Edikasyon

Michigan ap repanse gadri pou timoun apati de nouvo metòd

0
Photo by Isabel Lopez Slattery

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Donna Craig chita sou yon dodin epi l mete de timoun piti sou janm li.

Se te moman pou timoun yo fè lasyès nan klas Porcupine la nan The Dreamery, yon gadri ki fonksyone 24 sou vennkat nan yon batiman ki gen lojman ki pa chè nan zòn Edison nan Kalamazoo, Mich.

Craig, oupito “T.T. Donna”, jan timoun yo rele l la, griyen tout dan l pandan l ap pale ak yo nan yon vwa kè pòpòz pandan yo byen alèz nan bra l.

Craig kite karyè l nan domèn swen sante pou l pouswiv rèv li ki se edikasyon timoun, e l ap travay kounye a kòm yon Pwofesyonèl nan Edikasyon preskolè pou YWCA of Kalamazoo, ki posede ak dirije The Dreamery. Transizyon an te fèt gras a yon pwogram aprantisaj ki ofri sipò konplè pou patisipan yo ki jwenn pwopozisyon travay pandan y ap etidye pou yon diplòm Child Development Associate (CDA) epi jwenn kredi pou yo gen yon diplòm asosye, k ap pèmèt yo “fè lajan pandan y ap aprann”.

Craig di: “Mwen te antre nan sa ak je m tou ouvri, paske m konnen mwen vle fè yon diferans”. “Depi lè m isit la, mwen fè kèk bon zanmi. E se yon trè bèl, trè bèl opòtinite… M tèlman renmen sa m ap fè a.”

Craid se youn nan 30 moun ki aktif kounye a nan Edison Early Childhood Education Career Pathway, se yon pwogram devlopman moun ki fòme ki nan katye a ki la pou konble vid mendèv nan domèn edikasyon nan premye faz nan anfans lan, pou rann karyè nan domèn edikasyon nan premye etap nan anfans lan pi atiran.

Pwogram esè a fè pati pi gwo efò k ap fèt pou repanse gadri pou premye etap nan anfans nan Michigan pa mwayen apwòch ki baze sou nouvo metòd, sou kolaborasyon e ki nan kominote a, ki jwenn finansman gras a Early Childhood Investment Corporation’s (ECIC) Childcare Innovation Fund.

Kriz nan kesyon gadri

Ak lavi chè nan fanmi yo, mwens anplwaye ak plis pase mwatye moun nan Etazini k ap viv kote yo pa gen aksè ak gadri, pandemi COVID-19 la anpire difikilte ki te deja genyen nan sektè endistri pou gadri ak edikasyon preskolè.

Men sa Dawne Bell, ki se direktè jeneral Early Childhood Investment Corporation ki nan Lansing nan te di: “Ta dwe gen yon opòtinite ki soti nan youn kriz.”

Bell kontinye pou l di: “Se nan moman sa a vin gen nesesite pou Childcare Innovation Fund nan.” “Pakse nou gen bèl pwojè demonstrasyon sa yo k ap fèt nan Michigan k ap montre nouvo fason pou finanse l, nouvo fason pou nou fè l, k ap vrèman eseye ranje kèk nan bagay sa yo ki te kraze anvan pandemi an e ki vin pi mal pandan pandemi an.”

ECIC te kreye Childcare Innovation Fund nan lane 2021 apre yon envestisman lansman $3 milyon W.K. Kellogg Foundation te fè, nan kad angajman pou kreye chanjman sosyal $300 milyon òganizasyon benevòl la.

Finansman an travay ak antreprenè nan sektè piblik ak prive yo pou pote nouvo solisyon ki sot nan lòt eta pou Michigan epi eseye pwojè espesyal la k ap chèche solisyon ki fè sans k ap nan avantaj fanmi k ap travay yo, moun ki posede gadri yo ak edikatè preskolè. Premye de zan pwojè a t ap kreye nouvo modèl biznis ak finansman pou founisè edikasyon preskolè pou sèvi kòm yon plan, pou l ka byen chita nan Michigan.

“Premye objektif nou se te pou nou sipòte kominote nan Michigan yo, pou yo ka eseye kèk solisyon, pou yo ka vin ak nouvo lide nan eseye jwenn solisyon. Bell di: “Ebyen, sa a se moman pou nou eseye yon bagay diferan pou nou rezoud pwoblèm nan kesyon gadri a.” Mwen panse gen gwo bagay k ap fèt e tout nouvo metòd yo – gwo ak pitil – ap analize pwoblèm mendèv ak salè, ki esansyèl, paske n ap eseye mete presyon. An reyalite, tout sa a ap pran pi wo nivo lè nou rive chanje règleman an.”

