te vizite klas yo e, pafwa, yo te anrejistre patisipasyon elèv yo ak lè pwofesè yo ap pale konsènan eksperyans yo ak zouti a.

Moun sa yo ki kreye pwogram nan te kontan anpil pou sa yo te aprann nan. Non sèlman elèv ki nan klas Eksploratoryòm yo te fè pi gwo nòt nan egzamen fen ane a pase elèv ki nan klas ki pa nan sistèm Eksploratoryòm nan (18% pi plis an mwayèn), men pwofesè yo te fè konnen tou jan pwogram nan enpòtan. Nan kòmantè pwofesè yo fè, yo di nan ki pwen yo renmen pwogram nan, paske elèv yo renmen l, yo patisipe, yo montre jan yo konprann, e yo aprann pi byen.

Okòmansman, Josiane Hudicourt-Barnes, ki se espesyalis nan domèn lang ak edikasyon, pa t fin fè lide yon pwogram ansèyman syans sou fòma odyo a twòp konfyans, paske nan tèt li, aprantisaj syans fèt nan pratik. Men apresa l vin wè bagay yo yon lòt jan.

Men sa Hudicourt-Barnes di: “Menm si nou ofri yon pwogram kote pifò sa n ap anseye yo fèt ak son, nou eseye entegre lòt sans yo nan anrejistreman yo pou timoun yo pa annik chita y ap tann kou ki raz”. Li di li ra pou yo bay kou syans ann Ayiti, e lè yo resi bay kou sa a, souvan li pa kadre ak reyalite peyi a. Yo ka fè timoun yo aprann pwosesis chimik pou dlo fèt lan pa kè, “olye pou yo analize eleman ki nan dlo kote y ap viv la, oswa fason w sèvi ak dlo nan lavi chak jou, epi rezon k fè dlo enpòtan pou sante w.” 

Sara Wolf, ki se kowòdonatris MSN, dakò ak sa. Men sa l di: “M pase nan plizyè santèn klas [Ayisyen], e li ra pou m wè y ap fè yon kou syans, paske pwofesè yo pa santi yo gen ase konesans sou sijè a.”

Wolf di li sezi wè jan zouti a te ede pwofesè yo. Li di: “li te vin tounen yon pwogram devlòpman pwofesyonèl, menmsi nou te panse li t ap yon pwogram devlòpman matyè a.” Non sèlman plan kou Eksploratoryòm yo ak gid pou pwofesè yo te fè l mwens konplike pou pwofesè yo e l te diminye kantite travay yo gen pou yo fè; yo te ba yo yon modèl pou yo anseye yon fason ki pèmèt elèv yo patisipe tou.

Donk, èske Eksploratoryòm nan se yon zouti pou aprantisaj adistans oswa nan klas? Ann Ayiti, li dwe sèvi pou toulède. 

Konsènan pwodui ak sèvis zouti a, Cole di: “Yo plis pase yon metòd ki ka sèvi nan de anviwònman.” “Yo tankou yon lyen ki egziste ant sa k fèt nan klas la ak sa k ka fèt lakay. Epitou nou wè gen anpil espwa paske yo pèmèt timoun yo kontinye ak lekòl yo nan peryòd bagay yo cho, e pou pwofesè yo aprann kèk nouvo metòd yo ka sèvi nan klas la.”

Pwofesè ki sèvi ak Eksploratèyòm. Kredi foto: Blue Butterfly

Y ap kontinye vanse

Pandan ane akademik 2023-24 la, y ap sèvi ak Eksploratoryòm lan nan plis pase 100 lekòl, e ekip Lakou Kajou a ap kolabore ak Global Center for the Development of the Whole Child ansanm ak Catholic Relief Services pou yo agrandi pwogram nan pou l rive jis nan katriyèm ane. Epitou, ekip la ap kreye yon pwogram menm jan pou syans sosyal e yo swete fè sa pou matematik ak lòt matyè – tout sa ap fèt pandan y ap respekte prensip Ministè Edikasyon an. 

Annatandan, ekip la kontinye ap travay pou l kreye mwayen pou pèmèt Eksploratoryòm nan rive atenn timoun yo lakay yo. E si Ministè a aksepte zouti a pou yo sèvi avè l nan klas yo, li posib pou yo mete l sou pye nan lekòl leta yo nan tout peyi a.

Nan yon entèvyou ki te fèt nan yon televizyon leta ayisyen nan lane 2022, Jovanie Pade te esplike enpak li wè Eksploratoryòm nan gen ni nan lekòl, ni lakay.

Men sa l te di: “Nou vrèman vle devlope yon jenerasyon – pa sèlman elèv ki fò lekol, men ki lidè, ki prè pou angaje yo tou, paske, lè elèv la fè dekouvèt li pa li menm, li aprann… li komprann sa l ap aprann nan, sitou nan lang li, donk li prè pou fè envensyon tou, donk li prè pou l ale pou l ka chanje mond lan.”

Tcheke Eksploratoryòm epi gade echantiyon leson isit la.

Comments

Comments are closed.