Angajman Kominotè

Sajès premye edikatè yo

0

This post is also available in: English (Angle) Español ( Panyòl)

Nan sezon otòn 2020, Village East Elementary School ki nan sistèm lekòl piblik Cherry Creek Colorado (Colorado’s Cherry Creek Public Schools), te planifye pou l fè timoun yo retounen lekòl an pèsòn. Direktris la, Madam Mia Robinson, te santi ke elèv li yo – 90% nan yo se timoun koulè – pa tap nan menm kondisyon ke yo te ye anvan vakans ete yo.

"Si pou nou gen siksè antanke edikatè, nou bezwen tounen al jwenn premye pwofesè elèv nou yo – paran yo."

“Nap viv nan peryòd pandemi COVID la e nan pandemi rasis la,” selon obsèvasyon Madam Robinson fè, “mwen te konnen nou te bezwen kòmanse lekòl nan fason ki diferan.”
Anplisde izolman ak byenneme yo pèdi poutèt COVID-19, anpil elèv te angaje nan premye pwotestasyon yo pandan sezon ete 2020 an. Timoun yo mete avèk paran yo pou yo pwoteste pou lavi yon jènjan nwa, Elijah McClain ki pèdi lavi l, ansanm ak fanmi li ki andèy. McClain pèdi lavi l nan yon echanj fatal avèk lapolis ki te arete li etan li soti nan yon episri pou l mache ale lakay li, byenke li pat komèt okenn krim.

Madam Robinson te pale ak RISE-Colorado, ki se yon benefisyè WKKF, pou repanse kijan pou li akeyi elèv yo – ki yomenm chanje pou tout tan – lè yap retounen nan etablisman lekòl la. RISE te konvoke paran, pwofesè ak elèv pou yo kreye yon pwogram pou elèv yo retounen, ki mete aksan sou byennèt sosyal ak emosyonèl. Lè lekòl relouvri, elèv yo fòtifye relasyon yo epi yo transfòme ansanm.

Yo te remake eksperyans la nan yon redaksyon ke yon elèv senkyèm ane te fè nan gradyasyon fen d’ane a:

(Ane sa a te) yon veritab montay ris. Nou soti nan senkyèm ane pou n antre nan yon mond ki nan fènwa kote yo pap bay limyè, kote nou santi lavi a kaba. Mwen pap janm bliye ane sa a kote nou tout te nan montay ris sa a.

 Sepandan sa a se yon nouvo chapit nan tout lavi nou pou n fè lavi vin pi miyò. Nou bay tèt nou kouraj pou n vin moun ki gen talan, ki bèl e ki entelijan e se sa nou yo vre. Mèsi poutèt nou se pi bon moun ki gen nan lemond.

Lefèt ke Madam Robinson te wè ke kominote lekòl li a te mete tèt ansanm nan yon ane difisil, sa te bay Robinson lespwa. “Fanmi nou yo reprezante yon egzanp eksepsyonèl ki reprezante yon gwoup miltirasyal, milti-etnik ki kowenside ann amoni. Si yo la a, se poutèt lanmou yo tout gen nan kè yo pou timoun yo.”

KOMINOTE GLOBAL NAN MITAN COLORADO

Cherry Creek ak Lekòl Piblik Aurora se distri lekòl ki vwazen nan zòn Aurora, Colorado.
“Vil Aurora se yon kou entansif sou sitwayen global. Se sa nap vin tounen onivo nasyonal,”selon Madam ELizabeth Casillas, ki se yon lidè paran e yon òganizatris nan kominote latino nan RISE. Fanmi ki ale lekòl nan Lekòl Piblik Aurora yo soti nan plis ke 130 peyi epi yo pale apeprè 160 lang. RISE sipòte fanmi nwa, Latino, Biman, Karen, Krenni ak Nepalè ki gen orijin Boutanè.
Aurora Public Schools students
Elèv Lekòl Piblik Aurora
Poutèt divèsite sa a, angajman paran yo vin pi kritik, selon chèf angajman kominotè a, Madam Ayde Avila.  “Etan 85% nan elèv nou yo se timoun koulè, plis ke 80% nan pwofesè yo se blan. Sistèm edikatif fanmi nou yo ap benefisye a pat kreye pou yo. Kit se telefòn selilè, machin ak tout lòt bagay, yo mete yo ajou; pagen mizajou pou sistèm lekòl yo. Fòk se yon bagay ki konplètman nouvo ki dwe fèt pou elèv nou yo pwospere, pou sistèm nan kapte e aktive entelijans elèv nou yo.”

"Fòk paran yo òganize yo pou yo ka ede kreye ansanm sistèm avèk lekòl ki pi ideyal pou sa yo bezwen."

SIVI OLISTIK, BYENNÈT MANTAL E FIZIK

Sepandan, nan pandemi sa a, “pou mande fanmi ranje sistèm lekòl la lè yo te santi ke yo te malpoli,” selon direktè estrateji gwoup RISE, Mesye Jocelyn Stephens. Donk, RISE vin chanje pou l adopte sa yo rele angajman paran global , oswa òganize pou siviv.
Chanjman sa a mande pou gen konvèsasyon ki fèt 2 fwa pa semèn ak fanmi yo pou yo ka byen konprann kisa yo bezwen epi pou jwenn mwayen pou ofri lajan kach dirèkteman pou ede yo ak lajan nan ka dijans. Nan prensip pou siviv la yo enkli swen mantal ak emosyonèl pou elèv yo.
Holistic family engagement goes virtual
Angajman fanmi global la vin vityèl
“Suisid te vin nan tèt anpil elèv ane sa a,”selon Casillas. “Te konn gen fanmi ki te oblije mennen pitit yo nan klinik pandan plizyè jou. Sou kesyon sante mantal la, paran yo vle pou lekòl la ba yo plis sipò. Lekòl yo gen yon sèl espesyalis nan sante mantal nan chak bilding – li pa ase pou sipòte tout elèv yo.” Distri Lekòl Piblik Aurora ak RISE koute sa paran yo di epi yo deside travay ansanm ak paran pou kreye yon pwogram sante emosyonèl e sosyal anjeneral pou tout elèv. Sepandan Mesye Stephens sonje ke enkyetid ki genyen pou sante manta la te la depi anvan pandemi a, “Gwoup lidè fanmi Latino a te konnen yo tap bezwen sa depi plizyè ane. Distri a kap kanpe kouneya ak paran yo se paske fanmi nou yo ap bouje, epi yo pale fò pou di sa yo vle. Se sa ki rive lè fanmi yo mete tèt ansanm pou kreye yon bagay ki ekitab. Se yon selebrasyon – yon bèl selebrasyon! Tankou grann mwen konn di, si se verite , se pa dyòlè.”

Altènativ ki konsantre sou moun alaplas prè predatè yo sipòte travayè ak fanmi yo

Previous article

Devlopman konfyans la ranfòse siksè vaksen an nan Biloxi

Next article

Comments

Comments are closed.