Pandan pandemi an, yon sondaj Depatman Edikasyon nan Michigan te fè pou moun ki gen gadri yo nan lane 2021 montre 86% sant yo pa t ka peye salè ki konpetitif. Salè mwayen pou moun k ap travay nan gadri nan Etazini yo se $13.22 pa èdtan, daprè U.S. Bureau of Labor and Statistics a. Nan Michigan, se $12.83 pa èdtan, ki fè $26,680 pa ane.

Yon nouvo chimen

Kalamazoo Edison Early Childhood Education Career Pathway te pami premye benefisyè finansman Childcare Innovation Fund lan, ak Kalamazoo Literacy Council antanke benefisyè sibvansyon l.

Kad pwogram plan karyè a sible moun k ap chèche opòtinite k ap viv nan katye Edison nan, k ap akeyi kandida non-tradisyonèl tankou sa ki pa gen GED, ki pale Anglè kòm yon dezyèm lang oswa sa ki bezwen plis èd pou yo antre domèn edikasyon preskolè.

Men sa Michael Evans, ki se Direktè Jeneral Kalamazoo Literacy Council te di: “Travay nou se pou nou jwenn moun ki ka pa menm konnen ke edikasyon preskolè ka yon karyè, paske yo pa wè yo kòm kandida tradisyonèl.” “Donk, n ap chèche moun sa yo, ki, si yo te jwenn sipò, yo t ap ka gen diplòm epi gen eksperyans pou yo ka kite travay yo pa renmen epi antre nan yon karyè kote yo ka fè ladiferans epi chanje fason yo pran swen tèt yo ak fanmi yo.”

Plis pase 180 moun te montre yo entèrese nan pwogram esè a, kote 32 aktif nan moman an nan pwogram pakou karyè a ak 43 lòt ka ap chèche opòtinite.

Patisipan nan pwogram aprantisaj la te resevwa sipò konplè, ki gen ladan l sèvis pou alfabetizasyon, konpetans akademik ak fondamantal, ansanm ak sipò non-akademik tankou èd nan kesyon lojman ak fòmasyon ratik nan domèn edikasyon nan preskolè. Pwogram nan ofri travay a tan plen ki garanti, ak salè ki kòmanse nan $15 dola lè, ak benefis. Gen travay tan pasyèl ki disponib tou.

Men sa Joan Blough, Direktè anchèf pou Childcare Innovation Fund, di: “Patisipe nan opòtinite sa a, depi nan kòmansman, se ogmante nivo salè yo epi mete moun yo nan yon pozisyon kote alavni, yo ka vin pi fò chak jou.”

Daprè siksè pwogram Edison Early Childhood Career Pathway nan depi l te kòmanse, ECIC ap finanse jiska 10 lòt kominote nan Michigan nan lane 2023 pou eseye yon pwogram aprantisaj pou ede rezoud pwoblèm y ap rankontre nan swen ak edikasyon preskolè.

Patenarya piblik ak prive yo kontinye grandi nan kominote nan tout Michigan pandan Childcare Innovation Fund nan elaji limit li apre l te resevwa $12.5 milyon nan finansman federal nan kad American Rescue Plan Act la, Depatman Edikasyon nan Michigan (MDE) te bay pa mwayen pwojè Caring for MI Future la. Te gen yon lòt $2 milyon finansman federal yo te bay nan mwa desanm 2022 ki soti nan Community Project Funding.

“Nou vle bay kominote lokal nou yo anpil kredi la a. Mwen panse yo konprann pa gen yon sèl grenn solisyon pou sa”, daprè sa Bell di. “Nou panse pwoblèm nan premye etap preskolè yo se prensipal pwoplèm nan règleman yo pou tout fanmi ak moun ki abite nan Michigan.

“Nou pa t ap ka gen tout motivasyon sa a pou n travay sou sa a si nou pa t gen espwa ak yon plan pou n retire Michigan nan yon kriz… Se yon gwo viktwa pou nou kòmanse pale konsènan espas edikasyon preskolè kòm yon byen piblik. E nou kòmanse pale konsènan sa nou t ap bezwen toutbon pou nou finanse konpansasyon apwopriye epi finanse opsyon ki reponn ak bezwen tout fanmi k ap travay yo. E m panse sa p ap pran twòp tan anvan nou sot nan pale ak pwopoze lide pou n wè aksyon kounye a.”

Kellogg Foundation envesti nan moun k ap aprann nan domèn premye etap nan anfans lan gras a Childcare Innovation Fund

Pandemi COVID-19 la agrandi anpil pwoblèm ki te la depi lontan nan domèn edikasyon preskolè.

