This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

EDITORYAL SOU LIDÈCHIP

MOMAN AN SE KOUNYE A

La June Montgomery Tabron – Prezidan ak Direktè Jeneral
Todos hemos dicho y escuchado esto antes, pero sinceramente creo que este momento es diferente.

Poukisa?

Evènman de (2) dènye lane yo klere je nou sou inegalite pwofon ki genyen yon fason ineran nan sistèm ak enfrastrikti nou yo. Mond lan ap lite ak yon konsiderasyon rasyal epi li te temwen enpak divizyon sosyal ak ekonomik yo genyen ak fason yo menase kominote yo, menm demokrasi a.

Ta sanble tou ke gen yon gwo revèy k ap fèt. Nou wè plizyè deklarasyon ki soti nan divès sektè ak endistri – òganizasyon ki pa travay pou pwofi, fondasyon, antrepriz ak òganis gouvènmantal – ki lanse apèl pou lite kont inegalite rasyal sa yo ki egziste depi lontan, ki demaske, k ap anpwazonnen sistèm, estrikti ak kominote nou yo.

Kounye a se moman pou nou kite deklarasyon yo dèyè. Sistèm sa yo gen yon enpak sou nou tout, pitit nou, fanmi nou ak kominote yo. Solisyon yo ap nesesite patisipasyon nou tout.

Kounye a se moman pou nou rekable sistèm nou yo pou nou vreman manifeste ekite rasyal la. Pou tout timoun ka pwospere, fanmi yo dwe kapab reponn ak bezwen yo. Kominote kote yo rete yo ak lekòl yo frekante yo dwe kote ki sekirize ki plen ak opòtinite pou yo grandi epi reyalize rèv yo. Pitit nou yo ak fanmi nou yo mande pou nou fè bagay yo kòrèkteman.

Kounye a se moman pou nou aji epi reflechi yon fason diferan. Nan filantwopi a, nou dwe fè chanjman an pou nou soti nan jwe wòl “donatè” pou nou vin tounen “aktè.” Apre pandemi an, benefisyè nou yo, kominote nou yo ak òganizasyon patnè nou yo ap bezwen ranfòsman pou yo ka reyimajine epi rekonstwi sistèm ki santre sou ekite rasyal yo. Yo gen lidèchip, konesans ak detèminasyon ki nesesè pou fè kominote yo avanse; filantwopi a dwe yon patnè katalizè nan pwosesis sa a.

Kounye a se moman pou nou fè youn lòt pran responsabilite yo. Mwen jwenn ankourajman nan fason ke nan peyi Etazini, gouvènman federal la ak sektè prive a – ki gen ladan yo, antrepriz yo ak envestisè yo – ap mete tèt yo nan wotè sitiyasyon an epi pran angajman pou ekite rasyal la. Sepandan, sa pa ka jis yon epizòd. Li dwe yon efò dirab. Gen plizyè bilyon dola – piblik ak prive – k ap sikile sou mache a la a. Nou paka pèmèt ke resous sa yo resikle pou sipòte kèk moun olye ke se tout moun yo sipòte. Desizyon nou pran yo, politik nou enstitye yo ak resous nou envesti nan moun yo ap gen enpak sou sò peyi nou an pou dizèn lane k ap vini yo. Avni pitit nou yo depannde aksyon nou jodi a.

Kounye a se moman pou nou koute kominote nou yo. Nouvo platfòm narasyon nou an, Tout Timoun Ap Pwospere, pwopoze plizyè istwa benefisyè sou efò enspiran ke kominote a dirije ki ankre nan solidarite. Kisa efò sa yo genyen kòm eleman komen? Yo reprezante angajman odasye ki fèt nan non timoun yo ak fanmi yo. Pa egzanp:
  • Nan New Mexico, dekouvri jan patenarya piblik-prive Partnership for Community Action nan (Patenarya pou Aksyon Kominotè) ap pote plizyè santèn travay nan kè Vale Sid Albuquerque a – nan yon efò odasye pou devlope kapital ekonomik ak imen rejyon an.

  • Dekouvri yon egzanp sou fason envestisman entelijan, alontèm ki fèt Ayiti rantab nan lavi yo sove yo ak yon fondasyon yo kreye pou chanjman sistemik.

  • Li pou wè jan RISE-Colorado abòde paran yo, pwofesè yo ak elèv yo pou kreye yon pwogram reyentegrasyon pou elèv k ap retounen nan lekòl yo epi òganize l pou l siviv nan mitan pandemi an ki la toujou.

  • N ap sipòte òganizasyon inovan esansyèlman lokal yo ki depase kapasite yo, nan demokratize enfòmasyon yo pou pètibe sistèm yo ak inegalite rasyal yo pou asire ke tout timoun yo ak tout fanmi yo gen aksè ekitab ak vaksen yo.

Kounye a se pa lemoman pou n abandone. Pa gen okenn fason pou travay sa a fasil. Si nou vle fè fas ak pwoblèm sa yo, si nou vle se nou ki se jenerasyon k ap simonte yo a, nou dwe ajil epi adapte ak moman an epi rann li yon mouvman kote tout timoun pwospere.

Odasye vle di pa rete tann, se pataje sa n ap aprann, ofiramezi n ap aprann li. Nou pran yon angajman ak nouvo platfòm narasyon sa a pou pataje sa n ap aprann nan men benefisyè nou yo pandan n ap aprann yo pou lòt yo ka jwenn enspirasyon nan sa ki fonksyone yo pou fè lide sa yo evolye atravè kominote yo. W ap wè jan benefisyè nou yo ap fè ekite rasyal la avanse chak jou nan efò yo pou yo asire timoun yo ap pwospere, fanmi yo ap travay epi kominote yo ekitab.

Yon fwa, fondatè nou an, Will Keith Kellogg, te mande tèt li ki difikilte ki genyen nan cheminman paran k ap chèche èd pou pitit yo lè gen katastwòf. Li te pran rezolisyon pou l bay timoun sa yo tout èd li te kapab.

Nou rive nan moman advèsite ekstrèm sa a. Bezwen fanmi nou yo ak timoun nou yo pat janm anpil konsa. Lè nou kanpe ansanm nan solidarite epi sipòte youn lòt ak pwoblèm komen nou yo, nou pi pre kreye mond ke nou tout espere genyen an, kote tout timoun pwospere. M ap envite w pou mete ansanm avèk nou.