Angajman KominotèSante

Pou l vin Yon rivyè k ap bay sa k nesesè sou wout li

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Chiapas se youn nan eta ki gen plis resous dlo dous nan Meksik, epoutan, abitan yo pa gen dlo tiyo lakay yo. Anpil kominote, ki gen fanm k ap dirige yo ak èd lòt òganizasyon, te kòmanse demach pou asire moun gen aksè ak dwa sa a. Yo vle pou dlo a koule e pou l reponn ak bezwen kay yo ak kay vwazen yo.

Gen yon gwo rezèvwa ki gen yon tiyo nwa ki konekte ladan l ki chita sou tèt yon mòn, ki se kote ki pi wo nan kominote La Unión nan. “Ti tiyo nwa” a, jan abitan yo rele l la, desann sot nan rezèvwa a pou bay lekòl segondè a distans lan dlo, kote dlo a soti pou yo voye l nan kèk kay. Apresa, dlo a pase nan zòn lekòl elemantè a, kote yo voye dlo a nan plis rezèvwa, epi kontinye pou l al nan lòt kay pou yo bay plis dlo. Tiyo a kontinye jiskaske l rive lakay María Luisa Gómez-Pérez, kote l mete dlo a nan yon sitèn, e se la dlo a soti pou Gómez-Pérez lave asyèt, fè manje e pou li menm ak fanmi l benyen.

Ti tiyo nwa a ap kontinye pwolonje sou wout wòch la pandan sezon sechrès, nan labou lè se sezon lapli, pa anba, pa anba nèt, arebò montay ki chaje ak lavèdi, pandan timoun yo ap kouri ak jwe, medam yo k ap fè elvaj poul, ak mesye yo k ap travay nan chan mayi jiskaske l rive nan wout li pou l distribiye dlo a, menm si se yon tikras sèlman, nan pifò kay ki nan La Unión.

Kèk ane de sla, dlo nan kominote sa a pa t sot nan tiyo sa a. Se medam yo, tankou Gómez-Pérez ak timoun yo ki te konn bwote l, ki te konn mache ale tounen pandan de jiska twazèdtan ale-tounen ant lakay yo ak sous dlo a. “Nou te konn bwote dlo epi nou te konn tonbe malad ak fatig,” Gómez-Pérez di, yon fanm nan karantèn li ak yon souri sou vizaj li epi, ki byen janti.

La Unión se yon kominote Otoktòn ki twouve l nan ti komin ki rele Sitalá, nan Chiapas, kote gen 600 moun k ap viv nan 150 kay. Fanm nan kominote sa a, ki jwenn ankourajman nan men Gómez-Pérez, te enstale tiyo ki voye dlo a tanzantan chak de jou. Dlo a rive nan 135 kay ki te dakò pou antre nan komite jesyon dlo a nan kominote a – kay ki chita nan montay la ki antoure ak vèdi poutèt lapli pandan ete a. Ak tout vèdi sa a, li difisil pou w kwè moun jwenn tout difikilte sa a pou gen aksè ak dlo.

La Unión se youn nan 120 kominote Sitalá, ki nan Chiapas, kote moun nan kominote a te travay pou yo gen aksè ak dlo, san èd otorite nan zòn nan, yo rive jere ak konstwi sistèm idwolik pou rive nan tout kay yo.

“Jiskounye a toujou gen moun k ap bwote dlo nan karaf ak bokit paske nou pa gen dlo a 100% nan tout kay yo,” Gómez-Pérez di, pandan l t ap ofri nou dlo fre ki gen sitwon ladan l. Li di: “se yon bagay mwen pa fin gen la.” Li se yon moun ki fò nan fè konvèsasyon pandan l ap fè moun ri, sa ki fè li pi fasil pou pale sou sijè ki pi difisil yo, e li gen yon souri ki enspire konfyans. Se konsa l fè vwazen l yo vote pou li, pou l te ka vin nan tèt Komite La Unión. Komite yo se òganizasyon kominotè ki ede nou jwenn enfrastrikti nou bezwen pou fè dlo antre nan kay moun ki abite nan zòn nan. Lalwa bay otorite minisipal yo responsabilite pou yo kreye sistèm irigasyon nan kominote nan zòn riral yo, men an jeneral yo reponn ak bezwen ki gen nan sant komin nan epi yo kite kominote tankou La Unión pou yo degaje yo.