Yon sektè ki te gentan nan moman kriz te wè anpil anplwaye gadri fèmen oswa yo diminye nan fonksyònman yo akoz te gen yon gwo mankman nan edikatè preskolè ki byen fòme.

W.K. Kellogg Foundation te reponn lè l pran gwo desizyon pou kreye yon nouvo plan pou edikasyon nan premye etap nan anfans lan nan Michigan gras a yon envestisman $3 milyon pou lansman nan Early Childhood Investment Corporation ki nan Lansing pou l kreye Childcare Innovation Fund.

Pwojè a travay ak antreprenè sou 2 zan nan sektè piblik ak prive yo pou pote nouvo solisyon ki sot nan lòt eta pou Michigan epi eseye pwojè espesyal la k ap chèche solisyon ki fè sans k ap nan avantaj fanmi k ap travay yo, moun ki posede gadri yo ak edikatè preskolè.

“Nou te wè sa kòm yon opòtinite pou nou resi kreye sistèm nou te konnen nou te toujou bezwen an,” se sa Yazeed Moore di, li menm ki se Responsab Anchèf Pwogram pou W.K. Kellogg Foundation. “Nou te konnen nou te bezwen pwofite moman an pou nou petèt repanse fason pou nou bati yon sistèm ki pi solid, ki pi jis pou gadri ak edikasyon preskolè, lè nou bay finansman piske sistèm aktyèl la pa t janm rive reponn ak bezwen timoun ak fanmi yo nan plizyè domèn.”

Finansman $3 milyon pou lansman an te fè pati 300 milyon dola angajman W.K. Kellogg Foundation nan kad angajman pou pote chanjman sosyal li a, yo te anonse nan mwa oktòb 2020. Early Childhood Innovation Fund nan la pou rezoud pwoblèm salè ki fèb yo, diferans ki gen nan konpansasyon yo ak mank opòtinite pwogrè nan domèn swen ak edikasyon nan premye etap nan anfans pa mwayen pwogram aprantisaj pou “pakou” ki entegre ki espesyal nan chak kominote.

Men sa Moore di: “Nou te remake anpil reyaksyon paske daprè jan sa konn ye, te gen yon tikras oswa pa t gen sipò ditou pou devlope nouvo metòd pami moun ki gen gadri yo ak lòt moun ki ka kreye nan domèn sa a.” “Yon chanjman nou prevwa nan nouvo resous yo ak règleman ki gen pou vini nan nivo federal ki t ap gen enpak e ki t ap nan avantaj Michigan, e yon fason pi pozitif, nou te vle asire nou, nan ane k ap vini yo, Michigan t ap nan yon bon pozisyon pou enfòme ak enfliyanse konvèsasyon ak devlopman nan domèn sa a piske nou t ap ka ankouraje lide ak apwòch nouvo biznis ak modèl finansman pou repanse gadri epi ranfòse finansman ECE nan Michigan.”

Depi lansman ak aplikasyon Childcare Innovation Fund nan, E.C.I.C itilize plis pase $14 milyon nan finansman federal pou pojè a, sa ki agrandi espas li ak enpak li nan Michigan.

Moore fè konnen lajan an sèvi kòm “yon egzanp ki montre fason byenfezans ka kolabore ak gwoup ak kominote yo pou repanse sistèm ak apwòch yo, tankou yon lòt analiz, sou sa monn nan t ap ye nan domèn nou an ak kote nou konsantre a tankou swen ak edikasyon preskolè ki t ap pi byen itil eksperyans timoun ak fanmi n ap travay pou yo chak jou a.”

Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale sou ecic4kids.org.

Gade benefisyè Childcare Innovation Fund yo k ap pataje leson yo aprann nan eksperyans yo pou diplòm & pratik nan kad Child Development Associate:

Kominote ki resevwa sipò gras a Childcare Innovation Fund*

Rejyon Antrim ak Benzie: Northwest Education Services. Eseye itilizasyon ogmantasyon salè dirèk pou edikatè nan preskolè nan kòmansman edikasyon fòmèl yo epi kreye yon modèl pou itilizasyon ankourajman fiskal nan moman an, pou anboche, sipò te, ak kenbe edikatè preskolè yo.

Rejyon Calhoun: Community Action South Central Michigan. Anboche ak kenbe edikatè preskolè yo nan sipò pou edikasyon fòmèl ki depase Child Development Associate, sa gen ladan l ede ak difikilte ki genyen pou fini l.

Rejyon Calhoun, Battle Creek ak Kalamazoo: Pulse at the W.E. Upjohn Institute for Employment Research. Eseye itilizasyon meni ki baze sou entènèt pou opsyon gadri pou konpayi k ap bay travay ki rasanble resous konpayi, devlopman ekonomik ak preskolè.

