This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

LIDÈCHIP EDITORIAL

Fè fonse

Celeste A. Clark – Prezidan Konsèy la

Otan de (2) lane ki sot pase yo te ka fè mal epi prezante gwo difikilte pou anpil moun, gen yon opòtinite ak responsabilite ki prezante devan nou.

Poukisa?

Nan moman an la a, kondisyon yo reyini devan nou pou nou kreye vre chanjman dirab. Aksyon ki pi odasye yo nesesè pou asire ke tout timoun pwospere.

Pandemi mondyal la demaske lakin masif epi pèsistan ki genyen nan estrikti sosyal, sanitè ak ekonomik nou yo. Avèk yon aksè ki pat janm genyen anvan ak enfòmasyon sou demand epi tansyon rasyal ki pa janm rezoud depi plizyè jenerasyon, divizyon ak twoub sivil nou te eksperimante yo te parèt ensimontab.

Poutan, nou dwe kenbe konviksyon fèm nan kwayans ke kominote yo konnen kisa ki pi bon pou pitit yo ka reyisi nan tout fasèt ak sezon nan lavi yo.

Li pat janm enpòtan jan l enpòtan jodi a pou nou rete fidèl ak vizyon e ak valè fondatè nou an, Will Keith Kellogg, epi ak objektif nou antanke fondasyon. Pou kòlèg mwen yo nan kominote filantwopik la, nou ka vreman reyalize kalite chanjman anpil nan nou espere a si nou travay ansanm. Sa ap pran fòm sèlman lè nou egzamine seryezman fason nou ranpli responsabilite fidisyè nou antanke administratè lè nou rive fè “tout” efò nou pou nou pran yon angajman konplè nan travay òganizasyon nou yo. Sa ap kòmanse ak yon konpreyansyon etablisman sa nou rele yon “anviwònman otorizasyon,” ki ranfòse lidèchip la nan tout òganizasyon yo pandan ke, nan menm moman an, li ankouraje vwa kritik lidè lokal yo pou rezoud pwoblèm kominote yo.

Nan kad apèsi anyèl nou an sou enpak ane pase a, n ap tande kòlèg administratè m yo k ap souliyen sèlman kèk egzanp inovan benefisyè nou yo ki te sezi okazyon an avèk odas epi ki te reponn ak yon seri bezwen kritik. Sa m ap swete ou remake se nan ki pwen chak nan istwa sa yo tèlman diferan epi diferans sa yo entansyonèl.

Nou pran enpòtans koute a seryezman, poutèt se nan koute priyorite yon kominote sèlman ke nou ka vreman sipòte solisyon ke kominote a mennen yo.

Pandan ke bezwen yo ak solisyon yo ap parèt diferan, fil kondiktè ki relye naratif sa yo se sipò enfayib nou pou mouvman odasye ki fonde sou ekite rasyal ak gerizon rasyal, angajman kominotè ak lidèchip (ADN nou).

Apwòch sa a gen rasin li nan lane 2007 lè konsèy Fondasyon Kellogg la te pran angajman pou l vin yon òganizasyon antirasis. Nan moman sa a, yo te konsidere l odasye e kouraje. Avèk sipò sa a, pèsonèl nou an ak patnè nou yo te gen konfyans ki nesesè a pou yo entansyonèl anpil nan travay nou an lè yo atake obstak prensipal la ak pwogrè ekitab la – rasis. Jodi a, nou kontinye sipòte apèl nou fè pou solisyon odasye yo nan plizyè fason epi atravè plizyè sektè:

  • Kòm repons ak pandemi COVID-19 la, nou te pran angajman pou ogmante vèsman nou an de apeprè 50% oswa 300 milyon dola adisyonèl sou de (2) lane fiskal. Pou jenere lajan sa a, nou te pran yon apwòch inovan epi nou te emèt yon obligasyon ki gen enpak sosyal. Sa te siyale bay benefisyè nou yo ak kominote nou yo ke nou te konprann kokennchenn difikilte yo te kontre yo epi nou te ajil pou reponn nan rit ki nesesè a nan moman nou pat janm viv anvan.
  • Sa pa gen lontan, nou te anonse dis finalis ki soti plizyè kote nan mond lan pou defi Ekite Rasyal 2030 nou an ki fèt pou ranfòse epi mete sou yon echèl lide pou yon chanjman transfòmatè. Repons la te enpresyonan, sa ki montre swaf kominote mondyal la pou akonpli ekite rasyal la kounye a. Nou pral bay senk pri pita nan ane sa a.
  • N ap pote ekspètiz nou nan ekite rasyal bay plis pase 50 antrepriz k ap patisipe nan pwogram Ekspansyon Ekite nou an epi lis fiti gwoup yo kontinye lonje. Antrepriz sa yo konprann ke enperatif komèsyal ak sosyal ki pou vin pi ekitab, divèsifye epi enklizif sou plan rasyal yo klè. Patisipan yo ap elimine obstak epi akselere aksyon pou ogmante reprezantasyon ak opòtinite epi pou kreye koneksyon ki pi pwofon ak yon kilti apatenans pou anplwaye nwa yo ki gen ladan l anplwa, pwomosyon ak retansyon divès talan.

Avèk yon kè ki byen plen epi anpil optimis, lè a rive pou m fè tranzisyon an nan sèvis mwen kòm prezidan konsèy, men m ap rete nan konsèy la pandan n ap travay ansanm pou akeyi tout sa ki gen pou vini yo. M ap swete kòlèg administratè a, Cathann Kress, byenvini kòm nouvo prezidan konsèy nou. Mwen konnen ke Doktè Kress santi gwo ijans misyon nou an epi ke li pral asosye l ak administratè nou yo ak pèsonèl ekselan nou an pou mennen fondasyon nou an nan nouvo somè.

Moman sa a pou fè yon entèvansyon epi aji avèk odas la posib sèlman poutèt vizyon orijinal Mesye Kellogg la. La a se moman pou transfòmasyon, pa pou fè plizyè ti chanjman. Aksyon sa a pa pou kè frajil yo. L ap mande gwo pa odasye, pa ti pa piti. Lidè yo dwe favorize yon anviwònman ki pèmèt inovasyon, kreyativite ak risk kalkile. Kite aksyon odasye vin tounen sa ki nòmal pou ou. Nan W.K. Kellogg Foundation, odas la nan ADN nou epi n ap fè efò pou entegre l nan aksyon kotidyen nou yo—nou espere w ap met ansanm ak nou nan optik sa a.