Ekite RasyalTravay

Benefisyè Michigan yo pwoteje anplwa ekitab lè yo sipòte ti antrepriz yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

An 2019, te gen plis pase 870,000 ti antrepriz nan Michigan ki t ap anboche apeprè 1.9 milyon moun (plis pase 49% mendèv prive eta a).*

Ti antrepriz yo jwe yon wòl vital nan sante ekonomik ak nan sekirite fanmi ak kominote yo nan tout eta a. Pandemi COVID-19 la vin rann sipò pou ti antrepriz yo enpòtan pliske jamè, alòske yo te oblije fè fas ak fèmti obligatwa akòz òdonans ijans pou rete nan kay ke yo te pase pou pwoteje rezidan Michigan yo. W.K. Kellogg Foundation (WKKF) bay benefisyè yo fleksibilite sou kijan pou yo itilize sibvansyon lajan yo fas ak pandemi a. E nan tout Michigan, benefisyè yo te travay pou eksplwate kapital adisyonèl epi founi asistans teknik ak devlopman kapasite pou ti antrepriz yo, ak yon konsantrasyon sou antrepriz ke se minorite ak fanm ki posede yo. Yo te itilize finansman ki te disponib atravè sibvansyònman adisyonèl fondasyon an epi atravè Lwa CARES gouvènman federal la pou asire yon aksè ekitab nan opòtinite pou anplwa ki kontinyèl nan tout eta a.

Nan tout Michigan, benefisyè WKKF yo te sipòte 6,300 ti antrepriz adisyonèl ke moun koulè yo te posede gras ak fòmasyon nan devlopman kapasite ak asistans teknik ke yo te founi yo. Nan vil natal WKKF la ki se Battle Creek, yon ti vil ki gen yon popilasyon de anviwon 51,000 moun, gen 95 antrepriz adisyonèl ki te resevwa èd sa a. Nan pi gran vil ki gen nan Michigan nan, Detroit, ki konte anviwon 675,000 abitan, se 2,125 ti antrepriz ki te resevwa asistans. E nan Grand Rapids, ki gen yon popilasyon ki jis pi ba pase 200,000 moun, se 4,080 antrepriz ki te jwenn sipò.

Comments

Comments are closed.