Nan pozisyon l ye a, Gómez-Pérez, ansanm ak vwazen nan La Unión yo, te rive fè otorite nan komin nan enstale koneksyon tiyo nwa ki travèse tout vil la. Sa pa t fasil; yo te oblije aprann òganize, sa te pran yo prèske kat lane, met sou konvèsasyon ak lòt komite jesyon dlo nan kominote tankou pa yo a. “Anvan sa, nou pa t konn dwa nou antanke kominote, antanke kominote otoktòn, men piske kounye a nou fè atelye ak seyans fòmasyon, nou konnen dwa lòm genyen pou yo gen aksè ak dlo fè pati dwa nou antanke moun, e nou ta renmen kontinye aprann pou nou ka gen dlo nan chak kay,” Gómez-Pérez te kontinye konsa. Se pa sèl ini pwoblèm dlo a ini kominote a; sa fè fanm ki nan kominote a vin gen kran pou yo pale, daprè Eira Yanice Vasquez García, yon direktè ak pwofesè nan lekòl segondè adistans nan La Unión. “Mwen…renmen lefètke yo pa janm bouke envite lòt fanmi, pale ak fanm yo, di yo pou yo ale, pale, patisipe,” se sa l di, “paske pawòl fanm nan zòn lan pa konte.”

Anplis distribisyon dlo a, yo dwe pwoteje sous kote yo pran l lan. Se yon pi ki twouve l nan yon jaden prive ki na youn bon anplasman ki ranpli sitèn nan. Pou al ladan l, komite a peye ak travay nan jaden an. Se pou sa rèv yo se pou yo achte l, pou yo ka pwoteje pi a. “Nan atik Konstitisyon [Meksik la], yo pa priyorize asosyasyon komite yo. Nou ta renmen pou yo mete nou ladan l pou yo ka rekonèt nou,” Gómez-Pérez di.

Fason Gómez-Pérez pale fè fanm nan kominote l la vin fè l konfyans, e yon ti tan annapre, fanm ki nan 28 lòt kominote tankou pa l la te vin fè l konfyans tou ; yo te òganize yo nan Association of Water Boards of the Municipality of Sitalá (APAMS) e yo te mande l pou l dirije l. Li di: “Se yon gwo responsabilite; nou dwe wè travay kominote a fè nou konfyans pou yo ba nou fè a ap fèt vre… Sa vle di mache, frape pòt; sa vle di eseye asire nou gen dlo nan chak kominote.”

María Luisa Gómez-Pérez te konstwi yon teras ki kouvri lakay li, kote l rankontre vwazen yo pou òganize ak jere kantite dlo ki nan kominote yo a. Pafwa, nou fè rankont yo a 2 p.m., e gen anpil fanm ki kite lakay yo san yo pa bay mari yo manje pou yo ka vini.

Defi APAMS se pou kreye yon ekip nan tèt ansanm pou mande komin nan dwa pou aksè ak dlo. Vizyon yo, si se pa sistèm dlo tankou sa k nan vil yo, omwen pou gen yon sistèm pou kenbe dlo lapli. “Bagay la se pou nou gen detèminasyon pou jwenn dlo, petèt pa tèlman pou nou, men pou timoun k ap vini yo,” Gómez-Pérez di. “Pou nou wè sa nou kite pou yo alavni pou yo pa soufri paske yo pa gen ase dlo.”

