This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)
Nan dat 18 me, n ap fete jounen nan ane 1803 lè yo te kreye premye drapo Ayiti a. Peyi a te toujou anba dominasyon fransè, men twoup revolisyonè yo te bezwen yon drapo pou flote pandan yo t ap mache sou kote ki se kapital peyi a kounye a, Pòtoprens. Nan mwens pase huit (8) mwa pita, nan dat 1ye janvye 1804, endepandans te deklare, sa ki te fè Ayiti vin premye repiblik moun nwa endepandan nan lemond.
Jodi a, apre plis pase de (2) syèk, Ayisyen toujou ap goumen pou otonomi sou anpil chan batay. Yon fwon se agrikilti, yon manèt endispansab pou re-manbre ekonomi riral. Pandan anpil ane, pwodiksyon ak mache lokal yo vin febli akòz politik komèsyal rejyonal ak èd alimantè ki anvayi Ayiti ak manje gratis osinon enpò bon mache malgre konsekans devastatè yo sou ekonomi lokal yo, kiltivatè yo ak fanmi yo.
Erezman, yon kantite òganizasyon k ap grandi ofi-amezi nan plizyè sektè an Ayiti ap travay pou re-manbre ekonomi riral yo atravè ranfòsman pwodiksyon lokal, chèn valè ak mache lokal yo –tout sa pou ogmante revni fanmi yo epi pou bay timoun ki nan nesesite yo manje lokal. Yon nouvo fòs pou souverènte pwodiksyon, sistèm alimantè Ayisyen ak devlòpman ekonomik zòn riral yo se yon òganizasyon 14 manm, Alyans pou Pwodiksyon Lokal, Haiti Food Systems Alliance. Alyans sa a ankouraje ak pwomouvwa efò lak lidèchip okal nan agrikilti, sante, edikasyon timoun ak siperyè, rechèch, ak devlopman ekonomik. Plizyè nan yo te kolabore pandan plizyè ane, ansanm ak WKKF, pou bati baz pou Alyans lan.
Tanpri pran plezi ou avèk bèl videyo Fèt Drapo sa yo ke nou pataje pou premye fwa ak patnè nan rezo aprantisaj nou an nan konferans nou an nan dat 18 me 2021.
Comments