Sante

Dèyè gwo tit yo: nan direksyon yon nouvo resi pou zèv charite nan domèn lasante ann Ayiti

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

This article originally appeared on the website of Grantmakers In Health, gih.org.

Jou ki te 14 dawout 2021 an, yon tranbleman tè mayitid 7.2 te frape Penensil Sid Ayiti a, kote li te detwi plizyè santèn batiman epi touye plizyè milye moun. Apre plis pase dis lane depi tranbleman tè devastatè 2010 la, katastwòf mitan mwa dawout la te depase lopital yo; rann wout yo enpratikab; fè lekòl yo, legliz yo ak biznis yo tounen dekonm epi te kite plizyè milye moun san kay ap chèche moun pwòch yo. Kontrèman ak sipò masif ki te vini nan jou apre tranbleman tè 2010 la, entèvansyon 2021 an pat fè bwi. Pòvrete pèsistan, twoub politik ak vyolans — san konte katastwòf natirèl yo yo menm ki pat sispann – te fè anpil moun kesyone davantaj pou kontinye fè envestisman ann Ayiti.

Souvan, medya enfòmasyon yo fè referans ak Ayiti tankou “peyi ki pi pòv nan Emisfè Oksidantal la,” epi yo atire atansyon an vit sou pwoblèm aktyèl Ayiti genyen chak fwa yon katastwòf frape peyi a. Naratif sa a mete aksan sou dezespwa ak trajedi epi prezante nasyon Karibeyen an tankou yon “simityè” pwojè ki pa abouti epi li kenbe mit ak fo lide sou èd ak zefò rekonstriksyon. Rapò sa yo prezante yon sèl bò nan istwa a, paske souvan, yo maske koz fondamantal soufrans peyi a ak inisyativ ayisyen k ap travay yon fason efikas pou rezoud yo.

Kontrèman ak naratif ki di ke tout envestisman pou zèv charite pa efikas an Ayiti, Partners In Health (PIH), Build Health International (BHI) ak Health Equity International (HEI) te gen plizyè gwo enpak pozitif sou sektè sante a an Ayiti pandan dizèn lane ki sot pase a. Avèk finansman kontinyèl W.K. Kellogg Foundation (WKKF), òganizasyon non gouvènmantal (ONG) sa yo pran angajman pou yo lite kont inegalite sistemik ki ankre nan sistèm swen sante a. Yo asosye ak kominote lokal yo ak enstitisyon piblik yo pou konstwi enfrastrikti pou sante ki pi rezistan, fòme epi kenbe yon mendèv konpetan epi devlope sistèm sante ki solid epi k ap fonksyone, ki ameyore rezilta nan domèn sante yo sou yon tan ki long epi ki ede nan entèvansyon nan kriz grav yo Ayiti. Yo se prèv ke ofri swen sante dirab nan milye kote resous yo fèb – nan patenarya ak kominote lokal yo ak gouvènman an, epi avèk yon konpreyansyon apwofondi kontèks lokal la – pa sèlman posib, men tou li obligatwa. Egzanp sou fason pou reyalize sa avèk siksè egziste deja ann Ayiti.

Inisyativ nan Domèn Sante ki Reyisi Apre Tranbleman Tè 2010 la: Sa ki Posib yon Dizèn Lane Apre