Rejyon Emmet: North Central Michigan College. Dirije yon analiz sou aksè ak a nouvo metòd ak enpak ak biznis gadri ki nan Rejyon Emmet la, pou enfòme resous devlopman yo pou ogmante kontribisyon yo nan gwo enpak nouvo metòd pou biznis yo ka kontinye egziste e pou yo pwogrese.

Rejyon Grand Traverse, Leelanau, ak Benzie: United Way of Northwest Michigan. Agrandi evalyasyon faktè sosyal sante koneksyon nan kominote a, ajoute gadri ak lòt kesyon anrapò ak sèvis pou premye etap nan anfans, epi fè esè ak konpayi ki anboche moun yo ak depatman sante yo.

Rejyon Kalamazoo, Vil Kalamazoo, Katye Edison: Kalamazoo Literacy Council. Devlope pakou karyè nan swen ak edikasyon preskolè a ki kreye aksè ak travay a tan plen, salè ki pèmèt moun ka ptravay nan gadri yo viv, epi ofri sèvis devlopman pou biznis gadri yo.

Rejyon Kent, Vil Grand Rapids: Steepletown Neighborhood Services. Devlope pwogram aprantisaj agreye pou edikatè preskolè yo ki gen ladan l ansèyman akademik ak fòmasyon pratik, kote yo peye stajyè a.

Rejyon Lelaneau: Leelanau Early Childhood Development Commission. Devlope odel sèvis pataje ki nan rejyon an pou anboche, fòme, ak sipòte moun majè ki sot nan kilti ak ran sosyal diferan pou lanse biznis gadri ki bay sèvis pou tibebe/timoun piti ak nan lè ki pi ta.

Rejyon Macomb, Oakland, ak Wayne: Konsantrasyon: ESPWA. Eseye fòmasyon nan travay ak efò pou jwenn diplòm pou moun majè ki ta renmen fè karyè nan aprantisaj preskolè epi bay gadri ki yon ti monnen oswa gratis pou fanmi ki pa kalifye pou gadri ki resevwa sibvansyon yo men ki gen limit nan salè yo.

Rejyon Missaukee and Wexford: Alliance for Economic Success. Lanse yon pwojè pou gen plis gadri ki itilize mwayen ki egziste nan kominote a epi angaje nouvo kolaboratè pou kreye yon anviwònman ki gen gadri ki bèl e ki jis.

Rejyon Newaygo: RESA Rejyon Newaygo. Eseye yon sant kreyasyon gadri ki nan rejyon an ki angaje devlopman ekonomik ak konpayi yo kap ede moun ki gen biznis gadri yo.

Rejyon Ottawa ak Vil Holland: Ottawa Area Intermediate School District. Presize sou yon sistèm enskripsyon ak kalifikasyon santralize ki deja la pou ogmante aksè ak travay k ap chèche moun nan preskolè ak gadri pou fanmi yo.

Rejyon Washtenaw, Branch, Genessee, Hillsdale, Jackson, Lenawee, Livingston, ak Monroe: Childcare Network. Ogmante itilizasyon yon Pwofesyonèl k ap Fòme Moun Ki Kalifye pou Preskolè pou yo vin gen diplòm epi ranfòse kilti ak pratik nan biznis nan espas travay nan gadri yo.

Rejyon Wayne, Vil Detroit, Kominote Cody Rouge: Sant Devlopman. Eseye yon apwòch kominotè pou kreye pwopozisyon pou gadri, k ap konsantre sou gadri pou tibebe/timoun piti ak lè ki ta ak yon sèvis transpò yon founisè fè ki mennen jèn timoun lakay yo/sot nan gadri a ak aprè sèvis gadri yo an sekirite ak san pwoblèm.

25 Ekip K ap Fè Enpak nan 16 Kominote nan Tout Eta a: Zouti Devlopman Lite ki Bay Bon Rezilta. Nan mwa fevriye 2022, ECIC te kreye yon premye modèl e l te eseye yon Zouti Devlopman Lide ki Bay Bon Rezilta. Itilizasyon yon zouti devlopman pou ede antreprenè yo kreye plan ki byen kalkile e ki bay rezilta se yon bagay tout moun konnen nan sektè biznis la, men depi lontan, sipò a te minim pou devlope nouvo metòd pami moun ki gen gadri yo ak lòt inovatè. Zouti pou Devlope Lide Ki Bay Bon Rezilta yo se yon nouvo metòd nan sistèm ki pa menm ak lòt yo pou Michigan, ki fèt espesyalman pou inove pou gadri Michigan bezwen pou fè yon gwo enpak sou kriz gadri ki gen nan moman an.

*Sous: 2022 ECIC Impact Report

Comments

Comments are closed.