Policy

Mezire sa ki nesesè pou timoun yo pwospere, pa sèlman siviv

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Deplizanpli, fanmi nan Etazini ap lite pou fè fas ak depans k ap monte ak ede timoun yo pwospere.

Depans kay yo, jan Endèks Pri Konsomatè (Consumer Price Index) a mezire yo, monte 66% nan de dènye deseni yo, men salè ak revni, lè yo ajiste yo pou enflasyon, sèlman monte 2% pandan menm peryòd la.

Depi 1969, gouvènman federal la te itilize Mezi Povrete ofisyèl (Official Poverty Measure (OPM)) pou estime sa fanmi yo bezwen pou kouvri depans kay yo. Nan ane ki pase depi yo te kreye l la, gouvènman federal la pa t chanje metodoloji OPM lan; sepandan, lòt mezi tankou Mezi Povrete Siplemantè (Supplemental Poverty Measure) te entwodui epi yo te itilize yo pou kaptire lòt depans debaz kay yo pou ede evalye sa moun bezwen pou rankontre bezwen prensipal yo. Byenke sa enpòtan pou ede genyen yon imaj ki pi klè sou sa fanmi yo bezwen pou siviv, yo pa ale ase lwen pou ede nou wè sa fanmi yo — espesyalman sa ki gen timoun — bezwen pou pwospere. Lè yo kontinye itilize mezi kou ki limite, echèl bezwen ekonomik reyèl la rete kache epi repons politik yo pa ase. Nou bezwen nouvo analiz ki ede nou konprann pi byen sa fanmi yo bezwen.

Pou adrese vid sa a, Federasyon Ajans Byennèt Pwotestan (Federation of Protestant Welfare Agencies (FPWA)) , yon benefisyè Fondasyon W.K. Kellogg (WKKF), te kòmande Enstiti Iben an pou devlope yon nouvo mezi konplè ki gen gwo pwomès pou amelyore konpreyansyon nou sou sa fanmi yo bezwen ak ki politik federal, eta ak lokal ki ka ede pi plis.

Premye Mezi Vrè Kou Sekirite Ekonomik (True Cost of Economic Security Measure (TCES)) nasyonal la defini sekirite ekonomik kòm lè kay yo gen ase resous pou peye pou tout pwodwi ak sèvis ki nesesè pou patisipe totalman nan ekonomi ak sosyete jodi a, epi tou pou ekonomize lajan pou ijans ak lavni. Nouvo mezi sa a inovatè paske li baze sou sekirite ekonomik, pa mankman grav, epi li enkòpore depans ki pa enkli nan mezi tipik byennèt ekonomik nan Etazini.

Selon done sou depans ak resous yo konpile pou prèske chak konte nan Etazini, mezi inovatè sa a revele plis pase mwatye Ameriken yo pa gen sekirite ekonomik. Menm kay ki gen travay konplè yo ta ka sèlman yon aksidan oswa yon pèt travay distans de dezas ekonomik. Epi menm si yo kapab fè fas ak pifò depans regilye yo, anpil pa kapab ekonomize pou lavni. Lòt dekouvèt kle yo enkli:

Twa sou

senk timoun ki gen mwens pase 18 an ap viv nan fanmi ki gen resous ki tonbe anba nivo TCES la.

Mwatye tout

fanmi ki gen de adilt ki gen mwens pase 65 an ak de timoun manke resous pou kouvri depans yo.

Plis pase 80%

moun nan fanmi ak yon sèl paran tonbe anba nivo TCES la.

Karanntwa milyon

timoun ap grandi nan kay ki pa kapab ekonomize lajan chak mwa regilyèman.

TCES kounye a ap itilize pa desidè politik yo ak enfliansè yo pou enfòme ak fòme diskou piblik la ak fason yo fè politik nan tout nivo gouvènman an. Avèk tan, akimilasyon ak itilizasyon plis done TCES ap ede mennen chanjman nan sistèm yo pou benefis timoun yo ak fanmi yo nan tout peyi a.

Pou aprann plis sou dekouvèt yo – ak kijan sa afekte timoun yo ak fanmi yo – vin jwenn FPWA ak WKKF pou yon seminè vityèl ki rele “Mezi Vrè Kou Sekirite Ekonomik: Mezire Sa ki Nesesè pou Timoun Pwospere.” (“The True Cost of Economic Security: Measuring What it Takes for Children to Thrive.”) nan 16 Septanm a 1pm ET. Vizite nationaltruecostofliving.org pou aprann plis.

Every Child Thrives
To support lasting, transformational change so every child can thrive, we recognize that children live in families and families live in communities. Every Child Thrives, powered by the W.K. Kellogg Foundation, shares the real-life experiences and knowledge of communities mobilizing for a brighter and equitable future.

    Jistis pou tout moun: Anndan mouvman Amerik la pou mete fen nan povrete

    Previous article

    Sistèm badj inovatè Mississippi a gen pou objaktif pou “amelyore” kalite gadri timoun yo

    Next article

    Comments

    Comments are closed.