This post is also available in: English (Angle)

Fè pati de Pwogrè
ke Ayisyen ap Dirije

Pendan ke Ayisyen ap travay di nan tan imposib, Kisa nou ka fè?

Malgre yon advèsite ki enkwayab, òganizasyon lokal yo, jounen jodi a, ap konstwi yon avni ki miyò pou Haiti. Y ap transfòme resous filantwopik yo an travay tansfomatif nan kominote yo atravè peyi a.

Fè pati de Pwogrè ke Ayisyen ap Dirije

Pendan ke Ayisyen ap travay di nan tan imposib, Kisa nou ka fè?

Malgre yon advèsite ki enkwayab, òganizasyon lokal yo, jounen jodi a, ap konstwi yon avni ki miyò pou Haiti. Y ap transfòme resous filantwopik yo an travay tansfomatif nan kominote yo atravè peyi a.

Men Anpil, Chay Pa Lou

Many hands lighten the load

Jodi a, Ayiti ap sibi kriz ki konplike lavi kotidyen an nan tout peyi a. Epoutan, anpil lidè ak òganizasyon kominotè Ayisyen ap pèsevere. Sòti anba rive anwo, y ap ranfòse sistèm sante, edikasyon, ak ekonomi riral peyi a ak plis ke sa.

Play Video

Pockets of Hope

Pockets of Hope se yon kanpay W.K. Kellogg Foundation ak patnè finansye li yo pou ogmante envestisman nan inisyativ ke aktè lokal ap mennen yo epi k ap konstwi yon avni solid e ekitab pou timoun, fanmi ak kominote Ayisyen yo.

Bayèdefon entènasyonal yo gen yon chans pou yo fè yon diferans gras ak fòmasyon patenarya solidè ansanm ak òganizasyon Ayisyen k ap reyalize chanjman sistemik nan peyi yo.

Nan kolaborasyon ak patnè finansye eksepsyonèl nou yo epi benefisyè yo ann Ayiti, nou pral:

  • Prezante w istwa pwisan sou inisyativ revolisyonè ann Ayiti k ap devlope nan nivo lokal.
  • Pataje meyè pratik nan filantwopi ki baze sou patenarya otantik, angajman kominotè, lidèchip lokal, ak ekite, ak yon objektif pou chanjman sistemik.
  • Ini fòs ki pou optimize envestisman yo epi maksimize finansman potansyèl yo.

Aprann konnen sou kèk "pockets of hope" pwisan k ap vini ak chanjman sistemik ann Ayiti

Fondasyon W.K. Kellogg anonse angajman Pockets of Hope li sou sèn nan reyinyon Clinton Global Initiative 2023 nan vil Nouyòk! Jwenn plis enfòmasyon isit la.

Medya

PatnÉ Finansman Kanpay la

Garcelle Beauvais se manb Pockets of Hope

Tcheke diskisyon tab wonn sa a sou enpòtans chanje naratif sou Ayiti ak montre inisyativ ke ayisyen fè ak dirije. Wap jwenn pami moun kap patisipe nan konvèsasyon yo:

  • Garcelle Beauvais, aktè ak filantwopis Ayisyen-Ameriken
  • Michèle Duvivier Pierre-Louis, prezidan Fondasyon Konesans ak Libète, ki baze ann Ayiti, ak ansyen premye minis Ayisyen.
  • La June Montgomery Tabron, prezidan ak direktè jeneral Fondasyon W.K. Kellogg

Kanpay #HaitiPocketsOfHope pou Ayiti a te nan ESSENCE Festival of Culture™ prezante pa Coca-Cola® ane sa a!

Klike anba a pou aprann plis. Gade bèl rezime konklizyon tan nou an nan New Orleans oswa gade panèl nou an sou katalize envestisman nan inisyativ ayisyen dirije ak sipòte pockets of hope atravè Ayiti.

Epitou, ou ka li sou panèl dinamize nou an sou katalize envestisman nan inisyativ ayisyen dirije ak sipòte pòch espwa atravè Ayiti.

Ou prè pou fè yon diferans?

Enskri pou jwenn mizajou ak mwayen rapid pou envesti nan chanjman ayisyen ap antreprann.