Pou vin yon rivyè

Pou kominote elwaye yo gen aksè ak dlo, òganizasyon ki rele Cántaro Azul, Fondo Para la Paz, ak Fundación Avina ap fè pwomosyon pou òganizasyon kominotè pandan prèske ven lane. Youn nan kalite òganizasyon sa yo se komite k ap jere dlo, tankou sa ki nan La Unión. Nan lòt kominote yo, yo rele sa yo “konsèy kominotè” oswa “komite jesyon dlo.” Tout antite sa yo endepandan, epi yo tout ap chèche dlo pou zòn pa yo. Pafwa, jan sa ye pou La Unión, sistèm dlo a se yon gwo rezèvwa ak yon koneksyon tiyo. Nan lòt kominote, sistèm yo se ponp ki mennen dlo a sot nan pi pou y al nan rezèvwa epi yo itilize tiyo PVC oswa lòt materyèl. Nan kèk sitiyasyon, sistèm sa yo se sèlman rezèvwa dlo lapli ak sistèm tretman dlo.

Sistèm dlo nan kominote a ka gen eleman tankou rezèvwa dlo ak filtè. Materyèl ak sistèm sa yo baze sou bezwen kominotè.

Tèt ansanm nan kominote, se sekrè pou gen aksè a dlo. Dapre sa Fermín Reygadas, direktè Cántaro Azul, di, òganizasyon yo rele sa “tèt ansanm.” APAMS, ki gen Gómez-Pérez k ap dirije l, se yon egzanp tèt ansanm, yon ekip ki ini ki pèmèt plizyè kominote mete vwa yo ansanm ak otorite nan komin nan, ki ka pa okipe yon grenn kominote, men ki pa ka pa inyore 28. Sa te ede yo rive fè gouvènman an apwouve yon bidjè pou enstale rezèvwa ak tiyo, tankou sa ki nan La Unión yo. Batay APAMS ap mennen pou aksè dlo a pa sèlman yon kesyon materyèl, men se yon dwa ki gen plis enpòtans e ki gen ladan l aksè ak yon kantite dlo pwòp, ki potab ase pou reponn ak bezwen moun yo ak fanmi yo. Men sa Reygadas di: “Menmsi otorite komin nan pa gen kapasite pou bay sèvis dlo nan kominote yo, yo ta dwe omwen fasilite komite jesyon dlo yo pou fè yo fonksyone.”

Se batay sa a APAMS ak lòt kominote nan Chiapas, tankou San Isidro ak Montebello ap mennen jounen jodi a, nan minisipalite Berriozábal.

Alyans ki ouvri wobinèt yo

Plis pase 50 kilomèt distans parapò ak La Unión, nan minisipalite Berriozábal, w ap jwenn San Isidro, ki se yon kominote ki gen imigran anndan peyi a, ki pandan omwen 30 lane, ap chèche yon kote ki pa chè pou yo viv toupre Tuxtla Gutierrez, ki kòmanse vin yon pi gwo vil.

Sandra Elena Cruz Domínguez ak Esther Arangoa te vin viv San Isidro sa gen kèk ane. Tikras pa ti kras, yo te vin enplike nan travay k ap fèt nan kominote a, sa gen ladan l sa ki gen rapò ak kesyon dlo a. Apre yon tan, yo te vote Cruz Domínguez prezidan youn lokal ejido (tè yo travay nan yon sistèm kominal nan Omeksik). Li pa t ka kwè sa a. Anvan sa a, lòt moun, tankou mari l, te konseye l pou l pa aksepte. “Ou pa konn nan ki pwoblèm w ap met tèt ou la a,” li te avèti l. Cruz Domínguez te gentan gen responsabilite nan komite jesyon dlo nan vil la, e l te vle ajoute eksperyans sa a ak nouvo pozisyon l lan nan avantaj kominote a.

Sistèm dlo nan San Isidro a sot nan yon pi ki antoure ak pyebwa siprè ki la depi plizyè santèn ane; Sandra Elena Cruz Domínguez ak Esther responsab pou yo asire yo l ap byen mache.

