This post is also available in: English (Angle)
Ane sa a, Essence Festival of Culture pwopoze yon pwogram dinamik ki gen espektak, tab wonn ak diskisyon enpòtan ki enkli twa sèn W.K. Kellogg Foundation ap prezante. Yon diskisyon estimilan, “Envestisman nan Jererasyon Revni Lokal antanke yon Eleman Prensipal pou Chanjman Dirab,” pwopoze yon vizyon pou katalize envestisman nan inisyativ ayisyen yo epi sipòte kanpay Pockets of Hope W.K. Kellogg Foundation ak patnè li yo ap mennen, ki gen objektif pou favorize yon anvi ekitab ak pwospè pou timoun yo, fanmi yo ak kominote yo.
Envestisman filantwopik nan milye ki gen resous fèb yo ka gen yon enpak ki pwofon anpil lè li byen fèt – ak yon vizyon alontèm, angajman kominotè epi respè pou lidèchip lokal. Prezidan direktris jeneral WKKF la La June Montgomery Tabron; responsab pwogram pou Ayiti, Dana François; ak Michèle Pierre-Louis, ki se aktyèl prezidan Fondasyon Konesans ak Libète (Foundation for Knowledge and Liberty) e ansyen premye minis Ayiti te patisipe nan konvèsasyon an. Kòm moderaè nou te genyen Reynold Verret, ki se prezidan HBCU (enstitisyon akademik ki istorikman nwa) Xavier University.
Nan pwopo douvèti li a, Tabron te souliyen lyen kiltirèl, agrikòl ak istorik pataje ki genyen ant Ayiti ak Nouvèl Oleyan. Li te mete aksan sou bezwen ki genyen pou ogmante envestisman filantwopik ann Ayiti, alòske peyi a ap travèse moman ki difisil e sipò ki prezan yo ap diminye, gentan “genyen timoun ak fanmi ak moun k ap travay sou teren an ann Ayiti chak jou, k ap kreye solisyon ki pwometè pou rezoud pwoblèm y ap konfwonte yo.”
Pierre-Louis apre sa te pataje kèk egzanp lespwa li te temwen ann Ayiti malgre kondisyon difisil yo. Li te pale ak franchiz sou sitiyasyon difisil ak konplike ki genyen ann Ayiti a, li te reflechi sou faktè estrès kotidyen yo, pandan li t ap di “gen yon nivo ensekirite ki wo anpil ki gen enpak sou mòd fonksyònman nou.” Li te manyen tou istwa kolonyal douloure Ayiti a ak “move jesyon modèn aktyèl ke tout pati prenant yo ap fè, nasyonal kou entènasyonal,” ki gen ladan yo misyon ak entèvansyon Nasyon Zini youn dèyè lòt yo, ke Pierre-Louis te idantifye kòm sa k ap afebli kapasite leta, ki vin bay kòm rezilta chanjman estriktirèl ki neglije, sektè ki abandone ak enfiltrasyon krim entènasyonal. Deja, Pierre-Louis te ensiste sou,
“Difisil, wi, men nou tout konnen ke Lespwa se yon disiplin ak yon angajman. Ayiti pa ka redui sèlman ak move gouvènans, koripsyon, mepri dwa moun ak dwa fanm, epi etikèt pèmanan ‘peyi ki pi pòv nan emisfè a.’
Non, Ayiti se plis ke tout sa yo. Li se yon pèp k ap reziste chaj jou pou kenbe diyite li. Yon pèp ki kreyatif, rich nan sajès ak kilti. Yon pèp k ap chèche jwenn yon lavi miyò. Yon pèp ki konfwonte ak efè sa mwen fenk sot dekri la yo, men ki chwazi òganize l epi goumen pou li libere, pou li kreye lavi, pou li voye pitit li lekòl e an menm tan pou li kenbe yon sans imou ki enkwayab.”
Dana François apre sa te diskite sou Haiti Food System Alliance ak efò l ap fè yo pou ranfòse ekonomi riral yo epi ranfòse revni antreprenè ak peyizan yo, an patikilye “aksè ak finansman, aksè ak semans, aksè ak grenn pou plante, aksè ak mache yo, ofinal pou pèmèt kreyasyon richès.” Depi kreyasyon li, Alliance lan te travay ak plis pase 40,000 peyizan epi te bay èd alimantè pou plis pase 70,000 timoun lekol – ak plis toujou, esklizivman atravè pwodiksyon lokal. François te eksplike ke ti peyizan yo, antreprenè lokal ak kominote yo “konnen kisa yo bezwen, se pa plis fòmasyon; yo bezwen lajan. Yo bezwen aksè ak resous yo. Yo bezwen mache. Yo bezwen yon akonpayman alontèm.”
Gade diskisyon an annantye la a epi vizite haitipocketsofhope.com pou plis enfòmasyon.
Comments