Li kòmanse avèk enfrastrikti – ni fizik, ni imen. Lè tranbleman tè mayitid 7.0 a te frape Ayiti jou 12 janvye 2010 la, kote li te lakoz anpil twomatis ak viktim atravè rejyon kapital la, absans etablisman swen entansif yo te flagran. Gwo etablisman swen siperyè tankou lopital inivèsitè ki gen 300 kabann nan yon zòn riral Ayiti, Hôpital Universitaire de Mirebalais (HUM), ke  PIH ak  BHI te konstwi, pat ko egziste. Lopital la, yon rèv ki te la lontan nan kè ko-fondatè PIH la ak vizyonè pou sante mondyal la, Doktè Paul Farmer, te konstwi nan de (2) lane sèlman avèk don prive, ki gen ladan l patisipasyon W.K. Kellogg Foundation. Jodi a, li se yon etablisman swen sante piblik ke gouvènman lokal la posede epi li kontinye ap konble yon gwo vid, sou plan nasyonal ak entènasyonal, pou ayisyen ki te gen yon aksè limite ak bon kalite swen sante anvan.
Nan jou apre tranbleman tè 2010 la, pa t gen yon grenn doktè ijans ki te fòme Ayiti ki te nan peyi a. Fas ak absans pwogram fòmèl edikasyon medikal medsin ijans, doktè ayisyen ki te enterese etidye espesyalite a te oblije ale yon lòt kote. Kontrèman ak tranblemantè 2010 la, entèvansyon medikal pou sa ki te fèt nan lane 2021 an, se prèske pwofesyonèl medikal ayisyen sèlman ki te dirije l, kote pifò nan yo se nan HUM yo te fòme. Pandan li te konsidere anpil tankou yon siksè nan envestisman ak kowòdinasyon apre tranbleman tè 2010 la, HUM se premye enstitisyon medikal nan Emisfè Oksidantal la ki te resevwa akreditasyon nan men branch entènasyonal Konsèy Akreditasyon pou Ansèyman Medikal Siperyè a (Accreditation Council for Graduate Medical Education, ACGME-I). Li akeyi sèt pwogram rezidans (medsin entèn ak familyal, pedyatri, chiriji, obstetrik ak jinekoloji, newoloji, enfimye/enfimyè anestezis ak medsin ijans) k ap fòme pwochen jenerasyon pwofesyonèl swen sante ayisyen nan peyi a.
Sa gen onz lane, St. Boniface Hospital (SBH), ke HEI jere, te sèlman yon ti klinik sante kominotè nan penensil sid Ayiti. Avèk finansman kontinyèl WKKF ak lòt patnè nan zèv charite, etablisman an devlope mezi ane yo pase pou l vin anviwon senk fwa gwosè li te ye anvan tranbleman tè 2021 an. Jodi a, SBH wè plis pase 500 pasyan chak jou ki soti tout kote nan peyi a epi li akouche plis pase 500 tibebe nan yon mwa, nan egalite avèk gwo lopital metwopoliten nan peyi Etazini. Lopital la posede sèl inite swen entansif neyonatal ki fonksyone 24 sou 24 nan sid Ayiti (yon zòn ki gen prèske 3 milyon moun). Epitou, li gen plizyè sal matènite chirijikal ak yon sal doperasyon ki disponib 24 sou 24 – toude se bagay ki ra toujou nan zòn riral Ayiti. Nan lane 2010, pou sèvi viktim tranbleman tè yo, SBH te lanse premye pwogram reyadaptasyon lezyon mwal epinyè peyi a epi depi lè sa a, li trete plis pase 1,000 pasyan.
Lopital la, ke BHI te konstwi selon estanda entènasyonal rezistans ak tranbleman tè yo, rete solid sou plan estriktirèl epi li te jwe yon wòl esansyèl nan tretman moun ki te blese nan tranbleman tè 2021 yo. Nan kolaborasyon ak WKKF, jodi a, HEI ap dirije reyabilitasyon apre tranbleman tè alontèm nan sid Ayiti. Pou l fè sa, li rekonstwi sant sante kominotè ki domaje yo, ranfòse sistèm swen sante yo epi devlope pwodiksyon oksijèn kalite medikal pou fè fas ak mank oksijèn ki genyen nan peyi a, yon pwoblèm ki agrave depi pandemi COVID-19 la.
Poutan, dirabilite ak efikasite sistèm swen sante sa yo ki konstwi nan espas yon dizèn lane, se rezilta plis pase sèlman kantite resous ki disponib; yo gen rasin yo nan kijan resous sa yo te deplwaye, espesyalman nan kontèks apre tranbleman tè Ayiti a.

 

Repanse Apwòch Nou sou Zèv Charite nan Lasante

Depi lè Ayiti te vin premye repiblik moun nwa dirije lè l te ganye endepandans li nan men Lafrans nan lane 1804, sistèm kolonyal yo te pèsiste, pandan yo kenbe inegalite yo epi sa te vin antrene enkapasite peyi a pou l fè entèvansyon efikas lè gen katastwòf, ke se lèzòm ki pwovoke yo, ke yo natirèl. Apre katastwòf sa yo, pifò don charite yo al jwenn gwo òganizasyon entènasyonal ki pote yon èd dijans imedya, kote ke souvan yo pa pase ni atravè gouvènman lokal la, ni òganizasyon ayisyen kap dirije yo, sa ki kenbe yon sèk depandans, vilnerabilite ak enpisans.

Zèv charite yo gen de avantaj inik ki pèmèt yo travay yon fason fleksib pou leve nenpòt ki defi, men yo ka travay nan patenarya tou avèk gouvènman lokal ak nasyonal yo, òganizasyon prive yo ak sosyete sivil la. Atravè finansman sou yon tan ki long ak kowoperasyon avèk ONG ke ayisyen dirije epi avèk gouvènman ayisyen an, moun k ap finanse yo ka fè plis pase voye èd bay Ayiti. Nou ka bay yon nouvo jenerasyon mwayen pou l kòmanse remodle avni Ayiti – yon avni kote timoun ayisyen yo pa sèlman siviv, men tou pou yo pwospere nan kominote ki pi ekitab epi pi rezistan.

Lè nou pran leson nan katastwòf pase yo, nou konsyan ke kontribisyon nan yon chanjman sistemik konsa Ayiti pap fasil. Malgre inisyativ sante lokal nou prezante la yo, gen lontan plis travay ki pou fèt pou demantle yon fason efikas inegalite nan swen sante ki la depi plizyè santèn lane epi kraze sik pòvrete ak maladi nan peyi a. Men jan Doktè Farmer fè nou sonje nan remak konplè li yo nan Reyinyon Anyèl GIH la sou Zèv Charite nan Domèn Lasante pou lane 2006 la: Si Ayiti krible anba defi – ansanm ak yon gwo bezwen pou bon kalite envestisman– èske sa se kòmansman yon konvèsasyon oswa la fen youn? Nou di se kòmansman a.

Comments

Comments are closed.