Pandan lontan, komite kesyon dlo a ak prezidan byen nan komin San Isidro yo te travay apa, men lè Sandra te vin prezidan, li te mande Arangoa, ki alatèt komite jesyon dlo a, pou l travay avè l. Anvan kolaborasyon sa a, yo te konn ponpe dlo a sot nan yon pi pou voye l nan yon rezèvwa ki sou tèt yon mòn ki toupre kominote a e l te rive nan kay yo kèk jou pa semèn sèlman pa mwayen yon tiyo PVC. Grasa yon ti fòmasyon teknik Cántaro Azul te bay, yo te rive jwenn dlo chak jou e yo te met yon sistèm sou pye tou pou yo te kolekte frè pou sèvis dlo a: 50 peso chak mwa pou chak kay, e sa te ba yo finansman pou lòt pwojè dlo.

“Nou vle moun yo konnen itilizasyon dlo yo ak òganizasyon ki dèyè l, pou yo ka santi responsabilite pou yo peye pou tout bagay sa yo moun k ap itilize l la pa wè. Cruz Domínguez di: “Yo pa konprann travay k ap fèt pou yo gen dlo bon kalite ki antre lakay yo.” Pwogrè Cruz Domínguez ak Arangoa fè nan jesyon dlo a fè yo jwenn yon prim ki soti nan youn nan òganizasyon k ap soutni yo a. Ak lajan sa a, yo te enstale pano solè, sa ki fè yo diminye nan kantite lajan y ap peye pou kouran ponp lan itilize pou pran dlo a sot nan pi a pou monte nan rezèvwa a, ki desann de 3,000 peso a 1,800 peso. Pwochen etap la se pral ranplase rezèvwa ki fèt ak wòch ki ranmase dlo a, ki sou yon teren prive menm jan ak nan La Unión. Yon rezèvwa ki fèt ann asye ki pa anlè nèt ap vle di yon pi bon materyèl pou dlo a e se ap solisyon pou yon pwojè teras ak jaden lokal Cruz Domínguez ak Arangoa imajine. Menm si l se yon ejido, pa prèske gen pèsonn nan San Isidro ki travay latè akoz kondisyon topografik la. Menm pou yo jwenn yon piman pike, yo dwe al achte l nan yon lòt kominote. Gwo dal wòch ki anba ti kouch tè a anpeche jaden yo pouse. Pou yo rezoud pwoblèm sa a, Cruz Domínguez ak Arangoa fè entèlijans yo travay. Grasa ti plantasyon apa yo prepare ki gen angrè sèvant nan San Isidro yo prepare, Cruz Domínguez, Arangoa ak lòt medam ki nan ejido yo te gentan degaje yo pou yo rekòlte leti, wòkèt, epazòt, radi, piman pike, manyòk, yanm ak kawòt. Ni rezèvwa a, ni ti plantasyon apa yo bezwen yon sistèm rekòt ki fonksyone ak sistèm yo fè pou ranmase dlo lapli, yo te gentan prepare.

Tè San Isidro a fè l difisil pou yo rekòlte plantasyon, men ak entèlijans ak devouman, Sandra Elena Cruz Domínguez ak Esther Arangoa te rive kreye ti plantasyon apa ki t ap ka yon sous pou pèmèt yo menm ak vwazen yo siviv.

Volonte dlo ki kraze wòch yo

Toupre San Isidro, ki a yon distans inèdtan kondi, w ap jwenn Montebello, yon kominote twa fanmi te kreye, ki te bati kay sou yon dal wòch sa gen 30 lane. Menm si wòch yo twouve yo sou basen dlo ki anba tè a, yo tèlman di, kraze yo pou jwenn dlo se yon bagay ki chè anpil e s apa vo lapèn.

