This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

TRANSPARANS

SELON CHIF YO

Don Williamson – Vis Prezidan Finans ak Trezorye

Avèk kloti ane fiskal la ki te fèt nan dat 31 out la, nou kontinye konstate difikilte boulvèsan ke benefisyè nou yo ak kominote yo ap eksperimante akoz pandemi an. Pou reponn ak demann sipò ijan yo, W.K. Kellogg Foundation Trust te rive emèt yon obligasyon sosyal $300 milyon nan mwa oktòb 2020 an pou ogmante vèsman anyèl nou an pou 50%, oswa $150 milyon, ni nan ane fiskal 2020/2021 an, ni nan ane fiskal 2021/2022 a. Vèsman ogmante sa a fèt anplis distribisyon obligatwa nou an, avèk objektif pou nou peye pwodi obligasyon sosyal la annantye rive 31 out 2022.

Dekouvri bezwen kominote nou yo

Annakò ak priyorite nou yo – timoun k ap pwospere, fanmi k ap travay, kominote ekitab – ak ADN nou an (angajman kominotè, lidèchip ak ekite rasyal), yo te bay fon peman elaji pou:
  • Inovasyon nan bon jan kalite edikasyon timoun piti, nan travay oswa ekite ekonomik ak ekite sante
  • Patenarya filantwopik pou rekonstwiksyon ak reyimajinasyon kominote a apre COVID-19
  • Sipòte moun ki nan enstitisyon oswa lidèchip ki sèvi moun koulè
  • Ekite rasyal ak gerizon rasyal, ki gen ladan chanjman naratif
  • Defann politik ak chanjman sistèm yo

Sa fè m plezi pou m anonse ke $232 milyon nan $300 milyon a te prèske angaje pou sipòte misyon nou pou timoun k ap pwospere, fanmi k ap travay epi kominote ekitab. Responsabilite fiskal kontinyèl nou ak jesyon sible risk mache a, ki gen ladan yo ajisteman pòtfèy prensipal aksyon Kellogg Company an, rete nan kè estrateji envestisman ak planifikasyon finansye nou an. Pòtfèy envestisman yo pou fondasyon an ak Fidisi a konbine te evalye pou $8.6 milya, pandan l ap ofri yon kouvèti ogmante pou depans nan sibvansyon yo, aktivite ki gen rapò ak pwogram nan, depans administrasyon yo ak enflasyon an.

Pòtfèy Envestisman ki Akse sou Misyon nou an ki evalye pou $107.2 milyon ekivalan kach, tit ak revni fiks epi souskripsyon prive, vize pou founi yon enpak sosyal pou sipòte misyon nou an, epi rive jwenn randman nan to mache a. Yon lòt zouti fondasyon an itilize pou sipòte atribisyon sibvansyon yo se envestisman ki gen rapò ak pwogram yo (PRI), ki se envestisman estratejik ki ale nan menm sans ak misyon nou an epi ki jeneralman pi ba pase prè bay òganizasyon yo oswa bay envestisman charitab yo nan to mache a. Apati 31 out 2021, fondasyon an te gen $37.7 milyonnan PRI nan bilan l.”

Pou ane fiskal la, fondasyon an te pran nouvo angajman pou sibvansyon ki te totalize plis pase $482 milyon , ki reprezante yon ogmantasyon enpòtan pou 91 pousan sou ane fiskal pase nou an.

Nan total sa a, prèske 55 pousan te ale pou lokalite priyoritè WKKF yo ki se Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans nan peyi Etazini epi sou plan entènasyonal nan sant ak sidwès Ayiti epi nan mòn Chiapas yo ak Penensil Yucatan nan peyi Meksik.

Administratè fondasyon an resevwa eta finansye 2 fwa chak mwa ak rapò sou reyalizasyon endikatè pèfòmans kle yo. Konsèy nou yo analize epi aksepte plan eksplwatasyon fiskal anyèl ke ekip jesyon an prepare yo. Ansanm konsèy administrasyon an analize epi aksepte rezilta egzaminasyon ke kontab endepandan yo ak biwo odit entèn fondasyon an realize yo. Mitchell Titus, LLP travay kòm kontab endepandan pou fondasyon an ak Fidisi a. Pou ekspètiz teknik sou taks, sèvis konsiltatif ak deklarasyon revni, se Crowe LLP fondasyon an ak Fidisi a itilize.

Se Mitchell Titus, LLP ki odite etadkont finansye W.K. Kellogg Foundation ak W.K. Kellogg Foundation Trust yo. Yon ansanm konplè eta finansye 2021 ki odite yo disponib pou telechajman epi 990-PF yo disponib tou sou wkkf.org.

ENVESTISMAN AK DEPANS KARITATIF

SIBVANSYON PA ZÒN PRIYORITÈ