Glady Janeth de la Cruz Domínguez se yon manm nan premye jenerasyon ki te fèt nan zòn sa yo. Depi lè fanmi l te vin pou premye fwa nan teren ki gen wòch sa yo nan kòmansman ane 1990 yo, pwoblèm dlo a te toujou egziste. A lepòk, manman l ak papa l te konn plante ak vann militon pou yo te ka bati yon sitèn ki menm gwosè ak kay yo, e yo te konn ranpli l ak dlo lapli. Janeth de la Cruz ap travay tou pou l bay pitit li yo aksè a dlo. Se pou sa l te antre nan kominote brigad dlo a, ki se yon pwojè komite k ap Jere Dlo nan Berriozábal. Komite K ap Dirije a gen menm responsabilite ak Komite Asosyasyon nan Sitalá, eksepte ke komite sa a fè pati otorite nan komin nan e l gen reprezantan ki sot nan kominote yo.

Glady Janeth de la Cruz Domínguez mache sou teren ki gen wòch Montebello a, kote l te fèt la ak kote, depi l te kreye a, pa t janm gen ase dlo paske pa gen ase pi ak sous ki toupre.

Se la l te gen responsabilite pou l reprezante, non sèlman kominote l la, men sèt lòt pou l sipèvize bezwen yo gen nan kesyon dlo. Nan pozisyon sa a, li te ka ranmase, filtre ak pirifye sistèm dlo, ansanm ak nouvo sitèn ak rezèvwa. Nan prentan 2023, Janeth de la Cruz t al nan Asanble Jeneral Nasyonzini an nan Nouyòk pou l aprann konsènan pwoblèm dlo lòt kominote ap rankontre. Men sa l di: “Moun Amazon yo, ki se yon rivyè nan peyi Brezil, te fè m sezi anpil, lè yo te di izin yo anpwazonnen dlo kay yo, akoz pyebwa yo plede koupe epi dlo yo t ap retire. Yo te fè tout sa yo kapab pou yo batay pou yo defann dlo yo; yo te menm vle bay lavi yo pou defann dlo a. Sa te fè m tris anpil, men sa te enpresone m ak motive m anpil.”

Lè Janeth de la Cruz retounen Montebello, li pwofite premye lapli nan sezon an ki te finalman tonbe nan rezèvwa dlo fanmi l lan. Te gen yon lè, vil la te antoure ak pyebwa ak bèt, jagwa ak makak k ap fè bri, yo tout disparèt akoz pyebwa moun yo pa sispann koupe. Met sou dlo a, Janeth de la Cruz vle defann pyebwa yo paske, san yo, lapli p ap tonbe. Li tande pale de lòt gwoup tou tankou gwoup Cruz Domínguez ak pa Arangoa la, k ap ankouraje yon pi bon kalite lavi. Janeth de la Cruz jwenn enspirasyon nan men moun Amazon, La Unión ak San Isidro yo e sa fè l vle fè menm gwo enpak la nan Montebello.

Julieta Domínguez Pérez ranmase dlo lapli ane apre ane pou reponn ak bezwen l. Depi plizyè ane, Komite Jesyon Dlo nan Berriozábal ede l jwenn pi bon rezèvwa dlo ak aparèy pou l filtre ak pou l ka konsève plis ak pi bon dlo.

Kit yo rele asosyasyon dlo, komite k ap dirije, oswa komite, kominote ak òganizasyon k ap sipòte yo a gen menm defi a pou yo leve: pou rekonèt yo nan Konstitisyon Peyi Meksik. Pou sa rive fèt, yo te rankontre ak otorite nan eta, reprezantan lokal ak federal yo e menm Komisyon Nasyonal Jesyon Dlo a (antite administratif federal la). Jan bagay yo ye a, se komite lokal yo ki ede yo bay plizyè milye moun dlo gouvènman bliye, e si yo rekonèt yo nan konstitisyon an sa ap fasilite fonksyonman ak pwoliferasyon yo.

Menm jan ak dlo yon rivyè ki ogmante toutotan l ap desann, Gómez-Pérez, Cruz Domínguez, Arangoa ak Janeth de la Cruz, ki jwenn sipò fanm nan kominote yo, vle pou yo se yon rivyè k ap bay sa k nesesè sou pakou yo.

Foto ak videyo: Duilio Rodríguez

Comments

Comments are closed.